![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Fowòm sou «Timoun ak Vyolans» yo te fè nan ane 1996 la ak lwa palman ayisyen an vote nan mwa sektanm 2001 an, mete sou lis nwa mal sa a k ap fini ak sosyete ayisyèn nan espesyalman timoun yo. Nan mwa novanm 2001, Ayiti te òganize premye rankont rejyonal sou vyolans k ap fèt sou timoun nan mitan fanmi yo. Se te yon okazyon pou anpil sektè nan sosyete a prezante kòman vyolans la ap fè dega, men tou kòman yo fè l sou timoun yo epi kalkile ki kote yo kapab pase pou jwenn yon solisyon pou pwoblèm sa a. Doktè Legrand Bijoux ki se yon sikyat (moun ki okipe l de maladi mantal) epi ki se youn nan responsab Sant Edikasyon Espesyal (CES), esplike vyolans la, tankou tout sitiyasyon ki fè yon moun mal swa nan kò l oubyen ki touche pèsonalite l. Sikològ Vania Berrouet ki te pale tou nan gwo reyinyon ki te fèt nan ane 1996 sou timoun ak vyolans la, fè konnen "genyen vyolans, chak fwa ke nan yon bouch louvri ak yon moun, gen yon presyon moral oubyen fizik ki fèt epi wete kèk dwa moun sa a genyen, atake entegrite fizik oubyen moral li, wete nan dwa li genyen pou l deside, oubyen, wete dwa sa a nèt.(*1) Chak jou, timoun ann Ayiti yo kwaze ak kalite pwoblèm sa a sou wout yo. Kit se nan lekòl, nan fanmi yo, nan lari oubyen nan relasyon yo gen ak leta, vyolans la ap pou swiv timoun yo, epi li vin tounen yon bagay nòmal nan lavi yo chak jou. Aprann anba presyon fwèt Depi nan ane 1843, sou gouvènman prezidan Jean Pierre Boyer (prezidan peyi d Ayiti soti 1816 pou rive 1843), yo te defann yo bat timoun yo nan lekòl. Pandan tan sa a, jis kounye nan ane 2002 a, gen kèk lekòl k ap kontinye bay timoun yo tout kalite move pinisyon. Rigwaz (po bèf trese), matinèt, règ, se kèk nan zouti pwofesè yo sèvi pou bat elèv yo sitou nan lekòl primè, pou yo kapab fè yo aprann. Nan kèk lekòl zafè fwèt la obligatwa, alòke nan kèk lòt, se pwofesè yo ki deside poukont yo pou yo sèvi avè l san ke ni asosiyasyon k ap travay nan domèn nan ni leta pa di yon mo nan sa. Gen lòt kalite pinisyon yo bay timoun yo tou: Pwofesè yo mete elèv yo ajenou nan mitan flanm solèy, yo pichkannen (penchen) yo ak zong yo, yo rale zòrèy yo, eksetera. Vyolans vèbal se yon bagay yo fè anpil nan klas yo. Byen souvan, lè timoun pa konprann yon leson pwofesè a fin esplike yo, li rele yo kreten, moun sòt. Vanya Bèwèt ki koulye a ap bay yon koutmen nan Fondasyon Ayisyèn Ansèyman Prive (FONHEP), pale tou sou vyolans kiltirèl. Selon Madan Berrouet vyolans kiltirèl fèt " lè lekòl la bliye reyalite timoun yo ap viv. Sa yo genyen an, li di yo li pa bon, li pral aprann yo sa ki vre a, paske sa yo di a pa bon"2 Sepandan, nan anpil seminè fòmasyon sou kesyon vyolans , li òganize avèk pwofesè yo, Madan Berrouet di li reyalize ke efraksyon pwofesè yo denonse yo, se te efraksyon minè. Li fè remake, "Ann Ayiti, nou pa gen ka ki grav kote gen vyolasyon dwa timoun, tankou nou wè sa koulye a Ozetazini, kote timoun yo oblije pase anba yon aparèy ki la pou l fè konnen lè yon moun ap pase ak nenpòt kalite zam sou li."