About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Dosye près sou Ayiti

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Media Briefing Index

Moun k ap viv ak VIH/SIDA ann Ayiti dwe gen dwa pou viv
jiyè 2002

Roosevelt Jean-François, Jounalis Li se manm Sant kominikasyon sou Sida (CECOSIDA)

Dosye sa a rive fèt gras ak kolaborasyon epi finans "Fogarty Center" - Enstiti Nasyonal Sante yo (NIH) nan peyi Etazini ak Sant GHESKIO nan pwojè yo rele "Kapasite jounalis karayib ak amerik santral yo pou yo fè repòtaj sou VIH/SIDA: yon je sou Ayiti". Pwojè sa a se Sant Kominikasyon sou Sida (CECOSIDA) ak Enstiti Panòs ki ekzekite l.

Jwenn moun ki pou ba yo èd ak jwenn swen sante se pi gwo defi moun k ap viv avèk VIH/SIDA ann Ayiti gen devan yo. Rezon yo marye ak sitiyasyon ekonomik peyi a, ki pandan ane ki sot pase la yo te sitou vini sou fòm yon chomaj rèd epi yon ekonomi malad, dapre sa Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik(IHSI) fè konnen.

Sepandan, sou kote medikaman ak materyèl pou la swenyaj yo, anpil ekspè panse li ta pi bon pou yo bay malad yo opòtinite pou yo reprann yon vi nòmal nan sosyete a tankou sa te ye anvan li te konnen li enfekte.

Pi fò moun antann yo pou yo rekonèt ke, yo pa fin aksepte moun ki enfekte a byen nan fanmi l, paske li vin tounen yon chay sou do fanmi an. Li pa gen lajan pou l bay nan kay la. Men poukisa yo di fòk yo pa kite moun sa yo nèt sou kont lòt moun, sou pretèks Leta pral fè tout bagay pou li.

«Ou pa bezwen anpil lajan. Sa ki gen plis enpòtans lan se jwenn moun k ap ede ou, sitou lè ou santi fizik ou pa bon, ou fèb, oubyen tèt ou vle pati, e konnen ou gen sou yon moun ou ka konte», se sa Adeline Benoit yon moun ki te konn fè patisri lontan, ki oblije bay aktivite sa a vag apre li fin konnen li enfekte, pou kliyan l yo pa t ba l do anvan di.

«Genyen viris la pa vle di lavi fini pou sa. Mwen pa vle konpare Etazini ak Ayiti, men nan peyi sa a pou yon moun jwenn swen, se pa yon kado. Se rezilta travay san rete tout moun ak òganizasyon ki reyini moun k ap viv ak maladi VIH/SIDA (PVVIH) a nan san yo. Se yon batay pou gen dwa pou viv».

Se leson sa a Saurel Beaujour yon moun ki enfekte, pran pandan l t al patisipe nan mwa oktòb 2001 an nan yon vizit entènasyonal nan peyi Etazini, kote moun ki enfekte yo sou yon bidjè pou swen ak medikaman, e kote antrepriz prive yo ta sanble rantre fon nan batay kont VIH/SIDA a.

Saurel Beaujour gen 43 an li te aprann ektrisyen, depi kèk ane l ap dirije Asosiyasyon Nasyonal Solidarite avèk moun VIH/SIDA (ASON) a afekte oubyen enfekte, asosiyasyon sa a gen anviwon yon senkantèn manm aktif konsa.

Pou li menm, sou kote yon batay san rete enstitisyon an ap mennen, tankou sa fèt nan anpil lòt peyi, PVVIH yo gen yon gwo wòl pou yo jwe nan anpeche maladi a fè plis dega epi fè moun ki enfekte ak fanmi ki afekte yo jwenn swen.

Saurel di «Lè yon moun enfekte rankontre ak yon lòt enfekte parèy li, yo pi alèz pou yo pale. Pa gen anyen pou sere. Paske, nou nan menm sitiyasyon».

Saurel Beaujour se yon moun ki devwe anpil nan aktivite sou VIH/SIDA nan zòn Karayib la. Li patisipe nan anpil rankont sou PVVIH, espesyalman nan Trinidad ak Tobago kote yo te fè tankou chak ane yon reyinyon PVVIH nan Karayib la yo. «Depi 3 an, nou toujou la nan rankont sa a "Caribean Regional Network" òganize, ki ban nou posiblite pou n pataje nouvèl avèk kòlèg nou yo ki nan Karayib la», se sa li te presize.

Pi lwen li di «Prezans mwen nan rankont sa yo pote anpil fri akoz mwen gade ak 2 je m kalite angajman yon ekip moun menm jan avèk mwen ki gen viris la pran e ki ap batay nan peyi nan Karayib la yo ki gen menm mès, menm koutim ak Ayiti»

Karavàn jèn ak atis yo kont Sida ann Ayiti me -oktòb 2000

Karavàn nan se te yon desizyon ayisyèn ki soti nan divès òganizasyon gouvènmantal, non gouvènmantal ak entènasyonal. Karavàn nan te vizite vil Jakmèl, Sen Mak, Gonayiv, Pòdepè, Miragwàn, Okay ak Jeremi, yo te sèvi ak mwayen kominikasyon kiltirèl yo konnen ki enterese jèn yo, ak espetak (brase lide, mach, mizik ak lòt divètisman). Peryòd karavàn nan se te yon bon moman pou pale sou konpòtman yon moun dwe genyen lè l pra l fè bagay pou se pa yon chans l ap pran, pandan y ap kreye yon anviwònman sosyal ki ogmante enpòtans fè bagay ak kapòt, gen konfyans youn nan lòt, san ti pa chat akote epi asepte moun k ap viv ak VIH/SIDA yo.

