Productions: Dosye près sou Ayiti
Panoscope . Media Briefings .
Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications
Media Briefing Index
Espresyon ak patisipasyon timoun nan medya yo an Ayiti
July 2000
Ronald Colbert ak Carril Desrosiers 1
Dosye
sa pwodui ak kolaborasyon epi sipò finansye Plan Haiti, nan
kad pwojè "Dwa timoun ak medya ki bay bourad nan sosyete
sivil la."
Rèv PLAN se wè pou tout timoun ta viv nan yon
mond, kote yo alèz nan yon sosyete yo respekte dwa ak diyite
moun. PLAN ap bat pou timoun, jèn ak adil yo jwen yon ediaksyon
solid ak yon tenik lavi ki pou pèmèt yo viv san pwoblèm
pandan y ap bay koutmen pa yo nan devlopman sosyete yo a..
Prensipal pwogram PLAN yo se : amelyore lavi, chache pou tout
timoun jwenn posiblite pou jwi dwa yo, fè timoun yo patisipe
plis nan desizyon y ap pran pou yo.
Sosyete ayisyèn nan gen anpil jefò pou l fè
ankò pou ankouraje nan medya yo prezans timoun yo ki gen
pou vin ranplase pi granmoun yo demen. Yon lòt bò,
patisipasyon timoun yo nan medya yo ak bèl lide yo kapab
bay, sa ta kapab jwe yon gwo wòl nan sa nou rele pwosesis
yon devlopman dirab nan peyi a.
Se sa ki soti nan rechèch yon dokimantè Enstiti Panòs
(Institut Panos) 2 te reyalize nan mitan ane 2000 la
sou patisipasyon timoun yo nan medya yo.
Malgre gen anpil medya ki ofri yon espas nan pwogramasyon yo pou
timoun, anpil nan emisyon sa yo parèt yenyen 3
(yon jan san sans). Sa vle di yo pa gen eleman fondamantal ki montre
koutmen timoun nan pote tankou yon moun nòmal, ki gen yon
entèlijans, pèsonalite kote li kapab bay lide pa l
sou sa k ap deside pou yon bon chanjman. Yo poko janm sèvi
ak lide timoun yo sou reyalite nan pwogram enfòmasyon y ap
bay chak jou.
"Olye pou kòamnse ak dwa timoun yo, li ta pi bon pou
yo ta konsidere wòl dwa yo jwe nan kominikasyon, dwa pou
yo jwe, pou fè tande vwa yo nan medya yo." Se yon obsèvasyon
Joseph Georges ki se direktè Sosyete Animasyon Kominikasyon
Sosyal (SAKS), yon enstitisyon ayisyèn ki travay nan tèt
kole ak medya kominotè nan peyi a.
Fas ak mouvman entènasyonal pou retranche lide chanjman,
tankou respè inivèsèl dwa moun, ki gen ladan
l dwa fanm ak timoun, peyi ki nan rejyon an rankontre anpil pwoblèm
chak jou sou dwa pou di sa yo panse ak pa gen dwa pou sa.
Se konsa timoun nan pa dwe lite sèlman pou wete baryè
sa a ki anpeche li pataje sa li panse ak moun ki bò kote
l yo, men tou pou l jwenn dwa pou kominike, yon dwa timoun nan genyen
depi l fèt l ap bat pou l devlope l epi manifeste l jan li
vle ak mwayen li genyen.
An Ayiti, depi nan finisman ane 1970 yo, gen yon bann medya ki
fè pwogram ki gen pou tèm timoun, pwogram ki gen rapò
ak sa yon timoun dwe fè ak pou l pa fè. Pwogram sa
yo pito bay tandans repwodui yon kilti otoritè, selon li
menm timoun nan pa pral gen okenn dwa. Nan kondisyon sa a, gen tout
yon seri vye pratik yo adopte nan relasyon granmoun ak timoun, yo
konsidere timoun sa yo tankou yon kategori enferyè, yo konsidere
yo tankou bèt kote yo pa gen dwa pran desizyon, sèlman
yo la pou resevwa lòd pi gran pase yo.
"Nan pwogram sa yo, ou pa jwenn timoun k ap pale de sa yo
panse pou demen sou sa k ap pase nan peyi a. Pwogram sa yo konsidere
timoun yo tankou yon èt enferyè, kote yo pa gen pouvwa
ni pou distenge ni pou esprime yo, sa sanble pito yo pa gen respè
pou timoun yo. Nan kalite pogram sa yo, timoun yo resite powèm,
yo chante, se timoun ou bay opòtinite prèske pou ranse,
pou fè plezantri." Se sa Monique Clesca ki se direktris
fim ayisyèn kominikasyon MC Conseils di.
Pandan li pase plizyè ane ap travay nan seksyon kominikasyon
nan branch ayisyèn Fonds des Nations Unies pour l`Enfance
(UNICEF), Monique Clesca parèt ak yon lòt apwòch
ki pi patisipativ ki respekte dwa lapawòl, dwa pou timoun
yo fè kòmantè sou lavi yo.
Panse timoun yo
Anpil timoun yo te poze kesyon nan kad rechèch sa a, montre
nesesite pou medya yo antre nan pwogram yo, espas dokimantè
ki gen arevwa ak bèt, ak istwa epi jewografi jeneral, mete
sou ti istwa, powèm, kont, blag, desen anime, je edikatif,
emisyon kiltirèl (mizik, teyat). Yo ta renmen tou pou yo
ta pase nan televizyon plis fim sou timoun. Se pa fim k ap montre
yon seri vye imaj ak vyolans (kote y ap tire, y ap fè masak,
y ap pale de dwòg, delenkans) bagay ki kapab pouse timoun
yo al refè menm sa yo sot wè yo sou kanmarad yo.
Ansanm, yo pwononse yo pou yo ta difize jan de emisyon pou ankouraje
timoun yo pou prepare avni yo, pou pran reyalite peyi yo nan men,
san pa gen diskriminasyon moun ak kategori sosyal. Nan sans sa a
li envite paran yo pou montre yo pi toleran pandan y ap bay timoun
yo posiblite pou yo suiv emisyon ki fè timoun plezi (emisyon
timoun renmen)
Stephane, yon timoun ki gen douz (12) an k ap viv Kafou fèy
(Carrefour Feuilles) ki nan sid kapital ayisyèn nan, pwopoze
pou Leta ta prepare yon gwo espas, kote moun ap respire bon van,
pou timoun yo kapab rasanble dè do paran yo. Se konsa yo
kapab pase nan medya yo, tankou nan televizyon jwèt timoun
yo fè pi byen yo.
Junior, ki li menm gen douz (12) an, li abite Kot Plaj (Côte
Plage), (Carrefour) yon zòn ki chita nan sid kapital la,
li ta renmen patisipe yon jou nan yon emisyon yo fè pou timoun.
Li deklare li pa janm konprann anyen nan emisyon li konn ap koute
sou estasyon radyo nan kapital la, Junior mande pou timoun yo patisipe
nan emisyon yo fè pou timoun, jis pou yo kapab wete poukont
yo timidite ki gen lakay yo.
Nan kontèks sa a, Fedja ki gen nèf (9) an, esplike
kòman pandan li te patisipe nan emisyon Gete anfantin (Gaieté
Enfantine) radyo Lumière òganize chak samdi a. Sa
te aprann li chante ak lòt, viv tankou frè ak sè
ak lòt yo.
Bò kote pa l, Yvenante, ki gen douz (12) an, li montre kijan
patisipasyon l nan emisyon Kach Kach Liben nan estasyon kominotè
radyo Vwa Klodi Mizo Okay (Cayes), (Sud d'Haiti) sa pèmèt
li reyalize rèv li : li pale sou radyo epi li patisipe nan
jwèt kesyon repons. Yvenante pa kache jan li renmen yon seri
fim ak videyo klips kèk gran aktè jwe (sèlman
li pa presize yo)
Se konsa tou, Jean Nathel, ki gen onze (11) an deklare jan sa ta
enpòtan si yo ta pèmèt plis timoun patisipe
nan spòt ak fim piblisite, pou kapab fè wè
talan yo epi rann yo sosyal.