(*3) Malgre lwa yo anpeche yo bat timoun, yo pa janm mete okenn bon estrikti pou sipèvize sa. Madan Berrouet deklare, pandan peryòd 1986 pou rive 1996, gen sèlman 3 plent yo pote kont pwofesè.Yo te oblije revoke yo. Nan ka sa yo, gen nan timoun sa yo, ki te blese nan dwèt ak nan ponyèt. Mwen rankontre 2 timoun nan yon kamyonèt, se Henry ki gen 7 an ak Albert ki gen 9 an, yo fè konnen yo bat yo nan lekòl yo a. Manman timoun yo ki te nan kamyonèt la tou, deklare li pa wè sa mal, paske timoun li yo dezòd anpil. Madanm nan kontinye di "Mwen konnen y ap fè yo kite dènye mès nan lekòl sa a, deja se poutèt sa mwen te mete yo ladan l." Paran yo mele tou nan vyolans k ap fèt sou timoun nan lekòl yo. Mete sou sa, toujou gen vyolans nan fanmi yo. Dapre yon ankèt 20 timoun ki patisipe nan pwogram Plan Ayiti yo fè nan mwa out 2002 nan vil Jakmèl nan plizyè kouch nan popilasyon an, pwofesè yo se dezyèm kategori moun nan popilasyon an ki pa respekte dwa timoun, moun ki pa konn li ak ekri yo se yo menm ki pi pa respekte dwa timoun yo. Fanmi: Premye responsab Nan fanmi l, se premye kote yon timoun ta dwe santi li alèz, epoutan se premye kote li kòmanse konnen sa ki rele vyolans la. Kit yo fè vyolans sa a sou timoun nan oubyen sou lòt moun nan fanmi an devan l, timoun nan ap viv yon kote ki gen zak britalite k ap fèt sou moun. Menm pi vye pinisyon yo bay timoun yo, yo konsidere yo tankou pi bon mwayen pou timoun nan kapab gen yon bon pèsonalite, pou l kapab vin yon moun serye demen. (*4) Gen anviwon 9 fanm ak 9 gason sou chak 10 moun, ki panse se yon bagay nòmal pou yo bay timoun yo kèk kalòt oubyen kèk tap pou fè timoun sa yo poze yo, selon yon ankèt yo fè sou mòtalite, mòbidite (rapò ki genyen ant kantite malad ak yon popilasyon) ak itilizasyon sèvis 2000 yo (EMMMUS III) Ministè Sante Piblik ak Popilasyon te mennen nan ane 2000. Mete sou sa, gen 15 sou chak 100 fanm ak 23 sou chak 100 gason ki panse se yon bagay nòmal pou yo bat timoun yo. 87 % fi ak 74% gason rekonèt, pafwa ou menm souvan yo bay timoun yo kèk sabo oubyen kèk tap pou fè yo aprann tande. Mete sou sa, 39% gason rekonèt pafwa menm souvan yo bat timoun yo. (*5) Chif nou sot wè anwo yo. Ki mete timoun yo nan yon sitiyasyon pi ba pase granmoun. Doktè Bijoux rezime pwoblèm sa a nan 2 pwovèb ayisyen ki di : " Timoun se ti bèt", " Ti nèg se baton ki fè l mache." Nan tout ka yo timoun yo se soukont granmoun yo ye, e se granmoun yo ki pou pwoteje yo akoz feblès yo, ak kapasite yo ki manke devlope, se pou sa li nesesè pou konvansyon sou dwa timoun nan aplike. Tablo II: Vyolans yo fè nan kay yo, ak jan yo maltrete
timoun yo
Kèk paran yo te poze kesyon panse yo gen dwa e menm devwa, pou yo korije pitit yo. Elvie ki se yon machann fritay, di "nan tan sa a, timoun yo tèlman dezòd, yo pa tande lè yo pale ak yo, yo pa respekte moun, se sèlman 2 kout baton ki kapab mete yo nan plas yo. Pitit gason Elvie a ki rele Patrick di, li pa renmen lè manman l bat li. Li kontinye di, pafwa manman l bat li san li pa janm konnen poukisa. Poukisa nan peyi d Ayiti nan chif estatistik ki bay yo, toujou gen plis fanm k ap bat timoun? Yon istwa sikològ Edwige Millien te rakonte nan fowòm sou "Timoun ak Vyolans" kapab fè nou konprann sa pi byen: "Jeannette se yon ti fi manman l te konn bat souvan. Manman Jeannette se yon moun yo te konn bat tou lè li te piti. Se papa l ki te konn bat li. Pou l te wete kò l nan mizè sa a, pandan li te tou jèn, li te oblije al plase ak yon nèg. Nèg sa a ki te konn bwè tafya anpil, kontinye bat manmzèl pi rèd."