About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Dosye près sou Ayiti

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Media Briefing Index

Moun leta pimpe tounen ak sa fanmi yo Deplase:
yon fenomèn migratwa ak yon pwoblèm sosyal
me 1999

Privat Precil, Jounalis, Avoka

Depi kèk tan anpil peyi nan karayib la tankou Ayiti, Jamayik, Repiblik Dominikèn elatriye ap fè faskare ak yon fenomèn k ap bay kè sote chak jou, sitou ak pakèt gwo boulvès peyi meriken ap fè nan lwa sou imigrasyon ak nan zafè regle koze ak moun ki an kontravansyon ak leta. Pou yo ka jwenn solisyon ak pwoblèm sosyal yo, sitou zak kriminèl ak anpil moun ki vle al viv lakay yo, otorite peyi ki pi endistriyalize yo tounen kont moun vini yo. Pou ti krik ti krak yo arete moun sa yo.

Otorite sa yo fè e defè nan regleman sou imigrasyon yo jan lide yo di yo. Sa pèmèt yo met deyò pa grenn osinon pa pakèt tout moun vini ki nan prizon lè yo fin pase tan yo nan prizon. Li konn rive ke travay sila fèt pi fasil ak paran moun vini yo ki konn vle pwoteje pitit yo kont kansè sosyal k ap ravaje peyi y ap viv la. Yo fè sak pi fasil pou yo a. Yo voye ti moun yo tounen nan peyi natifnatal yo.

Ti moun sa yo ki lage tankou grenn pwonmennen al gwosi bann ti atoufè peyi lakay yo. Moun yo pimpe tounen pou zak malonèt ak sa paran yo deplase yo pou yo ka pwoteje yo, tonbe nan yon tyouboum pèsonn pa ka konprann. Peyi kote yo voye yo a pa vle yo, paran kote yo desann pa kapab.

Pa gen anpil moun ki mande yo sa yo pot pou vann osinon sa k fè yo la. Sèlman yo vle lage tout chay sou do yo.

Fenomèn migratwa a: kòz depòtasyon yo.

Zafè depòtasyon an makònen seresere ak fenomèn migratwa a. Reta ekonomik peyi karayib yo fè anpil moun kouri pou move lavi pou y al chache lavi miyò lòt kote. Gen anpil moun tou ki vole pou pèsekisyon politik

Tout kouri sa yo konn kreye enstabilite nan zòn nan. Sa konn mete tou, gwo tansyon ant peyi vwazen, kòm solisyon, gen nan yo ki konn adopte politik mare ren nan zafè moun k ap vin lakay yo.

Kantite moun k ap viv nan lemonn ki te 3 bilyon nan lane 1960 pase nan 5.7 bilyon nan lane 1992. Nan lane 2002 l ap 8 bilyon, nan 2100 l ap 10 bilyon selon kèk kalkil. 85 pousan moun k ap viv sou tè a, ap viv nan peyi ki pa twò vanse. 1 Pandan kèk peyi bay zafè kontwòl popilasyon gwo enpòtans gen de lòt k ap pratike politik ki mele m.

Chanjman nan politik ale vini

Politik ale vini se yon bagay ki chanje toutan. Gendelè reskonsab peyi ki pi rich yo ankouraje ale vini an pou yo ka jwenn moun vin travay lakay yo. Lè sa a pa gen kè kase pou vwayaje nan peyi sila yo paske yo an demann. Men li konn rive tou yo chaje ak moun epi yo pa bezwen travayè. Lè sa a yo fèmen pòt epi yo fè yon jwèt tout ti vis tout ti chap ak moun ki vle vin lakay yo. Ou pa ka jwenn viza, yo pimpe ou tounen, yo depòte ou pa pakèt san rezon epi yo itilize lòt atifis pou yo rann la vi a enposib pou sa yo pa vle yo.

Youn nan zouti peyi devlope yo pi itilize se depòte moun ki legal nan peyi a, men si yo te kondane nan prizon pou yon ti bagay senèryen. Nouvo lwa ki fè tout moun met men nan tèt yo, se lwa antiteworis 1996 la. Lwa sila a pèmèt yo pimpe ou tounen nan peyi ou kèlkeswa ti fot ou te fè depi 20 tan.