Jocelyn (alyas Ti Dye) ki gen onze (11) an, li se moun Site Solèy
(Cite Soleil), yon gwo bidonvil ki gen plis pase twasan mil (300.000)
moun ki chita nan nò kapital la. Misye pa wè bagay
yo menm jan ak lòt timoun yo. Li pa dakò ak jan moun
ki gen mwayen ap sèvi ak timoun yo pou fè piblisite
pou biznis yo. Li bay kòm prèv, ka kèk zanmi
li yo, kote yo sèvi ak vwa yo pou fè piblisite, epi
anretou yo pa ofri yo anyen.
Michenard ak Paul Evans ki gen katòz (14) ak kenz (15) an,
yo panse medya ayisyen yo pa bay timoun yo twòp enpòtans.
Selon yo menm radyo ak televizyon ki reprezante mwatye nan distraksyon
yo an Haiti, yo di kote sa yo bay nouvèl ak evènman
politik yo twòp priyorite.
Coucou, li menm ki gen nèf (9) van pa dakò ak opinyon
de (2) lòt timoun sa yo, li di timoun yo dwe bay tout nouvèl
yon atansyon espesyal, pou yo ka gen enfòmasyon sou sa k
ap pase, pwoblèm k ap boulvèse sosyete a, men tou
pou yo kapab reponn tou lè yo poze yo kèk kesyon,
tankou nan egzamen ofisyèl oubyen lè y ap brase lide
ak zanmi ki gen menm laj ak yo.
Maité, yon timoun uit (8) an, montre jan emisyon rekreyativ
yo atire li anpil, tankou desen anime y ap apse nan televizyon yo.
Men, li envite medya yo pou yo panse tou ak zòn defavorize
yo tankou Site Solèy (Cite Soleil), tankou lè y ap
abòde yon seri tèm ki gen arevwa ak timoun.
Se menmjan Tania ki li menm gen katòz (14) lane wè
bagay yo, li di nan ki emisyon televizyon timoun yo kapab jwenn
enfòmasyon sou edikasyon, tankou kote yo bay bon konsèy,
yo pale de pwoteksyon anviwònman ak pwoteje patrimwàn
nou yo. Emisyon ki fèt an franse yo, mete analfabèt
peyi a yo sou kote. Tania di gen yon seri pwen yo pa janm soulve
ale wè pou yo ta pale de yo sou lèzond, tankou prejije
koulè, diskriminasyon sosyal, tout yon seri bagay ki pa piti
an ayiti.
Nan kontèks sa a, Fabiola, li menm ki gen katòz (14)
zan, montre nesesite pou medya yo ta mete aksan sou jan medam ayisyèn
yo ap sibi asèlman seksyèl, epi tou pou yo ta fè
kou lang ak alfabetizasyon. Li di, pase fim ak desen anime nan lang
anglè kapab ede moun aprann lang sa a, men li di sa ki kapab
pi bon an, se pou yo ta pase yo swa an kreyòl oubyen an franse.
Kesyon pedagojik
Sa kapab parèt yon jan dwòl pou bay timoun lapawòl
nan medya yo nan yon sistèm pedagojik tankou sa ye an Ayiti
ak anpil lòt peyi nan karayib la, kote yo pa bay timoun valè,
ki pa ba yo dwa pale ni pou yo patisipe nan sa k ap fèt yo.
Difikilte yo genyen pou fè yon mesaj pase nan yon pogram
timoun fè, sa poze yon pwoblèm avèk pi gran
yo, tandiske jounen jodi a, timoun yo ta dwe gen posiblite esprime
yo nan medya yo, sou edikasyon sa ki pi gran yo, sou baz yon pataj
ant paran ak timoun, se sa Joseph Georges fè kòm remak.
Se konsa reyalite a ye an Ayiti ak lòt peyi nan karayib
la, anpil granmoun wè tèt yo tou tankou timoun yo
wete nan yon seri aktivite nan sosyete a ak patisipasyon yo nan
medya yo.
"Akoz endepandans ak pouvwa deside timoun fanmi pòv
yo pa genyen, se yon rezon ki esplike sa ki fè se konsa lavi
paran sa yo ye. Se konsa nou kapab di èske paran pòv
yo pa gen tan pou suiv sa pitit yo ap fè. Yon lòt
kote, timoun pòv yo, chak jou nan lavi yo, eseye gen menm
konpòtman paran yo genyen nan sa nou rele pe bouch yo (pa
renmen pran lapawòl)." (UNICEF, Innocenti Essays, N.4)
Sitiyasyon dwa anpil moun nan popilasyon an pa genyen an, touche
timoun yo pou plizyè rezon.
Premyèman, Georges di anplis pouvwa yo pa genyen pou ale
lekòl, timoun sa yo rankontre tout pwoblèm ki menm
egzije yo rete nan sitiyasyon y ap viv la.
Pandan l ap bat pou l lite ak lavi a, ale lekòl vin sèl
chans li genyen, men se pa yon dwa. Sa ki ale lekòl pa konnen
kijan pou l fè pou jwenn sa l ap bezwen pou l travay yo,
ni kouman avni l ap ye. Tandiske tout timoun ta dwe gen dwa pou
yo rantre nan yon kindègadenn, depi nan klas primè
anpil pa rive lwen, kote timoun nan yo pa rive wè rèv
yo reyalize.
"Nou nan yon peyi kote la mizè tèlman ap boulvèse
moun, manman yo konn oblije bay pitit yo pou rete ak lòt
ak espwa moun sa pral bay timoun sa a edikasyon, epoutan ki pral
fè l pase plis mizè," se sa Georges te ajoute.
Timoun sa yo tèlman pase mizè, yo p ap janm pale
de gete nan medya yo, men y ap pale de soufrans: kout fwèt,
kalòt, kout pye, kèk move pinisyon, tankou sa make
sou figi anpil timoun.
Se tout rezon sa yo ak motif pedagojik yo, ki fè lè
yon timoun transmèt yon mesaj bay timoun parèy li
nan medya yo, espesyalman nan radyo, mesaj sa a t ap pi byen pase.
Nan sans sa a, fason pou jèn yo entèvni depan dirèkteman
de reskonsab medya yo.
" Akoz paran yo konsidere verite timoun yo yon jan enpètinant
devan yo, yo kapab koute timoun yo di nan radyo konpòtman
sa a kapab blame vizavi dwa timoun yo kòm moun k ap viv nòmal
sa ap kreye lòt pwoblèm," se sa direktè
SAKS la di, kilès k ap asepte jan de konvèsasyon sa
yo sèvi yon liy pou yon dyalòg ant paran ak timoun
yo.
Yon anbyans pedagojik, ki ensiste sou otonomi timoun, rekonèt
li kòm yon moun tankou tout moun, mande depi li piti pou
li aprann esprime l, pou l aprann travay ansanm ak lòt timoun,
pou li aprann pran desizyon.
Pa kisa e kòman pou kòmanse?
" Depi ane 1970, majorite medya an Ayiti te mete pwogram pou
timoun. Sa pa t pote yon chanjman. Pwoblèm la toujou rete
la menm jan, sitou : fason yo trete sijè yo, ak vizyon ki
parèt nan pwogram yo, fason timoun yo patisipe." Se
sa Monique Clesca presize.
Poukisa medya yo ki te konn mande chanjman nan sosyete a, an Ayiti
ak lòt peyi ki t ap soufri anba diktati yo, poukisa yo pa
kapab jwe wòl sa a ankòm jan yo te deja fè
sa nan tout kanpay "TIMOUN SE MOUN" (ladan yo te konn
pase spòt ak vwa timoun yo). Poukisa medya yo menm jan y
ap pale souvan sou chanjman demokratik, yo pa kontinye mache ak
timoun yo, malgre kontradiksyon ki gen nan sistèm edikasyon
an?
Direktris MC Conseils la panse, timoun ki gen laj ant zewo pou
rive disèt (0-17) ane ki reprezante karantsèt (47%)
pou san nan popilasyon ayisyèn nan 4 , yo te dwe
gen dwa pou yo patisipe nan emisyon liy ouvèt, nan pogram
enfòmasyon, yo te dwe reyalize repòtaj tou. Timoun
yo ta dwe poze kandida ki pral patisipe nan eleksyon yo kesyon.
Ni tèm yo, ni kesyon yo pa ta dwe bagay yo tou prepare pou
timoun yo, men pwòp afè pa yo, pou yo ta prepare.