Yon anviwònman ki pa ranje anyen

Solidarite ant moun k ap viv ak VIH/SIDA vin pi nesesè paske y ap evolye nan yon anviwònman ki pa ranje anyen.

«Viv ak SIDA ann Ayiti se pa yon bagay ki fasil. Lari a ki plen fatra ladan l rann sante nou pi frajil», tankou Adeline Benoit esplike.

Yon lòt kote, Adeline Benoit fè konnen anviwònman sosyo ekonomik la twomatize l: li gen twòp strès lè pou l fè anpil tan kanpe ap tann yon kamyonèt epi lè pou l resi jwenn yon plas nan kamyonèt la fòk se nan goumen, lè PVVIH yo al kay doktè yo fè yo pèdi anpil tan, san bliye pwoblèm diskriminasyon y ap sibi nan tout sosyete a, eksetera.

Esther Boucicault, yon lòt ayisyèn ki enfekte, panse sektè prive a kapab bay èd li dirèkteman nan bay bous d etid pou timoun ki gen paran enfekte yo.

Madan Boucicault ap mande tèt li«Si yon moun gen fristrasyon pa l, tankou li pa gen yon kote pou l rete, li pa kapab voye timoun yo lekòl, kouman ou ap fè mande l pou l goumen pou sove lòt moun» pandan lap fè remake kote n ap viv la pa fasil e edikasyon pèp la poko fèt.

Li sonje ka yon jèn gason nan Sen Mak (yon vil ki gen 96 kilomèt ki separe l ak Pòtoprens) lè karavàn atis ak jèn kont SIDA nan ane 2000 la, ki te fè konnen li enfekte. Apre sa, li te oblije kite katye kote l t ap viv la, moun nan katye yo kouri dèyè l, yo pase l nan rizib, yo te menm manke rache l. Yo akize l tou kòm moun ki kapab vin bay lòt moun nan zòn nan SIDA l la.

«Mwen pa vle se lè m fin mouri pou y ap pale anpil sou Fondasyon Esther Boucicault ak gran kouraj ti madanm sa a. Mwen vle pandan m vivan an pou m wè fondasyon sa a fleri pandan l ap ede lòt yo, tankou pitit fi m nanMichelle di m: Manman pandan ou ap sove lòt yo, ou va sove tou».

Defans

Gwoup solidè yo, reprezante pou PVVIH yo, yon platfòm ideyal pou diskisyon sou yon seri kesyon espesyal, tankou aksè pou jwenn swen, tretmanm maladi opòtinis yo, sipò ak ankadreman fanmi a, zanmi yo, ak lòt pi gwo bezwen esansyèl yo, tankou manje, medikaman, travay.

Adeline Benoit pa janm fatige nan fason li plede pou PVVIH yo jwenn travay tou, li byen ankadre epi li se yon moun ki itil anpil nan aktivite l yo nan Fondasyon Pwomotè Objektif Zewo SIDA (POZ) kote l ap travay la.

«Si mwen di ou mwen malad, ou pral gen yon atansyon espesyal pou mwen. PVVIH yo ta dwe genyen bis pa yo espesyalman oubyen tou yo ta dwe genyen priyorite nan zòn piblik yo».

Réduction de prix sur les médicaments anti-SIDA pour les pays des Caraïbes

Six grands laboratoires pharmaceutiques internationaux ont formellement conclu, en juillet 2002 avec les pays des Caraïbes, un accord pour obtenir des réductions de prix sur les médicaments anti-SIDA.

GlaxoSmithKline, Hoffman-La Roche, Boehringer Ingelheim, Bristol-Myers Squibb Co., Merck & Co et Abbott ont souscrit à des réductions allant de 70 à 90% avec les pays regroupés sous la bannière du bloc commercial CARICOM, a annoncé le Premier ministre de St Kitts et Nevis, lors d'un sommet du CARICOM à Georgetown.

"Ils ont accepté de négocier avec nous en tant que région. Les médicaments vont devenir abordables et les Caraïbes vont pouvoir entamer un traitement généralisé", a expliqué le ministre de la Santé de Guyana, Leslie Ramsammy.

L'accord, qui a été négocié lors de réunions en Jamaïque et au siège de l'Organisation Mondiale de la Santé (OMS) à Genève en mai 2002, vient d'être signé lors de la conférence sur le SIDA tenue à Barcelone du 7 au 11 juillet dernier.

De nouvelles statistiques publiées avant Barcelone supputent que le nombre de 40 millions de personnes vivant actuellement avec le virus VIH devrait passer à 100 millions d'ici l'année 2012.

A la fin de l'année 2001, environ 420.000 personnes étaient infectées par le virus dans la région des Caraïbes, contre 1,5 million en Amérique latine, selon les Nations Unies.

Anpil nan frè ak sè nou yo ki te mande azil politik Ozetazini pandan peryòd koudeta militè (septanm 1991 - septanm 1994), a se lè sa a yo sezi, apre yo fin fè divès tès pou yo, yo dekouvri yo enfekte.