Larry Rohter yon jounalis New York Times, pandan li t ap fè yon ti rale sou kouman lwa sila a se yon lwa manman pitit mare ren, te pale konsa : "Bout di ki nan lwa sila a fè yo kapab pimpe voye tounen yon ti valè moun, men ki enpòtan, alò si yo te ba yo chans yo ta kapab kèk sitwayen valab ki respekte lalwa." 2

Yo rele yo kareman san twòp mistè "moun yo pimpe tounen pou zak malonèt" ou "Criminal Deportees". Lòt kategori yo voye tounen yo pot non déplase. Nan bon brase lide ki jan nou ka pale de moun sa yo ?

Eske yo se malfèktè osinon yo se viktim Nouvèl òd Mondyal la?

Moun yo dépòté pou zak malonèt yo pa yon moun yo voye tounen paske li ta komèt krim nan peyi li epi gouvènman lakay li ta mande pou yo voye l tounen. Se pa nonplis yon moun yo rapatrye paske li t ap viv san papye nan yon peyi ki pa pa l. Li pa nonplis yon endezirab entènasyonal ki komèt zak teworis. Nan bon ti mamit, se yon rezidan ak bon jan papye ki kite peyi l depi l te jenn ti moun. Li adapte l nan peyi ki resevwa l la, li grandi ladan l tankou si li te natifnatal peyi sila a.

Men, si li fè yon bagay epi yo boukle li, yo pral sèvi ak kesyon li pa pitit natifnatal peyi sila a pou yo pimpe l voye tounen. Kèkfwa lajistis peyi sila a kapab di li se yon ti inonsan. Menm si tou yo konn fòse l di li koupab. Se yon sitiyasyon ki pral fasilite depòtasyon li. Men depi li gentan deyò li pa gen anpil chans pou li benefisye inosans li paske li p ap janm gen chans pou li tounen nan peyi kote yo te pimpe l tounen an.

Bò kote pa l, déplase ya se yon moun paran l voye tounen nan peyi l pou plizyè rezon. Youn nan yo, sèke yo vle pwoteje l pou l pa tonbe nan move zak. Li ka rive yo kontinye voye ti lajan pou l viv. Men li ka rive tou yo kite l soukont paran ki resevwa l la e ki li menm pa menm ka viv kòm sadwa.

Moun yo pimpe tounen ak moun yo deplase gen menm pwoblèm : yo pa gen fanmi estab, yo sonje lè yo t ap byenmenmen nan gwo vil peyi devlope yo epi yo sonje paran yo tou ki ret dèyè. Youn rekonèt lòt paske yo abiye menm fason osinon yo gen menm estil. Se sa ki fè yo konn mare sosis yo ansanm pou yo fòme yon ti gwoup tout moun ka rekonèt. Bagay sila bay dirijan peyi karayib yo gwo tèt chaje.

Yon fason pou diminye kantite moun nan pi gwo prizon ki egziste

Ka peyi meriken merite yon atansyon espesyal. Nan peyi sila a, chak 20 segond yo arete yon moun pou yon bagay ki gen pou l wè ak dwòg. Epi chak senmenn yo konstwi yon nouvo prizon pou yo ka met plis moun. Pou moman n ap pale a, se peyi Etazini ki gen pi plis moun nan prizon sou latè. Li depase menm valè moun ki te nan prizon nan Sidafrik sou rejim apataïd la ki te bay tout moun kè sote osinon sou ansyen rejim kominis peyi Larisi.

Dapre Goldberg ak Evans nan yon dokiman yo rele "Pandan n ap brase lide," 3 kantite moun ki nan prizon nan peyi meriken gwosi plis pase twa fwa lavalè nan 17 lane ki sot pase yo. Kantite a ki te senk san mil (500.000) nan lane 1980 vin nan 1.8 milyion nan lane 1997. Jounen jodi a gen plis pase senk milyon (5.000.000) moun ki oubyen nan prizon, oubyen yo an libète pwovizwa oubyen yo sou kontwòl sistèm kriminèl la.

Goldberg ak Evans esplike pi devan: "Lide pou yo kreye yon sosyete jan yo vle ya makònen ak sa yo rele globalizasyon kapital la. Gen anpil bagay ki fè nou sispèk sa: lagè fwad ki fini, chanjman ralasyon ant travay ak kapital nan nivo entènasyonal, ekonomi nasyonal yo k ap bese, diskriminasyon, wòl peyi meriken k ap fè sekirite toupatou, epi aktivite lajan ki sot nan komès dwòg la nan nivo entènasyonal ki vin met yon mache prese nan biznis prizon an."