Bò kote pa l, Me Bethie Casty ki se adjwen enfòmasyon
nan branch ayisyèn Fonds Nations Unies pour l'Enfance (UNICEF)
Konsidere tankou yon bagay valab pou timonu yo patisipe nan medya
yo nan de (2) nivo : Patisipe nan òganizasyon pogram li epi
patisipe nan pogram ki fèt pou li, nan sans yon pwomosyon
l ap fè pou konvensyon ki te gen rapò ak dwa timoun
yo.
"Pale de timoun nan medya yo, sa pèmèt yo egsèse
dwa libète lapawòl yo. Akoz matirite yo poko genyen,
timoun yo bezwen pwoteksyon ak konpay, men fòk konpay la
kapab kite yo deside tou, kite yo òganize yo, ba yo chans
pou aji, ou kapab oryante yo lè ou ap korije yo sèlman,
men pa ba yo direksyon pandan se pa ou la ou vle pase yo lòd
pou yo fè, jan yo abitye fè sa lakay nou."
Stephanie Conrad, ki nan Plan Haiti, envite medya yo, pou yo dispoze
pwogram ki vize timoun yo, men se granmoun ki prepare yo, yo dwe
chanje pratik yo kote pou yo pèmèt timoun yo pran
pa chak lè y ap pran desizyon.
"An jeneral, timoun yo gen talan pou yo ta antre nan medya
yo. Depreferans ou dwe ba yo libète pou chache pwòp
tit pou popgram pou timoun yo."
Men alò, kesyon k ap poze pou yon ti salè pou timoun
k ap anime, se yon revandikasyon ki nòmal daprè Monique
Clesca, ki panse kesyon jere lajan se yon bagay ki konsène
timoun nan ak paran l.
Roody Thélémaque fè sonje, yon lòt
bò patisipasyon timoun yo san yo pa menm peye yo pou piblisite
yo, se pa yon bagay ki kadre ak dwa timoun yo.
Yon timoun nan lari Petyonvil ki nan Lès Kapital ayisyèn
nan, te eseye tradui devan lajistis yon ensitisyon lokal ak yon
lòt entènasyonal ki te pibliye foto l sou yon depliyan
san konsantman l, ni tou yo pa t peye l pou sa.
Sepandan, kijan yo kapab bay timoun yo lapawòl?
Tranch laj pou konsidere
Nòmalman, fò n ta konsidere kòm minè
tout moun ki poko genyen dizuit (18) an, jan konvansyon sou dwa
timoun yo mande l la. Epoutan, fòk nou ta admèt yon
lwa sivil pou timoun ki gen laj soti zewo rive dizuit (0-18) an,
lwa ayisèn nan di depi yon timoun gen sèz (16) an
li kapab rekonèk zak li devan la lwa. Defensè pwomosyon
dwa timoun yo kont lwa sa a, se sa avoka Béthie Casty fè
konnen.
Sadepan de lide w ap suiv ak piblik ou vize a, chak laj gen diskou
pa l. Sa a se opinyon pa Me Casty.
Yon emisyon pou timoun soti zewo pou rive kat (0-4) lane, se pou
manman yo yo fè l, pou yo kapab enterese yo bay timoun tete
ak ki kalite swen pou ba yo pou evite enfeksyon. Lè timoun
nan gen sis (6) zan, li kapab di sa li santi, li pi byen konprann
bagay yo, li kapab poze kesyon, se sa lil ajoute.
Joseph Georges ki nan SAKS, estime lè yon timoun gen ant
senk al sis (5-6) zan, entèlijans li ase devlope pou l kominike
ak tout moun, moun ki genm laj ak li, paran l.
"Eske nou konn rann nou kont talan timoun nan klas matènèl
yo genyen, tankou sa ki nan kindègadenn yo. Espesyalman nan
seremoni gradyasyon yo kote y ap jwe wòl. Se yo ki kòmanse
fèt yo, yo resite powèm, yo chante, yo fè teyat,
yo jwe pyano, twonpèt, yo sonnen kès. Paske nan laj
sa a se jwe y ap jwe, men yo tou pwofite fè mesaj yo pase."
Pou Monique Clesca, tranch laj ki enteresan pou timoun yo ta pale
nan medya yo se ta soti nèf pou rive trèz (9-13) an.
Timoun sa yo konnen anpil bagay nan tan sa a, ki se yon peryòd
ki rive an menm tan timoun nan pral rantre nan adolesans li, li
kòmanse rekonèt pèsonalite l, li kapab di sa
l wè nan sosyete a.
Matthew Frey de Save The Children U.S.A. pa dakò ak koze
laj la. Li di kèlkeswa laj timoun nan, tout timoun dwe pote
kole nan posesis devlopman dirab la, an rapò ak sa li jije
ki nesesè pou timoun. Se sèlman ti bebe li di ki pa
an mezi pou patisipe nan pwogram pou timoun nan medya yo, paske
bebe a poko kapab pale byen.
Stéphanie Conrad ki nan Plan Intènasyonal ( Plan
Haiti ) di, timoun yo kapab pote kontribisyon yo nan devlopman ak
reyalize pogram nan radyo ak televizyon, li wè li pi fasil
pou travay ak timoun ki gen ant onz (11) pou rive disnèf
(19) van, timoun sa yo kapab pale byen, sitou lè y ap genyen
pou fè repòtaj.
Lang ak kontni
Espè nasyonal kou entènasyonal dakò li obligatwa
pou moun k ap edike moun tout peyi pou yo sèvi ak lang manman
yo pou montre. 5
Nan sans a a plizyè animatè radyo kominotè
ansanm ak reskonsab òganizasyon non gouvènmantal yo,
yo te poze kesyon nan kad dosye sa a, yo tout di yo ta kontan pou
pogram yo fèt an kreyòl. Nan peyi ki pale de (2) lang
nan rejyon an tankou Ayiti ak Sent Lisi(St. Lucie), lang moun yo
pale plis se kreyòl, medya yo dwe bay kreyòl la valè
l, medya sa y poko janm reyalize ti ponyen moun ki pale lòt
lang yo, se sa ki nan pouvwa a yo.
Selon yo menm, emisyon pou timoun yo fè nan lòt lang
pi fò popilasyon an pa konprann, pa enterese timoun yo, sa
reprezante yon gwo pwoblèm pou timoun yo distrè yo,
espesyalman timoun paran pòv yo.
Yon lòt kote, sa ki ap prepare nan yon pogram pou timoun
dwe gen rapò ak dokiman, tèks entènasyonal,
tankou deklarasyon inivèsèl dwa timoun Convention
relative aux Droits de l'Enfant, les règles de Beijing, pour
les procédures de justice des mineurs, se sa Me. Béthie
Casty rekòmande.
Imaj medya yo ap prezante
Sipò medya yo se youn nan mwayen endispansab ki pèmèt
timoun yo pwofite pwogrè syantifik yo, tankou yon pakèt
envansyon teknoloji (tankou entènèt) ki disparèt
tout distans ki te genyen nan mitan peyi yo. Yon sèl bagay,
sa medya yo ap prezante yo montre twòp move bagay tankou
vyolans. Byen souvan evènman politik tèlman pran tèt
yo, timoun yo vin pèdi tout mès ak valè yo,
se sa Richard Widmaier Radyo Metropole fè kòm remak.
Olye pou yo ta pase repòtaj ki montre sa yo kapab fè
pou kont yo, ede yo devlope talan yo genyen, montre yo reflechi,
pran desten yo an men epi pote mo pa yo sou jan yo wè sosyete
a ap fonksyone. De preferans medya yo prezante yon seri imaj ki
di timoun sa yo men jan yo dwe konpòte yo, epi yo mande yo
pou yo dakò ak li, oubyen pou plede repete yon seri bagay
yo pa menm konprann, se sa Stéphanie Conrad ki nan "Plan
Haiti" ak Jean Claude Thouin ki nan "Aide à l'Enfance
Canada" deklare.
" Sèvi ak timoun kòm atirans pou fè komès
vann, se yon fòm esplwatasyon ki pa mache ak prensip Convention
relative aux Droits de l'Enfant. Yo fè piblisite pou pwodui
yo kapab fè lòt timoun yo fistre, sa kapab fè
timoun sa yo gen anvi genyen l, menm lè se yon bagay ki kapab
nui sante oubyen devlopman pèsonèl yo. Pa egzanp timoum
yo renmen je elektwonik (sa ki mache ak pil oubyen kouran) vyolan
yo, san dout anvi sa a vini apre yo fin tande oubyen gade yon reklam
yon lòt timoun fè."