Se te ka Saurel Baujour ki t ap travay kòm ajan devlopman kominote nan Santral Otonòm Travayè Ayisyen (CATH). Se li menm yo te delege nan anpil depatman nan peyi a pou kreye epi fòme gwoup sendikal peyizan yo. Li di lè li te mande azil politik nan peyi Etazini pou l te chape pou l li anba pèsekisyon politik patizan rejim ki te sou pouvwa nan peryòd la.

Anpil sikològ te bay tout moun ki enfekte yo konsèy, pou mete tèt yo ansanm pou fè yon asosiyasyon, men kijan ASON vin kreye.

«Pi gwo pwoblèm mwen, sete bay madanm mwen nouvèl sa a. Mwen te oblije di l laverite, paske li te okouran mwen kanpe sou demach mwen te kòmanse pou m te jwenn azil politik Ozetazini an. Lè sa a se te dezolasyon nan fanmi an. E se la batay la te kòmanse». Se sa Sorèl Bojou te fè konnen.

«Sete yon chòk pou mwen pou m aprann tès mwen an pozitif. Mwen pa t kapab kwè sa je m te ban m nan. Mwen refè tès la pandan 5 fwa anvan m vin asepte rezilta a vrèman», se sa Sorèl di nou pandan li t ap pwonmennen je l nan plafon kote l te ye a.

Yon evènman total kapital

21, 22 ak 23 avril 1999, Fondasyon POZ, nan tèt kole avèk Plan Ayiti ak Enstiti Panòs, te òganize nan Petyonvil, yon gwo evènman nan lide pou ankouraje moun k ap viv ak VIH/SIDA yo pou yo wete kò yo nan silans, pou yo soti kote yo kache a, pou yo pran reskonsablite yo pou prezante tèt yo kòm moun ki enfekte san sa pa nwi pèsonalite yo kòm moun.

Pwofesyonèl sante, jounalis, responsab relijye ak politik yo ki te patisipe nan gwo reyinyon sa a, montre devan tout moun dezi yo genyen pou «atire atansyon tout sosyete ayisyèn nan sou bezwen nan sa ki konsène swen, sipò ak konsiderasyon moun k ap viv avèk VIH/SIDA a.

Pandan li t ap mete anpil aksan sou fason yo mete sou kote enfekte yo nan sosyete a ak diskriminasyon enfekte sa yo ap viv chak jou Bondye mete, yo mande pouvwa piblik la pou l bati yon klima jistis san fòs kote ki anfavè aktivite yo. Yon lòt kote, yo mande enstitisyon ki rantre nan goumen kont maladi SIDA a, pou yo sèvi ak esperyans PVVIH yo nan travay edikasyon, enfòmasyon ak sipò.

Dènye deklarasyon premye gwo reyinyon solidarite avèk PVVIH yo, envite enfekte yo pou sispann konsidere tèt yo tankou moun ki viktim, men pou adopte de preferans atitid pozitif epi reskonsab, jis pou yo kapab reprann kontwòl lavi yo.

Konsekans sa ka genyen

Apre gwo reyinyon sa a ki te fèt nan ane 1999 la, anpil rezo, tankou Sant Kominikasyon sou SIDA (CECOSIDA), ki se yon rezo ki fèt ak jounalis te fonde. Selon direktè Promosyon Objektif Zero Sida (POZ) a, doktè EDDY Génécé, gwo reyinyon sa a se yon gwo pa ki fèt nan lit kont SIDA ann Ayiti.

«Desidè yo kòmanse sansiblize. Plan estratejik nasyonal la gen yon moso ladan l ki bay yon gwo plas nan sa ki konsène swen ak sipò. Nou genyen plis moun k ap viv ak VIH/SIDA a», ki deklare l devan tout moun.

Plan estratejik Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP)se bay yon plas enpòtan a zafè depistaj volontè (moun ki pran inityativ fè tès la poukont yo), pou sa gen anpil sant ki disponib nan peyi a.

Yon ekip enstitisyon tankou fondasyon POZ mete tou pou PVVIH yo, yon seri tu gwoup sipò ak asistans pou bay konsèy jis pou fè vanse travay depistaj la..

«Nou fè tès. Nan ka kote moun ki fè tès la pa gen anyen, si il dakòl, nou kontinye kenbe kontak avèl. E moun sa a soti lakay nou avèk yon pakè ki chaje ak enfòmasyon. Nou envite l pou l voye paran l ak zanmi yo pou pase wè nou. Sizanka moun ki fè tès la ta enfekte, nou envite li pou vin rantre nan gwoup sipò nou rele gwoup antrèd kominotè», daprè doktè Génécé.

Yo remèt manm chak gwoup antrèd kominotè yo yon kinzèn pake. Chak pake genyen pat dantifris, bwòs dan, razwa, vitamin, kapòt, Baktrin (antibyotik).

Deja nan ane 1998, anvan menm gwo reyinyon an te fèt, Fondasyon POZ te mete sou pye yon seri gwoup sipò ki rele GIPA ki vle di ann angle (Greatest Involvement of People Living with AIDS) ki te bay defans moun sa yo privilèj, malgre mwayen l yo pa t pi gwo pase sa.