Gwo jeretyen y ap fè nan zafè lacharite ak sèvis sosyal yo nan lane ki sot pase yo lakòz jenn moun yo pa jwenn sipò yo ta bezwen an. Gen yon relasyon dirèk ant koupi sa yo nan bidjè a ak kantite zak malonèt jenn moun yo ap komèt. Ak lwa tounèf yo Etazini ap kreye yo k ap ogmante kategori krim ki ka fè yo pimpe ou deyò epi k ap fè valè tan pou pase nan prizon vin pi plis, peyi meriken fin fou pou depòte moun yo pandan y ap fè plas nan prizon pou prizonye tounèf.

Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon meriken: yon enstitisyon byen manbre

Mwayen sèvis imigrasyon ak natiralizasyon meriken genyen pou l fonksyone se bagay moun pa wè fasil. Pou moman n ap pale a se biwo ki pi byen ekipe nan tout Etazini. 4 Li gen plis zam pase tout lòt sèvis yo, menm pase ladwann. Alòske y ap koupe sou lajan lòt biwo yo, se ogmante y ap ogmante lajan pou imigrasyon. Pa lontan yo te met 128.7 milyon dola vèt sou lajan yo te konn genyen an epi yo te anplwaye 1.400 nouvo moun espesyalman pou travay nan sèvis kenbe moun ak depòte yo tounen lakay.

Soukous bagay sila sou peyi karayib yo

Somè Karayib/Babad

Deklarasyon

Tèt ansanm pou Pwosperite ak Sekirite nan Karayib la, 10 me 1997

Seksyon 9.3 - 9.7 Depòtasyon moun k ap fè zak malonèt

Nou rekonèt dwa chak gouvènman pou yo fikse pozisyon yo sou zafè depòtasyon an selon dwa entènasyonal epi nou dakò pou:

9.3 Bay otorite yo enfômasyon davans sou tout malfèkè n ap pimpe voye tounen ;

9.4 Pou nou bay bon jan enfômasyon sou moun nou pral voye tounen;

9.5 Pou nou asite n anvan depòtasyon an, moun nou pral voye tounen an se sitwayen natif natal peyi ki pral resevwa l;

9.6 Pou nou pataje enfômasyon sou lòt sijè ki gen rapò ak depòtasyon an;

9.7 Pou nou travay pou nou ka amelyore kondisyon ki kab fasilite moun nap depòte a jwenn zafè li nan peyi ki pral voyel tounen an.

Nou pran nòt ke Etatzini vle ofri assistans teknik li epi pou l etabli yon sistèm libète ak kondisyion epi pou l kontwole.

Nan yon kondisyon parèy, anpil peyi nan karayib la tankou Repiblik Dominikèn, Salvadò, Jamayik ak Ayiti soufri move soukous pwoblèm sosyal k ap sakaje peyi meriken.

Dapre New York Times 5 gen 300.000 moun vini peyi meriken te pimpe nan lòt zòn pou plizyè rezon (move zak osinon lòt bagay) 2 zan apre lwa 1996 la te fin soti. Nan kantite sa a 106 .000 te gen kondanasyon pou zak kriminèl nan lane 1998. Sa te reprezante yon ogmantasyon de 52 pousan lè ou pran 2 lòt ane ki te pase yo. Peyi ki te resevwa majorite moun sila yo se te Meksik, Salvadò, Ondiras, Dominikani, Jamayik, Kolonbi, Kanada ak Ekwatè.

Peyi karayib yo te estomake pou pakèt moun sa yo y ap voye ba yo konsa. Anpil ladan yo te itilize Karikòm pou fè tande vwa yo. Minis zafè lòt bò dlo peyi Trinidad ak Tobago, Mouche Ralph Maraj te deklare bay jounal Caribbean Week 6 "Yo pa janm bay avètisman lè y ap pimpe moun tounen". Yo voye moun yo ban nou brid sou kou. Selon Maraj toujou "Nou konsidere sa tankou yon pwoblèm serye paske depòtasyon yo ap fèt selon kapris meriken, yo pa ni planifye ni sipèvize pa gouvènman Karikòm yo."

Youn nan asistan minis la ajoute : "Bagay la sèke si ou fè yon bagay ozetazini epi ou se yon rezidan legal, kou ou fin fè penn prizon ou, y ap voye ou vini. Se pwoblèm sa a nou gen kote m ap pale avè ou la a."

Mouche Maraj mande tèt li kouman peyi Karikòm yo ap ka fè faskare ak sitiyasyon sila a. Li di : "Si menm gwo sistèm meriken an ki gen tout mwayen pa ka kontwole moun sa yo, kijan ti peyi karayib yo ap fè yo menm?"