Joseph Georges rann yon pati nan sosyete a reskonsab fason gen
plis delenkan deyò a. Sou chèn televizyon an Ayiti
yo pa gen ni fim, ni pogram pou timoun ki nan laj kat (4) pou rive
nèf (9) an, espete sa ki gen ant onz (11) pou rive dizuit
(18) an. Menm desen anime ak band desine (ti komik) yo plen ak zak
sovaj.
Pandan yo pa gen anyen ki kapab edike timoun, anpil nan fim y ap
pase nan medya yo montre bagay aktè nan fim long yo (long
metrages) olye pou yo ta ede timoun yo devlope sansiblite yo, tankou
sou mèvèy ki gen nan lanati, travay pou poteje anviwònman.
Sou pretèks yo sivilize, gen yon seri espòt yo pase
tankou timou ki detounen manman yo (prensipalman manman pòv
yo) nan lèt manman pou lèt anpoud ak bibon.
Medya an Ayiti yo fonksyone tankou boutik, yo ta dwe bay edikasyon
an plis epòtans nan pogram yo, menm jan anpil peyi nan Amerique
Latine nan fè l, kote yo fè anpil pogram sou edikasyon
pou kapab pèmèt yo konble reta ki gen nan devlopman
an Ayiti oubyen zile ki pale angle yo na karayib la.
Apò jounalis ak espesyalis yo
Manke jounalis espesyalize nan domèn sa a an Ayiti. Si ou
vle byen konnen tèm timou nan. Fòk ou ta panche sou
yon seri sijè serye, sijè ki byen sansib, ki mande
yon atansyon espesayl, ou dwe fè anpil rechèch. Nan
travay sa a dwe genyen yon pòte psikolojik ak yon pòte
legal ki gen anpil enpòtans.
"Yon fwa jounalis la fin gen ase dokiman ak agiman, li byen
konn sijè l la, li pral gen pou l defini plan emisyon l lan.
Yon bagay ki pa difisil pase sa, tankou trete ka timoun ki gen pwoblèm
avèk la lwa, konprann poukisa yon timoun ki fè krim
pa kapab kondane menmjan ak yon kriminèl ki majè.
Menm avoka yo pa byen konen jistis timoun yo, malgre li nan la lwa
depi nan ane 1961, se jis apre ane 1994 yo kòmanse mete l
an pratik, se dat sa a Ayiti te ratifye convention sur les droits
de l'Enfant," selon Béthie Casty.
Jounalis ki deside travay sou tèm timoun dwe byen fòme.
Fòk yo pran prekosyon pou yo pa jwe nan tèt timoun
yo, byen souvan ki gen yon konpòtman dwòl, selon Plan
Haiti.
|
Estanda Jounalistik pou repòtaj sou tèm
ki konsène timoun
La Fédération Internationale des Journalistes
(IFJ) kòmanse devlope aktivitepou l fè repòtaj
sou sijè ki gen konsne timoun, gras ak yon ankèt
y ap mennnen a fon sou kòd ak konduit ki deja kòmanse
nan mond la. Men sa prensip yo genyen:
- Kenbe pwofesyonalis ak etik epi fè pase plis enfòmasyon
ou kapab sou konvansyon dwa timoun yo ( la Convention relative
aux droits de l'Enfant).
- Sou vyolasyon dwa timoun ak sijè ki gen arevwa
ak sekirite, edikasyon, sante, byennèt sosyal, ak
esplwatasyon timoun, se kesyon enpòtan ou kapab mennen
envestigasyon ak deba piblik.
Konprann move sitiyassyon timoun yo nan aktivite jounalis.
- Bat pou jwenn anpil ekzatitid ak sansiblite, evite stewotip
oubyen prezantasyon ki gen sansasyon, fè yon evalyasyon
sou konsekans piblikasyon oubyendifizyon enfòmasyon
sou timoun an, pwoteje kont idantifikasyon ki pa nesesè,
ede timoun yo esprime opinyon yo, verifye enfòmasyon
timoun nan ba ou la san ou pa mete lavi timoun sa a an danje,
evite sèvi ak imaj seksyèl timoun, sèvi
ak metòd ki jis pou tire foto yo, verifye si òganizasyon
k ap pale oubyen ki reprezante enterè timoun yo se
yon òganizasyon ou kapab fè konfyans.
|
San li pa retire koutmen paran yo kapab bay nan edikasyon timoun
yo, Stéphanie Conrad mande pou ta gen espesyalis ki akonpanye
timoun yo, espesyalis sa yo ta kapab fè emisyon nan medya
yo pandan y ap travay ak timoun yo. Nan sans sa a, radyo ki gen
anpil moun k ap koute yo ak televizyon ta pi bon pou fè pase
mesaj ki gen rapò ak dwa timoun.
Fò di tou "le centre haïtien d'appui aux médias
et aux journalistes Info-Services" te fè, soti 1995
rive 1997 nan tèt kole ak UNICEF- HAITI, plizyè seyans
fòmasyon sou tèm timoun (manman ak fanmi an jeneral)
pou jounalis medya yo (près ekri, radyo, oubyen televizyon)
ki nan tout kwen peyi a.
Sitiyasyon pogram yo
Tout Amerique Latine ak Caraibe la mete pogram pou timoun ala dispozisyon
yo, kote se timoun ki reyalize emisyon sa yo, yo aprann reyalize
entèvyou. Timoun nan kominike chak jou, li sèlman
bezwen zouti ki nesesè pou l fè travay sa a.
Fò nou soulinye apre aparisyon medya kominotè yo
nan kòmansman ane 1990 yo an Ayiti, anpil timoun ki soti
nan kouch sosyal defavorize yo vin gen aksè a radyo. Jan
tradisyon an te ye lontan, se te sèlman timoun paran zafè
bon ki te konn patisipe nan kèk pogram ki te konn fèt
nan radyo ak televizyon prive nan kapital la. Estasyon radyo ak
telvizyon piblik nan peyi a kòmanse antre tou piti timoun
nan pogram yo.
Malgre travay medya yo fenk fè sou lide pou yo epi avèk
yo sou tèm timoun, dwe jwenn konsiderasyon, yo manke yon
konsyans dwa yo gnyen nan medya yo ak posiblite pou kreye mwayen
pou ekzèse dwa sa a. Anpil espas yo bay timoun yo, parèt
yo kòm flè.
"Nan reyalite esklavaj ak restavèk (domestik) sa a
ki fèt nan medya yo, parèt pa ase epi yo pa siyifi
anyen. Gen yon seri televizyon ki tèlman bay espas pou distrè
timoun yo, yo rive voye jete pati dwa timoun yo. Pa gen deba ant
timoun sou dwa timoun, ni ant timoun ak sosyete a sou reyalite politik
anviwònman an," se sa Joseph Georges denonse.
Medya yo rete yon poto mitan pou garanti dwa timoun yo daprè
Raoul Denis Jr. Ki anime emisyon televizyon Ribambelle nan estasyon
televizyon prive Tele Max . Li konsidere lide sa yo pa ase tankou
Ribambelle, Le Petit Nouvelliste, Ti Jounal Mwen 6 ,
Raoul Denis Jr konsidere medya ayisyen yo kòmkwa yo pa gen
vokasyon vrèman pou pouse timoun yo konnen kòman pou
yo viv ak anviwònman, fè edikasyon sivik.
" San okenn mezi, medya odyovizyèl (televizyon) yo
pa pratike otosansi, yo pase nenpòt fim, nenpòt lè
san yo pa avèti pèsòn. Timoun yo byen konprann
vyolans yo epi yo refè yo sou zanmi yo. Peyi a dwe gen estabilite
politik ak ekonomik, dwe genyen yon palman pou kapab gen bonjan
lwa anfavè dwa fondamantal ki gen kòd lonbrit li mare
ak edikasyon, lwazi, manje, sante," se sa animatè Ribambelle
la swete.
Ribambelle mete entèdi pou l pase desen anime ki pa koresponn
ak vizyon estasyon a a, ki refere l ak plent lekòl ak enstititè
toujou ap pote, selon yo menm gen kèk imaj k ap pase nan
televizyon ki mete move lide nan tèt timoun yo.