Pandan menm ane sa a, Telefòn Ble vin parèt, se yon mwayen ki pèmèt anpil moun (pi fò ladan yo se jèn nan kapital la ak nan prensipal vil pwovens Ayiti yo), jwenn enfòmasyon sou enfeksyon VIH, sou fè bagay ak planin familyal, san yo pa bezwen bay pyès eksplikasyon sou tèt yo, san yo pa bezwen deplase.

Selon madan Magalie Chèrenfant ki se responsab pwogram sa a, Fondasyon POZ gen lontan l ap karese lide pou sèvis Telefòn Ble a ta kapab sèvi popilasyon an 24 sou 24 , jis pou yo kapab pèmèt moun ki okipe nan maten oubyen ki pa gen telefòn kapab rele lè yo gen posiblite a.

Deklarasyon premye gwo reyinyon solidarite ak moun k ap viv avèk VIH/SIDA yo 21-22-23 avril 1999

Nou menm, reprezantan òganizasyon ak moun ki patisipe ak pwòp volonte pa yo, ki rasanble nan "Hôtel Ritz Kinam II" nan Petyonvil, soti 21 pou rive 23 avril 1999, nan kad premye gwo reyinyon nasyonal solidarite ak viktim SIDA nan peyi d Ayiti yo, nou pran konsyans sou sitiyasyon mete sou kote ak diskriminasyon moun k ap viv ak VIH/SIDA (PVVIH) vle atire atansyon tout sosyete ayisyèn nan sou bezwen yo genyen nan tèm swen, sipò ak konsiderasyon PVVIH yo ann Ayiti; pandan nou vle sitou ankouraje PVVIH yo kase silans ak soti anba lonbray, nou chwazi evènman istorik sa a pou n deklare sa yo:

1. PVVIH yo dwe pran reskonsablite kòm moun ki enfekte epi pa kache sa nan okenn okazyon, san prejidis epi san sa pa atake pèsonalite yo kòm moun;
2. Pouvwa piblik yo dwe mete yon klima jistis byen balanse ki an favè PVVIH yo;
3. Kote ki rantre nan batay kont SIDA dwe sèvi ak eksperyans PVVIH yo, espesyalman nan travay edikasyon, enfòmasyon ak sipò;
4. PVVIH yo dwe sispann konsidere tèt yo kòm viktim men pito yo dwe kenbe atitid pozitif epi reskonsab jis pou yo kapab repran kontwòl lavi yo;
5. Tout sosyete sivil la dwe apiye leta nan jefò solidarite l ap fè avèk PVVIH yo nan sipò ka yo mande.

Deklarasyon sa a fèt nan Petyonvil, jounen vandredi 23 avril 1999 la

AOPS * APROSIFA * ASON * ASPHA * BIREBS * CARE HAITI * CDS * CECPH * CEPROMEC * CONAHDE * CPFO * FANM YO LA * FEPLS * FNUAP * FOSREF * GHESKIO * GRASADIS * HELP * HTN * INSHAC * JHM * MAISON ARC-EN-CIEL * MSPP * MSPP-IDA * NPFS * ONUSIDA * OPS/OMS * PANOS INSTITUTE * PLAN HAITI * PNUD * POLICY PROJECT * POZ * PREVENCION IDS * PSI HAITI * RADIO CARAIBES * RADIO GALAXIE * RADIO GUINEN * RADIO KISKEYA * RADIO MEGA STAR * RADIO PHARE * RADIO PLUS * RADIO ST. LUCIA * REDOVIH+ * SHP * SIGNAL FM * UNASCAD * USAID * VDH * WORLD VISION * ZANMI LASANTE

Responsablite ak Disiplin

Esther Boucicault se fanm enfekte ki pi angaje l devan je tout moun nan lit l ap mennen pou anpeche maladi sa a simaye plis, epi nan pran responsablite lòt moun ki enfekte epi ki afekte ann Ayiti. Li plenyen anpil akoz se pa tout moun ki enfekte ki kapab jwenn medikaman pou yo sèvi, pandan li fè konnen pran medikaman yo mande yon bon disiplin.

Li deklare «Li ta bon si tout moun te kapab jwenn medikaman pou yo pran», men fòk genyen selon li menm, "yon kanpay edikasyon san rete." Li te ajoute «Fò ou aprann moun ki enfekte a fason pou l byen pran medikaman l yo, pou l pran yo nan lè yo di l la, li dwe byen konn kò li, sitou li dwe kapab jere lòt ti pwoblèm maladi ki vin avè l yo. Nan kèk ka, fòk gen yon travayè sosyal pou ede malad la, pou gade kijan sante l ap evolye, lòt pwoblèm akote yo, kontwole tès yo, tankou CD-4, chaj viral. Fòk gen yon bilan jeneral tanzantan.»

«Mwen pa janm bouke pran medikaman yo. Pandan tan sa a, mwen vin remake medikaman yo twò fèb pou mwen. Mwen vwayaje pou m al gade kijan kò a ap mache epi doktè yo ban m lòt kalte medikaman. Koulye a mwen pran Zyajèn (Ziagène), Virasèp (Viracept) ak Sostivan (Sostivan). Mwen pran 7 grenn chak maten ak 10 chak swa. Fòk ou genyen bonjan disiplin pou pran medikaman sa yo. Pa ekzanp, mwen konnen mwen pa dwe pran Sostivan an apre m fin manje, paske medikaman sa a pa vle wè grès, se pou l kapab fonn fasil nan kò a», se sa Estè Bousiko, manman 2 pitit fi, youn ladan yo ki gen viris la tou, deklare.