Leve kanpe peyi Karikòm yo te menm fè gen yon akò 7 ant peyi sila yo ak Etazini. Yo te ekri dokiman sila a nan somè Karikòm lan ki te fèt Lababad. Prezidan Meriken an Bill Clinton ak prezidan ayisyen an Rene Preval (Gad nan ti bwat la pou nou ka li deklarasyon Babad la). Men jouk jounen jodi a peyi sila yo ap plenyen, meriken pa fè anyen pou l respekte angajman l. Bagay sila fè ti peyi yo sètoblije pran mezi ki vyole dwa fondal natal moun yo voye tounen yo.

Chart on Criminal Alien deportations from the US

Estatistik sa yo se: Office of policy and Planning, U.S. Immigration and Naturalization service ki bay yo.

Ayiti: yon ka espesyal

Malgre Ayiti pa gen anpil moun yo depòte lè ou konsidere lòt peyi yo (Gade nan bwat sou depòte kriminèl ki sot Ozetazini). Malgre sa, bagay sila bay mesye k ap okipe yo de sekirite piblik yo gwo tèt chaje. Avèk yon fòs polis ki poko gen twa (3) zan epi yon jistis k ap mache klopiklopan zafè sekirite piblik la bay gwo tèt chaje. Epitou otorite yo ap konbat trafik dwòg ki se youn nan bagay ki lakòz vyolans, ensekirite ak enstabilite nan peyi a.

Yon ti kout je sou move zak ayisyen yo komèt nan peyi meriken pou lane fiskal 1998 la (al gade tablo sou zafè depòtasyon kriminèl etranje sot ozetazini vin Ayiti , kantite akizasyon yo) moutre nou mwatye zak malonèt yo gen pou wè ak dwòg. Sa vle di tout ti mesye sa yo se pa ansasen yo ye. Sou yon total 202 zak malonèt, gen sèlman 3 ki se touye pa aksidan.

Criminal Alien Deportations from US to Haiti, Breakdown by criminal charge
Kantite depòtasyon an Ayiti pou lane fiskal: 202 an total (192 gason ak 10 femn). Estatistik sa yo se: Office of policy and Planning, U.S. Immigration and Naturalization Service ki bay yo.

Nan zafè kantite krim yo met sou kont depòte yo nan peyi Dayiti, Donna DeCesare nan chache zo nan kalalou pou atik jounal li t ap ekri pou "NACLA Rapport sur les Amériques", fè nou viv konvèsasyon li te gen ak yon polisye nan Site Solèy, pi gwo bidonvil ki nan zòn nò Pòtoprens te di l : "Baz Big up, pi gwo kan vòlè te deja ap feraye nan Site Solèy depi lè m te tou piti...Pa gen youn ladan yo ki konn vwayaje...Y ap frape nan Site Solèy epi ya l kache Dèlma...Yo gen konfyolo nan mitan bann ansasen peyi dAyiti, yo pa gen okenn rapò ak prizon meriken."

Menm polisye sila a di DeCesare : "Chèf ganstè moun pi konnen nan peyi a soti nan bann polisye yo revoke yo, ansyen tonton makout epi gwoup mafya k ap frape nan peyi a." 8

Ambasadè Kolin Granderson, ki se chèf MICIVIH yon misyon obsèvasyon OEA/ONU sou dwa moun nan peyi Dayiti, fè konnen kote dwòl bagay sila a, sèke : " yon kote ou gen meriken ki di li enterese nan estabilite peyi Dayiti epi lòt kote y ap vide yon seri de moun deranje ki pa gen anyen pou yo wè ak peyi sila ." 9

Ofisyèlman lòt peyi yo pa voye moun pimpe tounen yo nan prizon. Men chèf Ayiti yo pa wè l konsa. Yo fèmen gason nan prizon devan dèyè pou wè si yo ta ka jwenn solisyon nan zafè ensekirite a. Sa fè nèg ap fè nèg abi ale pou vini.