Kantite moun k ap koute Ribambelle la, li ozanviwon de mil (2.000)
espektatè konsa, tout popilasyon Pòtoprens lan ta
kapab suiv emisyon sa a selon Raoul Denis Jr ki felisite jefò
Telemax ak fè pou pa pase move imaj pou timoun.
Richard Widmaier deklare se konsa radyo Métropole deside
prepare yon espas pou timoun, selon li menm ki gen anpil bagay pou
yo di, pou yo fè granmoun yo konn dwa fondamantal yo.
"Timoun k ap anime emisyon sa a manifeste anpil enterè
fas ak konvansyon sou dwa timoun yo, byen souvan yo poze m kèk
kesyon dwòl sou sa. Pou byen satisfè yo, mwen ba yo
lide pou nan chak emisyon, pou yo pran kèt atik epi pou yo
debat li. Epi lòt timoun k ap koute yo pote koutmen pa yo
tou," selon Widmaier.
Direktè radyo Metropole la ki konte agrandi pogram lan plis
pandan l ap ajoute kèk lòt pati tankou espò
ak teyat, li deklare menmsi se pa yon fason dirèk, li kolabore
ak UNICEF ki toujou voye nan estasyon an bwochi ak dokiman ki gen
rapò ak dwa timoun. Kòmanditè ki soti nan sosyete
prive a pou ede radyo a kenbe emisyon an, yo menm tou yo jwenn satisfaksyon,
paske se san pwoblèm yo fè pwomosyon pou pwodui yo,
se sa Richard Widmaier deklare.
Estasyon Radyo Limyè (Lumière) ki se zèvMission
Evangélique Baptiste du Sud d'Haiti (MEBSH) dispoze yon espas
tou pou timoun yo rele ``Gaieté Enfantine``, se yon emisyon
ki pase nan radyo a chak samdi maten vè nef (9). Selon Madan
Robenson Joseph ak Madan Sylvie Merisier, ki se de (2) animatris
emisyon sa a, yo di se yon emisyon edikativ ak distrayant, yo mete
aksan sou konvansyon dwa timoun yo, men tou sou bib la ki se zam
kretyen yo.
Se emisyon pou timoun ki la pi lontan, timoun kou granmoun koute
l anpil kote nan peyi a. Emisyon sa a fòme anpil vedèt
ak pwofesyonèl. Se yon emisyon ki separe an de (2) pati:
premye a se timoun yo ki fè tout zafè yo poukont yo
soti nan reyalizasyon rive nan animasyon, lòt pati a se medam
yo ki anime l.
Moun ki konn patisipe nan emisyon sa a deklare yo jwenn posiblite
pou kenbe lafwa yo fèm ak yon fason pou kenbe tèt
yo sou respè yo gen pou Bondye. Se sa Jean - Tho Gérilus,
ki gen disèt (17) lane deklare, li se moun Fond Parisien
(ki chita a anviwon 40 kilomèt nan nòdès Pòtoprens)
li se mayestwo gwoup Choeur d'enfants yo rele Les Enfants de Dieu.
Radyo ak tele Timoun, se ansyen Prezidan Aristid ki te fonde yo,
enstitisyon sa yo fè anpil jefò e yo rive byen lwen
ak patisipasyon timoun nan emisyon yo, san bliye pogram enfòmasyon
yo. De (2) medya sa yo, se yo sèlman an Ayiti ki konsakre
sèlman emisyon pou timoun ki prepare epi anime emisyon yo.
Radyo Timoun ki te kòmanse travay nan lane 1996 ak timoun
nan lari Lafanmi Selavi yo, yon zèv ansyen Prezidan Aristid,
li travay katòz (14) è chak jou. Tele Timoun ki te
inogire an 1999, fonksyone prèske menm jan, yo gen yon pogram
ki byen varye, tankou pogram enfòmasyon yo a, se timoun ki
prezante l epi se yo ki reyalize l tou, tankou se timoun (ti fi
kon ti gason) ki korespondan nan vil pwovens yo.
Daprè yon ansyen animatris radyo timoun ki gen onz (11)
an, radyo ak tele Timoun pral sèvi yon gwo chans pou timoun
nan lari yo, timoun ki rete ak moun yo ki vle deside fè tande
vwa yo nan sosyete a.
Nan kad rechèch sa a, malgre divès randevou Institut
Panos te pran ak reskonsab Radyo ak Tele Timoun yo, Panos pa t rive
jwenn yon seri enfòmasyon sou estasyon sa yo.
Bò kote pa yo, radyo kominotè yo òganize pogram
pou timoun yo tou, se yon seri emisyon yo tande anpil. Gen epòk
nan ane a, tankou fèt manman yo fete dènye dimanch
mwa me nan peyi a, kote gen emisyon pou paran ak timoun yo.
Nan kèk lokalite, se timoun yo ki prepare tèks yo
pral difize pou swete manman yo bòn fèt yo pou kont
yo. Nan lòt estasyon radyo kominotè yo, yo pase ansyen
chante moun pa tande lontan, si pa gen pogram pou timoun.
Pascale Pierre k p travay nan Radyo Vwa Peyizan Sid, yon estasyon
ki chita nan pliche pa twò lwen Kavayon (Cavaillon) ki nan
Sid Dayiti, esplike kòman yo adapte yo byen ak pogram Timoun
VPS ki kòmanse depi nan lane 1995, gras ak kritik epi sijesyon
moun ki tande radyo a, emisyon sa a ap vanse.
"Timoun nan rejyon sa a toujou mande paran yo pou achte pil
pou yo pou yo kapab mete nan radyo pou suiv emisyon sa a jou dimanch.
Yo tèlman renmen emisyo an, byen souvan timoun ki jis sou
zile Lagonav voye kasèt kote yo anrejistre dizon pa yo pou
emisyon an. Jan de emisyon sa yo enpòtan anpil pou pèmèt
timoun yo konnen yo pi byen."
Pandan l ap sèvi ak eslogan ki di yon lòt kominote
pou yon lòt sosyete a, estasyon kominotè Radyo Vwa
Klodi Mizo (RVCM) ki nan vil Okay (Cayes), bay priyorite sou konvansyon
dwa timoun yo, nan kad yon emisyon ki rele Kach kach Liben, yon
non yo pran nan yon jwèt timoun yo renmen fè an Ayiti
7.
Tout timoun kèlkeswa ran sosyal li, relijyon li yo tout
kapab patisipe nan emisyon sa a pou di sa yo panse, esprime lide
yo epi òganize yo. Selon Pierre Renel Moise ki anime emisyon
Kach Kach Liben an ki toujou esplike timoun yo ki sa ki gen nan
yon lwa ki la pou pwoteje yo. Pandan timoun yo ap pran reskonsablite
yo epi y ap patisipe nan vi soysal peyi a, medya yo pral fè
timoun yo lib (otonòm) nan desizyon yo.
Espwa demen se tit yon emisyon radyo kominotè Zèb
Ginen (Herbe Guinèe) fè pou timoun. Estasyon sa a
chita nan mòn Pilbowo ki nan depatman Nò peyi a. Emisyon
sa a pran nesans apati ti koze sa a ki di "Timoun jodi a pral
granmoun demen" Les enfants d'aujourd'hui seront les grandes
personnes de demain, objektif emisyon sa a se pou retire tout move
lide ki kapab anpeche timoun yo patisipe nan sosyete a.
Lequilson Charles ki travay nan radyo Zèb Ginen, fè
konnen espwa demen, se yon emisyon ki pase sou radyo a lè
dimanch, li gen yon pati teorik ki konsakre pou pedagoji (fason
chwazi pou travay ak timoun yo) ak yon pati pratik kote timoun nan
esprime l sou sa li viv. Sèl pwoblèm yo rankontre
jiskensi, se yon seri paran ki pa renmen tande koze ki gen rapò
ak zafè dwa timoun yo, tandiske yon seri lòt paran
pa gen lajan, yo pa menm ka achte yon radyo pou tande emisyon sa
a..