«Medikaman sa yo kreye lòt pwoblèm kay malad la. Mwen gen lakranp nan pye. Mwen soufri kolestewòl, sik, epi mwen ipètandi. Mwen pran ensilin mwen 2 fwa nan yon jounen: 35 mililit maten ak 15 mililit aswè. E mwen manje anpil salad, anpil fwi. M pa manje ni vyann bèf, ni vyann kochon. Mwen manje pou l peyi, men m pa manje pou l etranje ki gen twòp òmon», se sa li kontinye di.

Negosye medikaman jenerik kont SIDA
14èm konferans entènasyonal sou SIDA a te ouvè nan peyiBaselòn nan mwa jiyè 2002 avèk yon kout rèl pou gen medikaman jenerik ki pa chè ki disponib pou peyi pòv yo pou frennen epidemi SIDA a k ap fè dega toupatou sou tè a. Alò, reyinyon an te kòmanse nan kapital Katalàn, plis pase 500 moun t ap manifeste nan lari lavil la pou mande mwayen pou yo kapab jwenn treman antiretwoviwo pou 10 milyon moun nan peyi ki pi pòv yo anvan 2004.

Peter Piot ki se direktè ekzekitif ajans ONUSIDA a, demanti zafè li enposib teknikman pou yo bay medikaman pou plizyè milye moun nan peyi ki pi pòv sou tè a.

"Mond la ap gade SIDA ki fin anvayi Afrik Sibsaharyèn, san yo pa fè anyen. Piot deklare devan 15 mil moun ki te rasanble pou seremoni ouvèti konferans la, ki dire yon semèn, sa pa dwe rete konsa.

Li kontinye di "Nou pa kapab rete la ap gade sèlman, tandiske menm bagay la ap repete sou lòt kontinan yo, epi koulye a nou pa dwe abandone kouri kite Afrik.

"Sou plan teknik, tretman an pa enposib nan chak pati mond la (...) Se pa konesans ki prezante baryè pou nou, se volonte politik, se sa chèf ONUSIDA a ajoute.

Selon ajans loni an , maladi a apèn kòmanse e li kapab touye 70 milyon moun nan 20 ane k ap vini la yo, alò maladi a kontinye ap make pa ann Azi ak ann Ewòp de Lès. VIH la afekte jodi a 40 milyon moun sou tout tè a. Afrik subsaharyèn gen 28,5 milyon e 30 mil sèlman jwenn yon tretman ka yo mande.

Yon repons ki bay kè plen

Devan rezilta chif sa yo, ekspè yo retekwè fòk ta genyen 10 milya dola chak ane pou yo ta kapab lanse yon bon pwogram prevansyon a tretman avèk medikaman jenerik. Pou koulye a se sèlman yon tyè nan lajan sa a yo te rive jwenn.

"Repons donatè yo te touche kè n, alò kantite lajan sa a egal sèlman 4 jou depans militè yo ansanm", se sa Mogha Smith ki soti nan ONG britanik OXFAM te jije.

Pandan 2 dènye ane sa yo, pri tretman antiretwoviwo yo bese pi piti pase 90% ann Afrik anba presyon militan yo. Koulye a, li rete apa pou plizyè milyon enfekte ki pa kapab rantre nan pwogram kominote entènasyonal yo.

Pou Morten Rostrup ki se prezidan Medsen san Fwontyè, manke volonte politik

"Pa vin di m nou pa gen mwayen pou sa. Nou te aprann avèk 11 sektanm li te posib pou yo mobilize yon gwo kowalisyon ak plizyè milya dola nan kèk semèn pou konbat yon menas ansanm".

"Sa se yon krim kont limanite, se pa anyen lòt, se sa li kontinye di.

Kontrèman ak Esther, Saurel chwazi pa pran medikaman antirektwoviwo yo.

«Mwen pran vitamin yo. Mwen aprann konn kò m byen. Mwen konnen lè yon enfeksyon kòmanse soti, mwen dwe ale kay doktè. E mwen pran anpil prekosyon kont tibèkiloz», se sa Sorèl esplike.

«Sa ki pi enpòtan an, se konnen ou gen anpil enpòtans e ou ap kontinye viv. Epi ou dwe genyen yon konpòtman resp onsab nan koze fè bagay. Ou kapab enfekte tèt ou ankò epi ou mouri pi vit. Fòk ou pozitif. Mwen vle wè 3 timoun mwen yo grandi devan m», se sa dirijan ASON an te di pou l fini.

Yon medikaman tou nèf ki bay anpil espwa kont SIDA

Yon bon medikaman ki atake viris SIDA a yon lòt fason, bay bon rezilta nan premye esperyans yo avèk li sou moun e koulye a tès yo vin pi laj, se sa laboratwa ki fè medikaman sa a anonse.

Gwoup britanik Glakso Smit Klin (GlaxoSmithKline), devlope nan tèt kole ak japonè Chionogi (SHIONOGI) , S-1360 yo rele tou GW810781. Li presize li te bay 24 moun ki pat malad li, san sa pa ba yo okenn pwoblèm.

Pwodui sa a pi bon pase yon seri lòt medikaman kont SIDA yo rele inibitè entegre ki anpeche viris VIH la antre al sere jèm li yo nan ADN nòmal yon selil.