Istwa yon gwoup 38 gason yo te voye tounen nan peyi a nan dat 24 mas 1998 merite pou nou fè yon ti rale sou li. 10

Nan epòk sa a ekip ki plase pou pote prizonye yo te voye tounen nan peyi a 38 jenn gason. Kou yo met pye atè nan ayewopò entènasyonal Pòtoprens lan, tout moun, menm youn yo rele Nèlson Lwidye ki pat fè anyen, ki pat komèt okenn zak malonèt eke yo te pimpe tounen paske li pat gen bon jan papye, te anba kòd. Yo te voye yo nan penitansye nasyonal sou zòd Komisè gouvènman an, Mouche Jan Ogis Britis. Tout jounalis, tout moun ki nan lajistis, lapolis te envite pou te asiste gwo evènman sila 11 a Pandan plizyè mwa, moun ki reprezante depòte yo t ap frape tèt yo kont reskonsab lajistis yo. Malgre yon pwosedi espesyal yo te antame avèk sipò yon gwoup ki rele chans altènativ nan jou ki te 11 me 1998 devan reskonsab tribinal sivil Pòtoprens lan, anyen pat janm fèt.

Mwayen defans pou prizonye yo

Kèk atik ki ka aplike nan zafè depòte yo:

- Atik 26 Konstitisyon 1987 ki pale de legalite yon arestatsyon ak detansyon.

- Atik 30 Kòd Enstriksyion kriminèl: Komisè Gouvènman an intèwoje prevni a touswit lè yo mennen l ba li.

- Atik 35 Kôd Enstriksyon kriminèl kore ak yon arè Lakou Kasasyon nan dat 20 janvye 1920 ki deklare : 'Komisè Gouvènman an ap voyie brid soukou pwosevèbal, papye, ak tout sa li sezi bayJij Enstriksyon ...'

- Atik 14, paragraf 3 Pak Entènasyonal sou zafè dwa sivil ak politik Ayiti ratifye ki mande yon moun yo akize fèt pou jije touswit epi paragraf 7 atik 14 la deklare : ‘Yo pa ka pouswiv osinon pini pou yon zak li deja akite osinon kondane nan yon jijman definitif konfòmemen ak lwa ak pwosedi penal chak peyi'.

- Dekrè 26 jiyè 1979 ki fikse pou 90 jou osinon 3 mwa dèle Jij Enstriksyon an gen pou l fini ak tou bagay. Lè Komisè Gouvènman an resevwa yon dosye ki sot nan men Jij Enstriksyon an li gen twa (3) jou ki reprezante swasant douzè (72) pou li fè rekizitwa li.

Nan zafè sila pat gen tribinal ayisyen ki te konpetan pou tranche kesyon an. Paske mesye yo te gentan fè tan prizon yo Ozetazini.Epi dapre atik 14 Pak Entènasyonal sou zafè dwa sivil ak politik, Ayiti ratifye epi selon atik 49 "Yo pakab pouswiv osinon pini yon moun pou yon zak ke li peye deja pou li".

Pi lwen dapre atik 5 Kòd Enstriksyon kriminèl, Pou yo pouswiv nan peyi Dayiti yon krim ki fèt nan peyi etranje fòk kondisyon sa yo reyalize:

Fòk zak la se yon krim;

Fòk se yon Ayisyen ki te fè l;

Fòk gen yon Ayisyen ki te viktim;

Fòk moun yo akize a retounen nan peyi d Ayiti;

Fòk yo pot ko jije zak sila nan peyi etranje;

Anfen fò Ayisyen ki viktim nan pote plent.

Lè gen krim kont leta, foub nan fè lajan elatrye , y ap pouswiv Ayisyen sila kou yo met men sou li. Atik 7 kòd Enstriksyon Kriminèl la di : "Nenpòt Ayisyen ki ta komèt yon zak malonèt kont yon lòt Ayisyen nan peyi etranje ap jije lè l tounen pa bò isi, si yo pot ko fè sa nan peyi etranje epi si moun li te fè zak kont li an pote plent".

Men nan ka 38 prizonye yo, pa gen youn nan kondisyon sa yo ki ranpli. Pat gen plent epi moun yo arete yo te gen tan peye pou krim yo deja. Nou konprann lè otorite peyi Dayiti ap pran pokosyon ak moun y ap voye tounen yo sitou lè moun sa yo sot nan prizon pou move zak. Men fò yo konprann lè gen demann ki fèt epi gen enstitisyon ki pre pou l resevwa moun sa yo fòk yo konsidere sa. Sitou te gen plan reyensèsyon yo te bay ministè lajistis enfavè moun sa yo pandan 2 fwa.

Lè yo pat ka fè anyen ankò, Chans Altènatif te mande dwayen tribinal sivil la pou l te met moun sa yo an libète pwovizwa. Li te mande pou yo repase kondisyon yo te arete ak kenbe moun sa yo. Men fòk nou di bagay sa yo te twòp pou dwayen sila. Li te deklare tèt li enkonpetan.