(*6) Sa montre vyolans lan se yon chenn, e se sa ki pi piti yo ki ap toujou viktim pi plis. Nan peyi d Ayiti, medam yo viktim anpil anba vyolans. Rezilta EMMUS III yo montre nan rejyon kote yo jwenn gen plis vyolans sou fanm yo, li parèt gen plis vyolans sou timoun yo. Konsa, ankèt EMMUS III fè a di ke medam ki dakò ak zak vyolans nan kay yo pi souvan, soti nan Grandans 21%, Nòdwès ak Latibonit; depatman sa yo se kote yo jwenn plis vyolans nan kay.(*7) "Vyolans lan se rezilta mwayen nou pa genyen pou rezoud konfli san britalite. Sa mande kominikasyon, negosiyasyon ak refleksyon. Yo pa anseye teknik sa yo nan lekòl, moun yo dwe konnen timoun yo kapab gen disiplin san yo pa bezwen bat yo", Se sa Stefanie Conrad, ki se responsab kominikasyon nan Plan Ayiti yon ONG ki met timoun nan mitan tout aktivite l yo. Anpil espesyalis deklare konsekans vyolans sou timoun pi rèd lè timoun sa a te asiste zak vyolans yo fè devan l sou yon lòt, ke se lè se sou il menm vyolans la te fèt. Doktè Bijoux fè konnen selon rechèch ki fèt nan peyi Kanada, yo montre rezilta vyolans la pi mal, lè yon timoun t ap asiste vyolans k ap fèt sou yon lòt moun oubyen lè y ap fè vyolans lan sou yon moun li renmen. Yon ankèt Bank Entè amerikèn Devlopman (BID) te fè nan peyi Nicaragua, prezante konsekans vyolans kapab genyen espesyalman sou edikasyon timoun yo. Selon etid sa a, 63% timoun ki nan yon fanmi kote y ap fè vyolans sou medam yo, double yon klas epi byen souvan anpil kite lekòl depi laj 9 an, tandiske bò kote medam ki pa viktim anba gwo pwoblèm sa yo, se nan laj 12 an timoun sa yo kite lekòl.(*8) "Vyolans nan kay se yon pwoblèm ki konsène sante, la lwa, ekonomi, edikasyon, devlopman epi anvan tout bagay, dwa moun, se sa Merhr Khan, ki se direktè rechèch Inosennti nan INISÈF pandan ane 2000 la, fè sonje. Yo maltrete restavèk yo plis Malgre nan lwa peyi a sou travay timoun yo, li pa bay timoun yo twòp avantaj, koze restavèk la se yon bagay ou rankontre anpil ann Ayiti. Yo pran, plizyè dizèn milye timoun ki gen ant 5 pou rive 18 an nan men fanmi yo, pou al travay pou granmesi oubyen pou yo kapab voye yo lekòl. Menm si Kòd Travay la bay otorizasyon pou yon moun bay yon timoun rete ak lòt depi timoun sa a gentan gen 12 an, Enstiti Byenèt Sosyal (IBESR), di li pa dakò ditou ak pratik sa a. Yon lòt kote, pi piti laj pou yon timoun al travay pou lajan, se 15 an, men pou sa fèt, fòk Direksyon Travay bay yon otorizasyon pou sa. Si pifò timoun ann Ayiti pa kapab pa pase anba vyolans, restavèk yo se kategori yo pi maltrete. Selon premye chif yo bay nan ankèt BIT (Biwo Entènasyonal Travay) te fè gras ak yon pwogram IPÈK (Pwogram Entènasyonal pou fini ak pi move fòm travay timoun ap fè), nan ane 2001 an. Kantite timoun restavèk ann Ayiti, ta ant 90 mil pou rive 120 mil, gen 75% nan yo se ti fi ki gen ant 7 al 15 an. Selon avoka Betty Casty k ap travay ak