"S-1360 se pa yon medikaman ki bay pwoblèm, pa gen anpil moun ki te kòmanse pran l ki kanpe sou li, se sa doktè Michelle Berrey nan GlaxoSmithKline (GSK) di pandan l ap presize efè endesirab yo se kèk demanjezon ak kèk ka mal tèt.

Se konsa nan mwa ki sot pase a GSK lanse tès "Faz II l la, nan tès sa a gen yon santèn moun ki gen VIH la Ozetazini ki patisipe. Yo pral konnen rezilta tès sa yo nan kòmansman ane k ap vini an, si tout bagay mache byen, yon moun ap kapab jwenn medikaman sa a nan ane 2006.

Inibitè entegre se dezyèm kategori medikaman yo mete deyò nan okazyon 14èm konferans entènasyonal sou SIDA a nan Baselòn, sa ki montre rechèch sou medikaman yo kontinye ap pwogrese chak jou pi plis tou, tandiske menm peyi ki pi pòv sou tè a poko genyen reyèlman aksè nan tretman premye jenerasyon yo, nan ansyen tretman yo.

Laboratwa swis ki rele Rochela ak sosyete amerikèn byoteknoloji Trimeris, yo anonse plizyè tès yo fè montre "inibitè fizyon" T-20 yo genyen ki fenk parèt la kapab bese kantite viris nan san malad konparativman ak tretman yo abitye pran yo.

Faz devlopman medikaman sa a pral fini anvan lontan e moun kapab kòmanse jwenn li nan premye trimès ane k ap vini la a.

Okipasyon moun ki ap viv ak Sida yo

Adeline Benoit di «Kèk fwa, menm doktè yo konn twomatize ou. Li pi bon pou pa di doktè a si ou enfekte, si sa pa nesesè».

Li di, erezman, gen yon gwoup dam nan legliz li a ki ede l reprann li, yo ede l konbat tristès tout moun te kapab wè sou figi l epi li antre nan Konsèy Konsiltatif (CAB) yon seri sant ki rele Gwoup Ayisyen Etid Sendwom Karposi ak Enfeksyon Opòtinis yo (GHESKIO) kote li kapab jwenn swen ak medimakan tanzantan.

«Chak fwa mwen dwe ale nan Sant GHESKIO, se kòmsi se yon benediksyon ki soti nan syèl. GHESKIO ede anpil moun viv avèk maladi a nan jwenn soulajman pou enfeksyon opòtinis yo. Men anviwònman an pa fasil avèk yon santèn malad chak jou. Ou resevwa medikaman nan ti sachè ki pa toujou byen vlope».

Yon lòt kote, gen CARE k ap travay depi 1980 nan sektè sante a nan plizyè rejyon d Ayiti. ONG amerikèn sa a patisipe san pwoblèm nan tout pwogram prevansyon ak yon pwogram ki gen ladan l swen sante pou PVVIH. Nan lane 1999, li te kòmanse yon pwojè pilòt ankadreman nan Grandans (Sidwès Ayiti), nan tèt kole avèk Ministè Afè Sosyal, nan lide pou l bay kominote yo lapawòl dirèkteman nan Inite Kominal Sante (UCS).

Esther Boucicault fè konnen bò kote pa l, anpil nan lopital yo pa vle etène PVVIH yo. Depi yon lopital konnen yon malad enfekte, li mande pou yo ba l ekzeyat san pèdi tan.

Li kontinye di «La, genyen yon gran reskonsablite. Ou byen konnen moun nan enfekte, moun nan konn sa tou, epi ou kite l ale san ou pa pran okenn konsyans. Moun sa a pral kontinye viv epi li pral kontamine lòt moun».

ASON pran pati nan yon pwogram swen li bay lakay PVVIH yo nan yon katye pòv ki chita nan yon zòn rezidansyèl anwo Pòtoprens. Depi prèske yon ane, òganizasyon Plan Ayiti devlope lide sa a sou wout Frè kote gen vizit yo fè tanzantan kay PVVIH yo. Nan moman vizit yo, moun ki enfekte yo resevwa yon pakè ki gen medikaman ak pwodwi premyè nesesite yo. Men sa ki pi enpòtan an, se kapasite pou avèk moun nan devan fanmi l epi ranfòse maryaj sosyal yo.

Gen Triterapi: men ak yon limit

«Jodi a nou gen posiblite pou n ofri triterapi bay volontè ki patisipe nan vaksen yo te eseye yo, menm lè sèvi ak metòd sa a se pa pibon swen ann Ayiti ak nan rejyon an», se sa doktè William Pape, ki se direktè jeneral Sant GHESKIO, ki se prensipal enstitisyon rechèch ak pran swen PVVIH yo ann Ayiti deklare.

Doktè Pape pa kache kè sote li genyen pou li wè volontè ki patisipe nan eseye vaksen yo, pran plis chans ki ka koz yo pran maladi a, jan yo te pwouve sa te fèt nan peyi Etazini a.