Nan mitan mwa jiyè lane 1998, apre senk mwa prizon, yo te met moun yo an libète. Men pi gwo koze a ret san chanje: kilè reskonsab leta ayisyen ap pran reskonsablite l nan zafè depòte yo. Antouka, mete moun nan prizon se pa pi bon bagay la. Sou koze sa a, Direktè Kowalisyon Nasyonal pou dwa Ayisyen , Misye Pierre Lespèrance te di yon jounalis : "Ak zafè moun y ap voye tounen chak senmenn nan Kowalisyon nasyonal pou dwa moun mande gouvènman an pou li devlope yon plan ki ka fasilite entegrasyon sosyal moun sila yo epi ankouraje yo pou yo ka vin itil sosyete a, pase pou y ap vyole dwa fondalnatal yo ak privilèj konstitisyon an ba yo."

"Chans Alternativ"

Gen yon sware pou ranmase lajan pou pwogram lan ki te òganize. Nan sware sila, ekriven Ayisyien yo rele Edwidge Danticat te gen pou l li kèk pasaj nan yon liv li fenk pibliye, youn nan jenn gason ki nan pwojè a te pale ak piblik la konsa

"...Pwojè sila pèmèt mwen konsidere erè mwen ak pwoblèm mwen pou m ka rezoud yo ak yon fôs k ap pase nan negatif pou vin pozitiv san yo pa fòse m, men ak chwa pa m. ... Nan lide pa m Chans Altènativ pa ka chanje pèsonn men li ka ede moun ki vle avanse. Lè yo te depòte m an Ayiti sa pat fasil pou mwen. Moun ki te sipoze ede m yo pat fè sa.. Chans Alternativ te sévi m kòm pon ant kote m te grandi a ak kote m ap viv koulye a.. (Aubelin Jolicoeur, "Edwidge Danticat et Alternativ Chance de Michelle Karshan chez Dr. Jacques Bartoli," Le Nouvelliste, 10 Novan-m 1998, 20.)

Chans Altènativ te fonde nan lane 1996 pa yon dam yo rele Michelle Karshan, yon amerikèn k ap travay nan domèn dwa moun epi k ap viv nan peyi Dayiti pou kounye a. Te gen 4 depòte ak yon ti jenn gason paran te deplase ki te fonde gwoup sila avèk li. Manzè Karshan ki se direktris egzekitiv pwogram sila dekri li konsa: "Se yon pwogram entegrasyon pou moun Kanada ak Etazini depòte nan peyi d Ayiti pou move zak...Se premye pwojè reyensèsyon ki gen nan tout lamerik la. Nou bay asistans nou pou moun ki fèk vini yo. Anpil ladan yo kite peyi d Ayiti depi yo te ti katkat. Se yon travay ki fè anpil moun frikat."

Madam Karshan kontinye : "Bezwen preseprese nou se kay, manje, medikaman, konsèy sou dwòg, epi nou ta renmen aprann lang peyi a ak kèk teknik ki ta pèmèt nou viv. Gen yon lòt pwen enpòtan nan pogram lan. Se aspè oryentasyon an ki pèmèt nou pale de istwa Dayiti, peryòd antrede ki separe lame Dayiti ak nouvèl fòs polis la, ki jan gouvènman an ap feraye epi konstitisyon an. Kòm diplis, konseye yo pataje enfòmasyon sou kouman pou siviv epi pwoteje sante ou, poukisa ou pa dwe bwè dlo a epi kijan pou viv nan lapè epi pou kontan pa bò isit" 12

Nan lane 1997, Andrew Phillips ki se yon jounalis MACLEANS Magazine esplike ke : "Nan peyi Dayiti kèk depòte ap benefisye bagay yo pat janm seye okenn lòt kote: yon pwogram ki la pou ede yo fè faskare ak vi yo fenk ap mennen an epi pou yo pa lage kò yo nan move zak... Se pat fasil: 80 pousan moun p ap travay an Ayiti epi kèk ti travay ki genyen yo pa peye, lè ou konsidere kijan travay peye lòt kote..." 13

Otorite peyi Dayiti pa twò cho nan pwogram sila. Nan kòmansman gen kèk biwo tankou Depatman Lenteryè, Ministè Afè Sosyal, Ministè Jistis, Sou Sekretaria Sekirite Piblik, Direksyon Polis Nasyonal te konn voye reprezantan yo nan reyinyon. Men ale ale enterè yo te vin yon tijan diminye.. Demann ki adrese bay biwo kontribisyon pou te ka bay pwogram lan yon sant pat bay okenn rezilta. Entouka otorite yo rekonèt pwojè sila bay depòte yo posiblite pou yo jwenn yon direksyon.