Selon Osny Agénor k ap travay nan radyo Lakay, emisyon "Timoun
se moun" ki pase nan estasyon kominotè sa a, yo mete
anpil aksan sou jan timoun nan ap leve, depi l nan vant manman l
pase nan lòt etap evolisyon l, nan bi pou l fòme yon
fi oubyen yon gason djanm pou demen. Radyo a eseye envite yo reflechi
tou sou kalte ankadreman yo bay timoun ki patisipe nan pogram sa
a, tou depan de tèm yo chwazi a.
"Menmjan ak anpil lòt estasyon radyo kominotè
nan peyi a, rezon ki esplike prezans emisyon sa a nan estasyon an,
se pou bay timoun yo yon edikasyon. Sitou gen anpil nan Sen Lui
di Sid ki pa ale lekòl. Sijè ki trete nan emisyon
sa a soti nan konvansyon sou dwa timoun yo. Enpak emisyon sa a fè
sou sitiyasyon timoun ki rete ak moun yo, se kòmansman yon
chanjman nan sen Lui di Sid. Timoun ki rete ak moun nan vil la ap
sibi mwens diskriminasyon pou ane 2000 la parapò ak lòt
timoun ki nan kay kote yo rete a."
Joseph Georges k ap travay nan SAKS, di danje ki t ap genyen si
emisyon sa yo pat egziste t ap tonbe sou moun ki disponib ak atis
ki gen vokasyon pou fè pwodiksyon sou enterè timoun
yo.
Istorik ak entegrasyon timoun nan medya yo
Plizyè estasyon, tankou radyo Limyè, te genyen nan
ane 70 yo yon seri emisyon detant pou timoun, kote timoun vin tire
kont, bay blag, rakonte istwa, resite powèm, eksetera. Sou
kote lòt espas ki rakonte sou tèm timoun, Radyo Nasyonal
te konn pase yon emisyon sou anpil jwèt timoun fè.
Nan epòk sa a koze dwa timoun nan po t ko sou moun konsa.
Monique Clesca rakonte, kòman patisipasyon timoun yo nan
medya yo se pa t yon bagay ki te prèske egziste pandan li
te kòmanse travay nan UNICEF nan lane 1983. Li di moun yo
pa t konn pale de sa, yo te konsidere yo tankou yon objè,
tankou yon mèb oubyen yon bagay pou fè bèbèl.
Menm konsèp dwa timoun yo se pa t yon bagay ki te egziste.
Apre premye gwo kanpay vaksinasyon pou timoun ki te fèt
nan lane 1986, gen yon ankèt yo te fè bò kote
anpil manman ak papa timoun yo ki fè konnen, se gras ak timoun
yo anpil nan yo rive konnen koze vaksinasyon an. Se konsa nan bi
pou sèvi ak sous sa a, nan pwochen kanpay vaksinasyon yo
te fè se timoun yo ki te gaye nouvèl la.
Yon bò, timoun yo di "fè vaksinen m," yon
lòt kote, yo ekzije paran yo pou al mennen yo pran vaksen.
Yo ta konsidere timoun yo fè mesaj la pase, men tou yo te
pran yon angajman tou nan transmèt mesaj la. Yo te bay timoun
yo mesaj kote yo te di yo pran vaksen an paske se yon bagay k ap
bon pou yo epi fè gaye pawòl la. Sa vle di ou ba yo
yon reskonsablite. Apre vaksinasyon an timoun yo te reskonsab kanpay
sewòm oral ak sa ki gen arevwa ak lèt manman.
Monique Clesca fè konnen, youn (1) oubyen de (2) ane pita,
lide timoun ki te kòmanse parèt nan UNICEF la, vin
ogmante mesaj sou dwa timoun yo genyen pou pale ak devwa paran yo
genyen pou tande yo. Apre sa, pou fè mesaj dwa timoun yo
pase, yo vin deside sèvi ak vwa timoun yo. Se te yon timoun
ki te di Timoun se Moun.
Zafè konsidere timoun nan kòm moun nan sosyete a,
sa toujou rete yon bagay ki pa klè. Pandan l ap montre kòman
yo pa bay timoun yo valè, direktris MC conseils la repòte
kòman li difisil pou l jwenn foto timoun pou kont yo pou
l fè yon kalandriye sou timoun ak listwa yo, paske "timoun
yo te toujou ak paran yo, timoun nan toujou nan yon lòt mond."
Selon listwa, an Ayiti gen 2 epòk yo te adopte pou bay timoun
lapawòl.
Nan okazyon jou nasyonal timoun ki tonbe dezyèm dimanch
mwa jen chak ane.
Nan okazyon jounen entènasyonal radyo ak televizyon pou timoun,
yo fete dezyèm dimanch chak ane.
Monique Clesca fè sonje, jounen sa yo, yo kite tout espas
yo nèt pou timoun, kote ni fi ni gason ki konn anime kite
plas yo pou timoun yo, se yo menm pou jounen sa yo ki vin tounen
animatè oubyen animatris.
"Radyo Sipè Esta (Super Star) se te youn nan medya
ki te asepte sijesyon sa a tèt kale : Timoun yo fè
spòt, yo anime tou. Radyo Metwopòl (Metropole) jwe
yon wòl tou, li jwenn chante timoun ap chante epi li fè
kòmantè sou yo. Depi lè sa a, sa ki gen pi
enteresan se emisyon radyo Metropole timoun yo anime poukont yo."
Selon Monique Clesca, lide yo t ap suiv la se te jwenn patisipasyon
plis timoun ki deside. Timoun pou okipe gwo pòs, reskonsab
pogramasyon emisyon pa yo, reskonsab tou erè yo fè,
jere emisyon yo, trete tèm ki enteresan yo, pale tankou timoun.
Wòl Leta
Pandan y ap plenyen san rete de sa yo pase nan yon seri emisyon
(mizik oubyen lòt bagay) ki pa bon pou timoun yo, anpil paran
mande Leta pou l pran yon dipozisyon sou koze mès ak savwa
viv k ap disparèt la. Gen kèk estasyon televizyon
ki pran plezi san yo pa pè, pase yon seri move imaj di, ki
gen vyolans, yon seri espòt agresif, videyo klips, fim, betiz)
yo rive pase menm fim pòno, san yo pa avèti sa davans,
yon vyolasyon dwa timoun yo.
"Kisa Leta Ayisyen fè, tankou Conseil National des
Télécommunications (CONATEL), sou koze Convention
relative aux droits de l'Enfant ki vin toupre konstitisyon nasyonal
la. Kilès ki klè sou respè dwa moun yo. Eske
Leta gen volonte, pou regle epi veye oubyen jwe wòl sansè?"
Daprè Clesca.
Depi palman ayisyen an te fin ratifye konvansyon sou dwa timoun
yo, UNICEF mete nan aktivite l yo, yon bèl pati li konsakre
ak patisipasyon timoun nan kèk medya nan kapital la, swa
ki te deja genyen yon emisyon sou sa deja oubyen ki pral kòmanse,
se sa Béthie Casty sinyale.
"Pètèt timoun yo kapab pi byen pale ak Leta
pase nou," se sijesyon sa a Joseph Georges fè, li di
refleksyon timoun fas ak otorite paran yo ki tante montre pini yon
timoun se yon bagay ki jis pou sa y ap fè chak jou nan kay
la.
"Poukisa an tan ke paran, tan ou pran pou ka le n yo, ou pa
pran l de preferans pou fè dyalòg ak nou?"
Kote wòl ak reskonsablite Leta nan matyè edikasyon
pou timoun ka viv tankou moun nan pou yo gen dwa pou yo respekte
yo, pou yo gen menm dwa ak tout moun, selon Radyo Lakay Sen Lui.
"Se ledikasyon yo dwe bay priyorite. Tout timoun ki pa gen
yon baz byen prepare, ap gen pou konsekans demen pou l tounen bandi,
dwogè, tonbe nan koripsyon, sa pral ba l posiblite pou rann
sitiyasyon relasyon sosyal yo pi mal pase sa n ap viv jodi a. Non
sèlman granmoun yo pral peye konsekans lan tou, men peyi
ap rantre nan tou pi mal."
Radyo Zèb Ginen pale tou sou nesesite ki genyen pou mete
pogram edikasyon familyal ki gen rapò ak paran yo ki dwe
tanpere yo, paske yo konnen si yo pa mete enpe dlo nan diven yo,
timoun yo kapab denonse yo nan radyo.