Direktè jeneral Sant GHESKIO a di «Triterapi a pa dwe kòmanse touswit apre dokimantasyon enfeksyon malad la a VIH la. Pou plizyè rezon, tankou bès nan peryòd pou yo pran medikaman yo ak pwoblèm ki marye ak rezistans medikaman an, triterapi a fèt sèlman lè maladi kòmanse dire sou malad la. Se pa akoz yon malad resevwa dòz sa a, pou l konprann li pral geri pou sa, paske jis kote n ap ekri la a, SIDA toujou rete yon maladi san tretman. Se sa ki fè li nesesè pou yon moun pa ta aji nenpòt kijan ak tèt li, pou maladi sa a pa antre sou li.

Kliyantèl prive a ogmante

Malgre pri medikaman an yo soti nan 1250 pou rive nan 150 dola ameriken chak mwa, sa depan de sa ki genyen pou vann nan peyi a, pifò ayisyen k ap viv ak VIH pa kapab jwenn lajan sa a. Ta dwe gen yon bidjè ki nan anviwon 3 milyon dola ameriken pou ta genyen plis medikaman antiretwoviwo nan peyi a.

Dapre doktè Eddy Génécé (Fondasyon POZ) «Nou an reta anpil sou dosye sa a. Pwogram nasyonal la chita yon fason espesyal sou prevansyon, aktivite ki konsène pran responsablite ak sipò sa gen sèlman 2 ane depi li kòmanse. Jis koulye a, moun ki ap finanse yo, pa gen sa a nan lis priyorite finansman yo».

Akoz li pa gen eksperyans nan domèn ki mande yon kontwòl patikilye, POZ pa deside rantre nan afè medikaman antiretwoviwo yo, sèl si l gen yon pwogram nan tèt kole ak lòt kote k ap travay nan menm domèn nan.

Sepandan «fè enfòmasyon yo pase toupatou ak bese pri medikaman yo, yo nan sa ki montre ogmantasyon sa a nan sa ki konsène kantite PVVIH ki al kay doktè yo. Gen malad ki gen mwayen e ki kapab peye sèvis ki alawotè yo». Se sa doktè Damoklès Patris Sevè (Damoclès Patrice Sévère), ki se yon espesyalis maladi enfektyez yo epi reskonsab IST/SIDA nan Sant GHESKIO.

Yon seri doktè ki pa vle yo site non yo, pwopoze pou yo ta mete estrikti an plas pou yo kapab fè epi vann medikan jenerik yo, jan sa fèt nan anpil peyi tankou Brezil ak Ajantin. Nan mitan pwofesyonèl ki pre sektè sante yo, yo pale sou «enterè» divès antrepriz ki vann pwodwi medikaman ak laboratwa nan peyi a nan fè medikaman jenerik yo.

Ougan ak medsin natirèl

Esther Boucicault k ap dirije yon fondasyon ki gen menm non avè l deklare «Moun Sen Mak te wè m malad anpil epi refè pandan ane ki sot pase la yo. Mwen fè yo sezi, paske mwen fè yo wè sa yo te panse de nou an se pa sa».

Fondasyon Esther Boucicault travay avèk ougan epi byen souvan fondasyon an patisipe nan sesyon fòmasyon pou anplwaye lopital Sen Mak la ak konkou anpil enstitisyon, tankou POZ ak "Family Health International (FHI/IMPACT). Esther Boucicault wè li nesesè anpil pou yo foure ougan yo tou nan batay k ap mennen kont maladi SIDA a. Souvan, doktè yo konn santi yo pa kapab bay malad yo rezilta tès yo, sa depan de kwoyans malad sa yo, yo panse se yon «movèzespri» ki frape yo.

Yon moun ki gen zona kapab kwè se yon mò ti bebe yo voye sou li. Nan tèt pa l, chak lè ti bebe sa a ap souke kò l, zona a ap ouvè sou po l tou. Nan yon ka konsa, li pi bon pou fè ougan yo pran konsyans pou yo konnen maladi a, epi pale yo sou tout bagay nèt, paske gen yon seri bagay ougan yo konn fè ki kapab lakoz yon moun ki pa t enfekte vin enfekte, se sa Madan Boucicault presize.

«Jis koulye a, gen anpil moun nan popilasyon an ki pa al kay doktè pou yon seri maladi senp, alevwa pou sida ki rete yon defi menm pou syantifik yo», se sa Jacob Pierre ki gen 54 an deklare. Jacob se manm aktif yon asosiyasyon ougan epi li gen peristil li nan Kafou Fèy (yon zòn ki chita nan Sidès kapital la).

Jacob pa di li kapab trete SIDA, men li fè konnen «lè yon moun santi kò l pa bon, li vin lakay li, li dwe jete dlo, bat yon kat, pase yon chapit, pou l wè kisa moun nan genyen».

Ougan Pierre mande pou ta gen yon medsin natirèl ak sa ki gen nan plant yo, menm jan ta dwe gen bon jan relasyon ant moun ak anviwònman l ap viv la. «Tout bagay sa yo nan lanati, li sèlman bon pou genyen kèk konesans pou kapab mande lanati pou l reponn kèk pwoblèm pou ou, tankou SIDA».

Lè yo mande l konbyen yon tretman koute nan peristil li a, li di travay li a pa gen pri, moun li trete a ap bay sa l genyen. Nan kèk ka, kèk malad toujou vle konnen sa ougan an panse sou sa li fè anplis pase doktè a, se sa Jacob ajoute.