UNICEF, pandan li t ap pale nan yon rankont rejyonal nan mwa novanm 2001 sou vyolans nan mitan fanmi yo, li fè konnen timoun ki rete ak moun yo, fè travay ki depase fòs yo. Byen souvan, lè timoun sa yo malad, yo pa mennen yo kay doktè, yo pa voye yo lekòl, yo pa gen chans pou yo jwe. Mete sou sa, yo konn menm rive fè kadejak sou yo. 60% nan timoun restavèk yo ki te bay lide yo nan yon ankèt Enstiti Sikososyal fanmi (IPSOFA) te fè nan ane 1998, timoun sa yo deklare kote yo rete a, ni mouche ni madanm maltrete yo. Apre sa, betiz yo di restavèk sa yo chak jou, sa vin mete sou lòt kalte vyolans y ap fè sou yo. Jis kote n ap ekri la a, gen sèlman yon karantèn peyi nan mond la ki adopte lalwa ki konsène vyolans nan kay, e gen 13 nan peyi sa yo ki nan Amerik Latin nan. Tablo III: Timoun restavèk nan Karayib la ak Amerik Santral
Dieuseul, yon ti gason ki gen 12 an ki te fè yon ti koze ak moun ki prepare dosye sa a, rakonte gen yon dam ki bat li ak mechanste, dam sa a k ap fè ti nèg la pase mizè a te rankre nan Pòtoprens ak li, lè li te gen 8 an. Dam nan respekte kèk nan pwomès li te fè manman ti nèg sa a, tankou li mete l lekòl. Men akoz twòp travay li gen pou l fè, sa pa ba li tan pou l etidye leson l. Pou yo pa bat li, chak jou li oblije degaje l pou l fè tout travay li yo pandan jounen an. "Apre 3 an, lè m wè m pa ka kenbe ankò, mwen oblije sove". Biwo Entènasyonal Travay ( BIT) te òganize 27 ak 28 me 2002 a, yon seminè pou jounalis, pou yo kapab fè plis moun pran konsyans sou sa ki konsène travay timoun yo ann Ayiti, espesyalman restavèk yo. Mèt Emmanuel Lacroix ki se jij timoun yo, lonje dwèt sou kontradiksyon ki gen nan lwa peyi a ki konsène travay timoun yo. Jij la di, fò n pa bliye Ayiti poko siyen konvansyon 138 la ki pale sou pi piti laj yon timoun dwe genyen pou l al travay. Jounalis ki te patisipe nan seminè sa a montre kòman yo gen volonte pou yo al travay pou fè popilasyon an pran konsyans jis pou yo kaba pi move fòm travay timoun yo. 16% timoun nan Amerik Latin ak nan Karayib la, esplike mizè granmoun yo fè yo pase, lè yo fè yon bagay ki pa bon. Gen 13% nan timoun sa yo se mo ki pou blese kè yo, ki pou touche pèsonalite yo, granmou yo di yo, epoutan gen 16% nan yo ki pran baton. Yo fè konnen, Ayiti se peyi nan rejyon an kote yo plis bat timoun, li gen 40%, apre sa se Giyana ki gen 23% ak Dominikani 20%. Timoun nan lari yo: lage sou kont Bondye bon Timoun nan lari yo, se timoun ki pa gen lòt kote pou yo rete apre lari a. Gen kèk nan yo ki pase lajounen nan lari a, leswa yo rantre al dòmi yon kote. Kantite timoun k ap viv nan lari ann Ayiti, sa vle timoun ki pa gen okenn lòt kote pou yo rete, yo anviwon 2 mil konsa, kantite chif sa a, se pè Attilo Stra ki se responsab yon fwaye nan Lasalin ki rele "Lakay" ki te bay li. Se tanzantan timoun lari yo ap pase mizè anba men lòt moun oubyen ap gade sa ki ap pase mizè nan men lòt moun yo. Selon Madam Casty " timoun sa yo ki gen nenpòt bagay kapab rive yo akoz pwoblèm sekirite a, yo oblije reziye yo rete nan sitiyasyon an pou yo kapab viv. Nan lari, timoun yo aprann fè vyolans e yo asiste sa devan yo chak jou. Timoun sa yo pi an danje