"Lè timoun yo lage nan lari a, san yo pa gen yon bon
edikasyon, yo pral vin ogmante kantite timoun ki kite andeyò
pou vin abite lavil yo(fenomèm ekzòd riral) sa ki
kapab ogmante kantite banditism ak alfabetizasyon ki toujou rete
yon mistè pou Leta a." Se a Lequilson Charles ki travay
pou radyo Zèb Ginen, fè konnen.
Pa rapò ak eta peyi a, pou yon bon chanjman, fòk
gen yon demach edikasyon ki fèt ak sansibilizasyon pou frennen
kantite timoun k ap viv nan lari yo, koze restavèk la ak
koze lekòl la.
|
Eleman esansyèl ki gen nan konvansyon sou dwa Timoun
yo
Asanble Jeneral Nasyon Zini te adopte jounen 20 novanm 1989
la, Konvansyon ki gen arevwa ak Dwa timoun yo, yo te kòmanse
aplike l jounen 2 sektanm 1990 la. Malgre se yon konvansyon
ki pa la lontan, istorikman se yon konvansyon dwa moun ki
gen plis moun ki dakò ak li epi se konvansyon yo adopte
pi rapid tou. Sou menm lide sa a li kòmanse vin premye
lwa ki sèvi pou tout pèp sou latè. Ayiti
te siyen pa l la 26 janvye 1990 epi li ratifye l 23 desanm
1994.
Konvansyon relatif sou dwa timoun yo, li baze sou prensip
fondamantal (1) desizyon otorite yo ap genyen pou pran nan
bon enterè timoun yo (2) pandan y ap defini sa ki nan
bon enterè timoun yo, opinyon timoun yo enpòtan
tou (3) tout timoun gen dwa nan devlopman, se pa sèlman
nan lite pou viv (4) tout dwa dwe aplike pou tout timoun san
diskriminasyon.
Konvansyon an di Leta ki gen angajman pou fè sikile
enfòmasyon ki konsène dwa timoun yo epi sansibilize
piblik la sou dwa sa yo.
Pou koze patispasyon timoun nan medya yo, konvansyon an site
nan atik 12 ak 13
- Dwa timoun nan genyen pou esprime l san pwoblem sou tout
kesyon enteresan ak chache, resevwa, oubyen voye enfòmasyon
ak lide tout kalte.
- Posiblite pou yo tande tout timoun nan tout koze ki gen
arevwa ak lajistis oubyen administrativ ki enterese l.
Atik 17 la presize : " Kote ki rekonèt enpòtans
fonksyon medya yo ranpli ak veye si timoun yo jwenn enfòmasyon
ak materyèl ki vini soti nan peyi a ak etranje, espesyalman
sa ki kapab devlope byennèt sosyal, espirityèl
ak moral menm jan ak sante fizik ak mantal. Nan fen sa a kote
ki te siyen yo :
- Ankouraje medya yo pou bay enfòamsyon ak materyèl
ki reprezante pou yo yon itilite sosyal ak kiltirèl
e ki koresponn ak atik 29 la
- Ankouraje koperasyon entènasyonal jis pou kapab
pwodui, chanje epi difize yon enfòmasyon ak materyèl
ki soti nan diferan sous kiltirèl, nasyonal ak entènasyonal
- Ankouraje pwodiksyon ak difizyon liv pou timoun
- Ankouraje medya yo pou kenbe patikilyèman bezwen
lenguistik timoun nan peyi a ki fè pati yon ti gwoup
- Favorize elaborasyon ak prensip direktè ki la pou
pwoteje timoun kont enfòmasyon ak materyèl
ki nui byennèt yo, parapò ak atik 13 ak 18
la."
|
Atikilasyon avèk enstitisyon ak òganizasyon
Joseph Georges k ap travay nan SAKS, sijere pou n ta jwenn yon
bon rezilta fòk ONG ak ensitisyon etranje k ap travay nan
domèn edikasyon pou timoun yo, reyalize pwodiksyon pou yo
pwopoze medya yo. Reyalite peyi ap konfronte a, mande pou ta sèvi
ak zouti sa a ki rele komikasyon yon lòt fason pou yo kapab
fè pase mesaj edikatif, sansibilize ak motive granmoun kou
timoun.
Gen anpil medya ki eseye deja avèk òganizasyon k
ap travay nan kad pwoblèm timoun. Men tèm nan pa rive
trete vrèman jis nan fon li ak patisipasyon timoun yo sa
pa anpil, se sa Save Children fè sòti.
|
Timoun ki jounalis nan Twou di Nò ak Fòlibète
(Trou-du-Nord ak Fort Liberté) Depatman Nòdès
Nan mwa mas 2000, Plan Haiti, ak Radyo Nederland Training
Centre, yon òganizasyon ki fè fòmasyon
nan radyo ki gen baz li nan peyi Kosta Rika ( Costa Rica)
ak Enstiti Panòs (Institut Panos) te lanse yon pwojè
pou medya yo, ki gen pou objektif bay timoun yo pale, bay
opinyon yo valè ak pwomosyon dwa yo nan yon patissipasyon
aktif nan medya yo. Pwojè a te ensiste pou difize repòtaj
timoun yo fè yo.
De (2) gwoup ki te gen yo chak 15 timoun ki se moun Fòlibète
ak Twoudinò, de (2) vil ki nan Nòdès
Ayiti, yo te rantre nan pwojè a.
"Sete yon apwòch kolektif ki te vize pou l sansibilze
sou enpòtans medya yo ak patisipasyon timoun. Pwodiksyon
radyofonik chak mwa (timoun yo fè) de (2) magazin ki
pou ede timoun yo devlope sa yo konnen, pou yo otonòm,
pou yo pran pa nan deba k ap fèt nan peyi a, pou yo
dekouvri anviwònman yo, pou yo pote kritik, pou yo
mete yo nan pwosesis demokratizasyon pou yo vin tounen fanm
ak gason ki reskonsab," se sa Stéphanie Conrad
de Plan Haiti fè konnen, li ta renmen elaji kad la
plis pou l kapab touche timoun lòt zòn kote
enstitisyon lan ap travay.
Inisyativ sa se youn nan pi gwo pogram Plan genyen , ki gen
arevwa ak timoun ak medya ladan l, timoun El Salvador, Haiti,
Honduras ak Nicaragua patisipe.
Yon sit wèb ( www.panosinst.org/radio)
founi yon fowòm pou chanje ak lòt kote, lide,
esperyans, fè kòmantè, fè pwodiksyon
pou medya ak lòt enfòmasyon ant timoun repòtè
ak gwoup ki enterese. Sit la se yon zouti pou kapab difize
pi plis pwodiksyon medyatik timoun ki fè repòtaj
nan lang angle, kreyòl espanyòl ak franse.
|
Plan Haiti ki fenk sot met sou pye yon pogram radyo pou timoun
epi se menm timoun sa yo ki jere zafè yo ankò, panse
jan de demach sa yo bon pou ede timoun fè respekte dwa yo.
Toujou selon òganizasyon sa a, Leta dwe mete timoun nan posesis
devlopman kominotè a.
Pèspektiv
Roody Thélémaque, yon travayè sosyal k ap
evolye nan peyi Dayiti, fè wè nesesite pou yo ta vini
ak yon pogram ki gen ekilib. Reyalite sosyo-ekonomik peyi a pa pèmèt
tout kategori timoun nan peyi a gen aksè a divès kalte
pogram ki fèt pou yo, paske gen anpil nan yo ki pa menm ka
genyen yon radyo, yon televizyon, yon jounal, yon òdinatè,
se sa li di.
Pandan nòm demokratik yo ap fè yon lòt apwòch
sou rapò moun ak moun, ki konsidere timoun yo tankou moun
tou, kote yo gen dwa, yon pèsonalite ak respè. Zafè
entegre espresyon timoun yo se poko yon bagay yo asepte vre nan
medya an Ayiti yo.
"Avan lontan diskou tounèf ki pot chanjman sosyal sa
a ap nan medya yo Timoun jodi granmoun demen (Les enfants d'aujourd'hui,
les adultes de demain)," daprè Béthie Casty de
l'UNICEF-Haïti.
Espesyalis yo te poze kesyon nan kad rechèch dokimantè
sa a, yo plede pou yon politik kominikasyon ki pral kòmanse
pa bay timoun yo valè nan kad yon patenarya pou gen plis
espas ki disponib pou timoun yo.