Sa k ap fèt

Otorite yo bay lit kont VIH/SIDA priyorite. «Nou konsyan anpil sou sitiyasyon an ak ti mwayen nou genyen n ap fè sa nou kapab nan tèt kole ak lòt òganizasyon sosyete sivil ayisyèn yo ak konkou enstitisyon peyi etranje yo pou kontwole epi anpeche VIH/SIDA a gaye plis nan peyi a», se sa minis Sante Piblik la, doktè Henri Claude Voltaire deklare nan yon entèvyou.

«Nou nan yon peyi kote tout bagay se priyorite», se sa li di, pandan li ajoute «lit kont VIH/SIDA konsène tout peyi a, se pa sèlman gouvènman an, paske povrete, anpil moun ki pa konn li ak ekri, chomaj, tout se rezon ki fè maladi sa a k ap mache touye yon bann moun chak jou epi kite fanmi yo dlo nan je san yo pa konn sa pou yo fè, gen plis chans antre sou popilasyon an».

«N ap goumen pou n miltipliye fòs nou, pou n kapab al pote kole ak kominote syantifik nasyonal ak entènasyonal yo pou jwenn solisyon maladi sa a merite, ki gen konsekans sosyo ekonomik grav», toujou daprè minis Henri Claude Voltaire.

Li rete pou n konnen ki mwayen ki pral aplike pou kontinye asire yon swivi ki mache ak plan estratejik nasyonal ki prepare sou kesyon SIDA a, espesyalman nan sa ki konsène reskonsablite ak mwayen pou PVVIH yo jwenn swen sante yo.

Menm si pri medikaman yo bese anpil apre akò ak laboratwa ki fè medikaman yo, jwenn lajan pou ede kòmsadwa PVVIH yo, rete yon pwoblèm pou nou pa mete sou kote. Paske, non sèlman kantite lajan ki la pou koze SIDA a, se yon lajan ki dwe sèvi pou plizyè ane, men kantite lajan ki la pou sa se ak anpil difikilte pou rive pran reskonsablite yon ti ponyen PVVIH ak li.

Malgre sa, PVVIH yo dwe gen anpil espwa ak bese pri medikaman yo bese a. Eseye vaksen yo, ki te kòmanse ann Ayiti nan ane 2001 an, kòmanse pote fri, e kapab bay pi bon rezilta pase vaksen yo te eseye Trinidad ak Brezil yo, dapre plizyè enfòmasyon menm jan. Mete sou sa, nan repiblik sa a nan Karayib la, efè tranmisyon vètikal yo bese anpil, gras ak jefò kèk enstitisyon k ap travay ak PVVIH yo deplwaye.

Nan kontèks sa a, li bon pou n fè konnen ASON gen lide pou l òganize nan kapital la yon chita pale ak jiris yo pou mete sou pye lwa k ap la pou pwoteje dwa moun k ap viv ak VIH yo, dapre sa Saurel Baujour gen nan lide l.

Kèk nan enstitisyon referans yo

Association for National Solidarity (ASON)
16, rue Malval, Turgeau
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 555-2219
Email: ason@mediacom-ht.com

CARE
92, Rue Grégroire
Pétion-ville, Haiti
Tel: (509) 257-1571/5358/5389
Fax: (509) 257-6785

Catholic Relief Services (CRS)
1, Delmas 81
B.P. 1118
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 249-1992/ 510-4586

Centre for Communication on AIDS (CECOSIDA)
c/o POZ
2, rue Tertulien Guilbaud, Bourdon
Port-au-Prince, Haiti

Centres GHESKIO
(Groupe Haïtien d'Étude du Sarcome de Karposi et des Infections Opportunistes)

33, Bicentenaire
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 222-0031/2241
Fax: (509) 223-9044

Family Health International/IMPACT
83, rue Lambert/Rigaud
Pétion-ville, Haiti
Tel: (509) 257-9100

Foundation Esther Boucicault Stanislas (FEBS)
24, Rue Bonnet
St. Marc, Haiti
Tel: (509) 279-9144/9165

Foundation Promoters of the Goal No-AIDS (Fondation Promoteurs de l'Objectif Zéro-SIDA) (POZ)
22, Rue Carlstrom
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-2308/244-4024

Haitian Institute of Childhood (IHE)
41, Rue Borno
B.P. 15606
Pétion-ville, Haiti
Tel: (509) 257-3101/ 1508/ 510-8438

Haitian Medical Association (AMH)
33, 1ère Avenue du Travail
Port-au-Prince, Haiti
Email: amh@haitiworld.com

Ministry of Public Health and Population (MSPP)
Palais des Ministères
Champ de Mars
Port-au-Prince, Haiti

Pan-American Health Organisation / World Health Organisation (PAHO/WHO)
295 Ave John Brown/Lalue
B.P. 1330
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-0764 /8666/ 8695
Fax: (509) 245-1732

Plan Haiti
Impasse Lily No. 3, Rue Stephen
Delmas 60
Port-au-Prince, Haiti
Tel/Fax: (509) 256-1438 / 4229
Email: comhti@planinternational-ht.org

Rainbow House (Maison Arc-en-Ciel)
Rue Beaulieu, Boutilliers
Pétion-ville, Haiti
Tel: (509) 246-5596 / 557-2948
E-mail: arcenciel@acn2.net

United Nations Children Fund (UNICEF)
17 rue Armand Holly, Debussy
B.P. 1363
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-1404/1424
Fax: (509) 245-1877

Media Briefing Index