Kèk fwa moun sila yo pa menm pran nesans nan peyi kote yo voye yo tounen an. Gen defwa yo fèt anfrans, nan Bayamas, nan peyi sa yo menm si ou fèt la, yo pa konsidere ou se natif natal si gen kèk fòmalite ou poko ranpli. Sa fè ou jwenn depòte ki pa jan m vizite Ayiti anvan epi ki pa menm gen paran nan peyi sila a.

Ka ki pi pre nou se zafè Toma O'toole Sylven yan. Misye fèt nan yon lopital nan Bronx (New York) nan lane 1978. Manman li se te amerikano-Ilandè, papa li se amerikano-ayisyen. Misye se bonjan meriken. 14 Apre li te fin fè tan prizon nan Miyami, yo te pimpe l nan peyi Dayiti san li pat gen okenn papye ki di li se te sitwayen peyi sila a. Se te yon vyolasyon atik 9.5 deklarasyon Babad la ki di san piwèt peyi k ap depòte moun lan fèt pou l konnen anvan depòtasyon an moun l ap voye tounen an se yon natifnatal peyi ki pral resevwa l la. Misye O'Toole te prezante rejis meriken li, paspò meriken li. Sa pat vle di anyen pou otorite yo. Apre yon mwa nan peyi Dayiti, Sylven te tonbe malad epi li t ap depafini. Pèsonn pat ka esplike yo ki sa ki t ap pase.

Misye t ap deperi epi li te nan wout dwat pou peyi san chapo. Chans Altènativ ki t ap swiv repòtaj sila nan jounal Miami Herald, te kouri pou fè entène Sylven nan yon lopital prive pou li te ka jwenn swen pandan kèk patizan lalwa t ap goumen Ozetazini pou te fè misye tounen. Apre 2 mwa, Gouvènman meriken an te vin okouran gras ak dilijans 2 manm kongrè a. Imigrasyon te vin dakò ke Sylven se te sitwayen natifnatal meriken. Yo te pran yon jounen pou te fè l soti lopital malgre doktè te di li ta pral mouri. Pandan li te nan avyon pou Miyami apre entèvansyon otorite anbasad meriken nan Pôtoprens, kè l te manke rete paske sante l pat bon ditou.

Pèsekisyon adwat agoch

N ap viv nan yon epòk kote reskonsab yo pi renmen fè represyon ke yo fè prevansyon. Sa fè li fasil pou yo arete yon moun ki te yon move kote nan yon move moman. Apre lapolis peyi Giyàn te fizye 5 depòte nan yon kay nan zòn Georgetown, kise kapital Giyàn, gen yon reprezantan Asosiyasyon giyanèz pou dwa imen ki te deklare : "Touye bandi yo se yon prèv nan men pou yo ka kache fèblès lapolis ki pa ka rasanble prèv pou chita akizasyon yo nan tribinal." 15 Asosiyasyon Giyanèz pou dwa imen repete ankò : "Lapolis pat bay okenn prèv ki te ka moutre ke depòte yo te gen anyen pou yo wè ak zak kriminèl ki t ap komèt tribòpabò nan Giyàn" Pandan yo t ap chache kore demann pou bloke lapolis ki t ap reklame bon jan zouti, Asosiyasyon an te di : "Lapolis fèt pou l goumen avèk siksè kont trafik dwòg nan peyi a, men se abi lè yo rann depòte yo sèl rekonsab nan bagay sila." Anbasadè Granderson, ki kwè depòte yo ta ka chanje si yo ta ba yo yon ti chans, te deklare bay yon jounalis Onze Wereld ke : "Ak sipò yon oryantasyon byen balanse jenn jan sa yo ta ka pote yon kontribisyon valab nan sosyete ayisyèn nan. Yo gen yon gwo avantaj : yo pale angle epi yo abitye ak sosyete meriken an. Ekonomi Ayiti an ta ka benefisye de sityasyon sila." 16

Privat Précil, Avoka, jounalis,se ansyen Direktè Ofis Nasyonal pou Migrasyon (ONM), yon enstitisyon leta peyi Dayiti te met soupye pou okipe de zafè rapatriye yo te voye tounen apre dat 15 Oktôb 1994 la. Li te reprezante gouvènman an nan yon seminè sou zafè migrasyon ki te fèt Kosta Rika nan lane 1996. Mèt Privat ap feraye nan bawo Pòtoprens epi li se reprezantan legal pwojè Chans Altènativ nan peyi Dayiti.