Dwa pou yo kominike, medya espesyalize, chwa estrateji pogramasyon
pa medya yo, ki vizyon demokratik pou ki sosyete. Anpil tèm
ki gen rapò ak espresyon epi patisipasyon timoun nan medya
an Ayiti yo rete ouvè nan yon pèspektiv devlopman
dirab.
Pascale Pierre k ap travay nan Radyo Vwa Peyizan Sid sijere, pou
ta gen yon sosyete ki chita sou respè ak dwa moun ( san bliye
dwa timoun yo tou) mete yon lòt vizyon demokratik, pou mete
lakay timoun piti yo ki reprezante avni peyi a, yon pase men nan
sistèm edikatif la, san bliye reskonsablite paran yo.
Menm jan ak kesyon batistè a pou yo bay tout timoun nan,
yon bagay konsa kapab vin fondamantal si medya yo pran chache konnen
lide timoun yo, chak lè sosyete a nan yon move enpas. Si
yo poko pare pou jan de apwòch sa yo. Medya yo kapab kòmanse
fè motivasyon pou denonse move konpòtman paran yo
genyen lakay yo epi fè leta pran reskonsablite l devan je
espesyalis yo.
"Menmsi gen plis patisipasyon, fòk Ministè Edikasyon
Nasyonal kapab adapte yon pedagoji pou ane 2000 lan, fini ak konfli
dwa espresyon an entèdiksyon espresyon an. Kèk timoun
ki gen anpil entèlijans parèt rebèl, paske
yo pa ba yo chans pou esprime yo," se sa Monique Clesca deklare.
Reskonsab medya an Ayiti yo ta dwe ouvè ap tann lide tounèf,
ki gen yon ti rantre ak finansman, selon MC Conseils nan yon konsilatsyon
ki te fè pou UNICEF nan kòmansman ane 2000 la, ki
rekòmande pou konsidere kantite timoun k ap koute radyo.
Kesyon an se konnen èske granmoun yo pral kase chèn
nan, pou bay timoun yo libète, pou fè yo konfyans
pou ba yo chans pou ekzèse dwa yo nan kominikasyon kòm
lwazi pou zouti edikasyon pou lòt moun ki pi gran.
Pou Joseph Georges ( SAKS), reyalite natirèl kay timoun
yo - jan yo abitye : pale, ri, chante natirèl timoun nan
pogram ki fèt pou yo - yo p ap siyifi anyen si yo pa byen
prezante yo.
Georges konsidere radyo kòm mwayen pou ede konbat vye mantalite
yo genyen an Ayitit yo. Li mande pou yo adopte yon lòt estrateji
ki kapab fè timoun yo konfyans pandan ou ap ba yo materyèl
kominikasyon pou reyalize pa egzanp entèvyou.
Pa gen pwoblèm pou timoun nan konsevwa, ak konesans li,
kou sou kominikasyon, ekri ti tèks, fè entèvyou,
teyat. Ou ap etone wè jan yon entèlijan, fason yo
byen poze kesyon kote youn byen marye ak lòt, konviksyon
yo sou dwa timoun, se sa li ajoute.
"Lè sa a lòt timoun k ap koute timoun ki gen
menm laj ak yo k ap esprime yo nan medya yo,mesaj la ap pase byen
vit. Men atansyon pou n pa chanje pogram sa yo an emisyon entèlektyèl,
kote ou fè entèvni diferans entèlektyèl
ki genyen nan mitan timoun yo."
Kèk nan enstitisyon referans yo
Save the Children Canada
8 Imp. Baron
Ave. Jean Paul II, Turgeau
Port-au-Prince, Haiti
Tel/Fax: (509) 245-2101/0243
Email: aecanada@haitiworld.com
Web site: www.savethechildren.ca
United Nations Children's Fund (UNICEF)
17 rue Armand Holly, Debussy
B.P. 1363
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-1404/1424
Fax: (509) 245-1877
International Labour Organization (ILO)
Rue Camille Léon No. 11 à l'étage
Port-au-Prince, Haiti
Tel/Fax: (509) 245-1683
Email: BIT@haitiworld.com
Plan Haiti
Impasse Lily No. 3, Rue Stephen
Delmas 60
Port-au-Prince, Haiti
Tel/Fax: (509) 256-1438 / 4229
Email: comhti@planinternational-ht.org
Coalition Haïtienne pour la défense des droits de l'enfant
(COHADDE)
23, 3e Avenue du Travail
Port-au-Prince, Haiti
Tel/Fax: (509) 245-5014
Save the Children USA
13 Rue Debussy
Turgeau
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-5153 / 4606
Fax: (509) 245-0036
Email: haiti@savechildren.org
International Federation of Journalists (IFJ)
266, rue Royale
1210 Bruxelles, Belgique
E-mail: ifj@pophost.eunet.be
Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS)
24, Rue Dalencourt
Port-au-Prince, Haiti
Tel/Fax: (509) 245-6422
Email: saks@saks-ht.org
Institut de Bien-être social et de recherche (IBESR)
Ave. des Marguerites No. 14, Bois Verna
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-2602 / 2601 / 6485 / 2633
Village d'Enfants SOS d'Haiti
Petite Place Cazeau, Entrée Dumez
Santo 19, No. 966 B-B
Croix-des-Bouquets, Haiti
Tel: (509) 246-0280 / 3279
Fax: (509) 238-1134 / 3177
Nòt
- Ronald Colbert ak Carril Desrosiers se jounalis endepandan k
ap viv an Ayiti.
- Enstiti Panòs Wachintonn DC ak Pòtoprens (L'Institut
Panos de Washington, DC et Port-au-Prince) se yon òganizasyon
entènasyonal k ap travay pou fè ranfòse sosyete
sivil la nan peyi l ap travy yo, pandan l ap ede jounalis yo fè
repòtaj sou tèm ki gen arevwa ak devlopman dirab
yo pa byen konnen, e medya yo pa twò enterese espesyalman
sa ki kapab fè yon enpak lòt kote.
- "Yenyen" se yon espresyon kreyòl yo itilize
an Ayiti pou kalifye kèk move konpòtman yon moun
ki toujou ap plenyen.
- Pousantaj 47 % (popilasyon timoun yo estime) Panòs te
jwenn li nan done demografik sou « Population de 18 ans
et Plus, Ménages et Densité Estimés en 1999,
Juin 1999 », Se Division d'Analyse et de Recherche Démographiques
(DARD) de l'Institut Haïtien de Statistique et d'Informatique
(IHSI) ki te pibliye l.
POPILASYON GRAN GWOUP LAJ YO TE JWENN NAN ANE 1999
|
|
Tranch laj
|
Popilasyon
|
|
0-4 years
|
1,037,850
|
|
5-14 years
|
2,071,875
|
|
15-17 years
|
495,865
|
|
18-64 years
|
3,898,464
|
|
65 years +
|
299,178
|
|
Total
|
7,803,232
|
Sous : IHSI ak Panòs .
- Se konklizyon yon konferans entènasyonal ki te fèt
sou lobedyans Organisation des Nations Unies pour l'Education,
la Science et la Culture (UNESCO), ki te dewoule an 1990 nan Jomtien,
Thailande.
- * Ribambelle : espas rekreyatif pou timoun ki pase chak jou
sou chèn televizyon prive TELEMAX;
* Le P'tit Nouvelliste: revi ki soti chak semèn pou timoun
ki parèt nan mitan prensipal kotidyen Dayiti nan lan 2000
lan. "LE NOUVELLISTE";
* Ti Jounal Mwen: se yon ansyen piblikasyon ki te konn soti chak
semèn nan mitan Nouvelliste.
-
KACHKACH LIBEN se yon jwèt tradisyonèl yo fè
an Ayiti nan mitan yon gwoup timoun. Posede yo anplwaye, se
chwazi nan mitan timoun yo, sa ki pral kache pou rès
yo sere yon ti wòch tou piti. Timou n ki t al kache a
dwe jwenn wòch la. Si li jwenn moun ki sere wòch
la, se li ki pral kache. Si moun ki te kache a pa jwenn nan
men kilès wòch la ye l ap genyen pou l al kache
ankò, jiskaske gwoup la deside fini jwèt la.
Media Briefing Index
|