Kèk enstitisyon nou ka tcheke:

Alternative Chance (Chans Altenativ)
c/o Lynx Air International
P.O. Box 407139
Fort Lauderdale, Florida 33340
in Haiti: (509) 245-4117
e-mail: altchance@aol.com

Amnesty International
322 8th Avenue
New York, New York 10011, USA
(1-212) 807-8400

Human Rights Watch/Americas
1522 K Street, N.W., Suite 910
Washington, D.C. 20005-1202

MICIVIH
Delmas 33
Port-au-Prince, Haiti
(509) 223-4044, 223-4027, 223-4047, 221-7709, 221-7690, 221-7849
United States Embassy
Port-au-Prince, Haiti
(509) 222-0200

Ministry of Justice
Avenue Charles Summer
Port-au-Prince, Haiti
Ministry of Foreign Affairs
Cite de l'Exposition
Port-au-Prince, Haiti
(509) 222-8482

Ministry of Haitians Living Abroad
Jean Paul II
Port-au-Prince, Haiti

National Coalition for Haitian Rights
10 Rue Fougere, Delmas 71
Port-au-Prince, Haiti
e-mail: nchrhaiti@maf.org
(509) 246-2540/4146

Office for the Protection of Citizens
37 Rue Duncombe
Port-au-Prince, Haiti
(509) 245-7006

The Open Society - Forced Migration Project
400 West 59th Street
New York, New York 10019, USA

Platform of Haitian Organizations for Human Rights
Casier Postal 19181
Port-au-Prince, Haiti

USA Lawyers Committee for International Human Rights
330 7th Avenue
New York, New York 10001, USA
(1-212) 629-6170

Nòt

  1. Biltin FNUAP (Fon nasyon zini pou popilasyon), 1997.
  2. Larry Rohter , " In U.S. Deportation Policy, a Pandora's Box." (Nan peyi Etatzini politik voye tounen yan se yon bwat sipriz), New York Times, 10 daou 1997.
  3. Eve Goldberg ak Linda Evans, "Le système industriel carcéral et l'économie globale", pandan n ap brase lide - Jounal aktivis anti-rasis, Rechèch ak edikasyon, volim 11, Nimero 2, lete 1998.
  4. Mirta Ojito, "Change in Laws Sets Off Big Wave of Deportations"(Chanjman nan lwa yo ranje kondisyon pou ka depòte moun an kantite), New York Times, 15 Desanm 1998, 1.
  5. Mirta Ojito, "Change in Laws Sets Off Big Wave of Deportation," (Chanjman nan lwa yo prepare kondisyon pou pimpe moun an kantite" New York Times 15 Desan-m 1998,1.
  6. Ken Ali, "Criminals Causing Concern," (Kriminèl k ap bay tèt chaje) Caribbean week, 12-25 Avril 1997, 8.
  7. Deklarasyon Lababad ant peyi manm CARICOM ak Etazini nan gwo rankont ki t ap fèt nan dat 10 me 1997 avèk kòm tèm Asosyasyon pou byennèt ak sekirite nan karayib la, Section 9.3 - 9.7.
  8. Donna DeCesare, "Deported Home to Haiti," NACLA Report on the Americas, Novanm/Désanm 1998, 6-10.
  9. Roeland Muskens, "Enkele Reis Vagevuur," Onze Wereld, Mas 1998, 8-12.
  10. Caitlin Montague, "Mistreatment of Criminal Deportees to Haiti," (Tribilasyon moun yo voye tounen nan peyi d Ayiti) koalisyon Nasyonal pou Dwa Ayisyen, repòtaj espesyal, 1998.
  11. "Haro sur la Police!", Haïti en Marche, 8-14 Avril 1998, 1.
  12. Michelle Karshan, "Haiti: Chance Alternative et les alternatives à la violence, une paire parfaite, The Transformer, livè 1998, 4.
  13. Andrew Phillips, "Caught Between Two Worlds," MACLEAN'S, 15 desan-m1997, 31.
  14. Yves Colon, "Citizen-claimant Sent to Haiti Still Very Ill," The Miami Herald, 4 me 1999, 1b.
  15. Caribbean-Crime : Don't Blame Deportees Says Human Rights Group," Inter-Press Service, 12 Jen 1997.
  16. Roeland Muskens, "Enkele Reis Vagevuur," Onze Wereld, mas 1998, 8-12.

Media Briefing Index