nan sa ki konsène vyolans la, epi vyolans pa yo a pi rèd pase lòt yo. Frantz Lofficial di "ni sa ki ap pran dwòg, ni sa ki pa p pran, timoun k ap viv nan lari Pòtoprens yo ap viv kole kole ak lanmò, y ap mennen yon vi ki pa bon, kalite vyolans yo fè sou yo pi grav, tankou asasinay. Se pa fasil pou rankontre yon timoun nan lari ki pa wè kòman yo touye devan l san rezon swa fanmi l, swa yon zanmi ki nan menm baz ak li, yon moun nan yon lòt katèl oubyen yon granmoun li rekonèt. Li pa fasil tou, pou jwenn youn nan timoun sa yo, ki poko leve yon bon maten pou l al pantan sou yon kadav k ap benyen nan san l yo kite nan lari a, pafwa kadav sa yo konn rete ap pouri pandan anpil tan atè a"(*9) Li kontinye pou l di "kèk nan yo asiste y ap rache moun ak manchèt devan yo, ak lòt fason sovaj yo touye moun. Vye zak sa yo vin tounen yon bagay banal, epi lavi moun vin san valè, bagay pou nou pa bliye, lè nou ap pale sou vye zak ki bay degoutans kèk timoun nan lari ap fè. Timoun sa yo youn konn rive touye lòt pandan y ap jwe, san yo pa panse ak konsekans zak yo fè a, paske ni lavi lòt moun, ni lavi yo pa gen okenn valè. Non sèlman timoun nan lari yo pase mizè anba lòt k ap viv menm jan ak yo, pafwa lapolis konn maltrete yo tou, yo pase dwa yo anba pye. Pifò timoun ki nan prizon, se timoun nan lari yo. Anpil fwa, yo mete timoun sa yo nan prizon pou yon bagay ki pa gen anpil enpòtans nan je lalwa, olye ke yo ede timoun sa yo rejwenn yon vi nòmal ak bon jan ledikasyon jan lalwa sou timoun yo mande l. Jij pou timoun yo, Mèt Emmanuel Lacroix deklare, mete yon timoun nan prizon se pa yon bagay ki legal, dapre lwa 7 septanm 1961 an. Menm lè se ta pou yon kondanasyon pou yon zak grav, yo dwe al mete yon timoun konsa nan sant akèy Dival Divalye. Koulye a timoun ki gen pwoblèm ak lajistis, se nan Fò Nasyonal yo mete yo. Pou Mèt Lacroix, sitiyasyon sa a, montre yo pa respekte dwa timoun yo. Kreye bon jan relasyon nan mitan timoun ak lapolis
Dapre òganizatè seminè a , demach sa a "se yon repons yo pote pou kapab gen yon alemye nan sa ki regade dwa timoun yo, espesyalman devlopman konesans yo, sou sitiyasyon timoun ki gen pwoblèm ak ankadreman sosyal yo ka bay timoun ki an danje yo" (*10) Atelye a te chita sou nesesite pou lapolis mete l nan kondisyon pou l aprann tande timoun yo, epi pou gen yon gwoup polisye ki gen plis konesans nan domèn nan, pou okipe dosye ki konsène timoun yo, ak yon polis ki espesyalize l nan prevansyon ak pwoteksyon timoun. Enstriktè yo kapab fè diferans ant jistis pou timoun ki chita sou pwoteksyon ak bay yon ti delenkan (vagabon) posiblite pou l vin mennen yon vi tankou tout lòt moun nan sosyete a ak jistis pou granmoun ki mande pou yo pini granmoun ki nan kontravansyon ak lalwa a.
SOS Timoun : Vin sekoure timoun k ap pase mizè yo Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch(IBESR) ki se yon òganis gouvènman an ki sou kont Ministè Afè Sosyal, te ouvè yon sèvis yo rele SOS Timoun Sèvis sa a mete yon nimewo telefòn, ki se 133 , pou l sèvi timoun viktim anba vyolans oubyen moun ki asiste vyolans k ap fèt devan l sou lòt timoun, soti lendi pou rive vandredi ant 6è nan maten pou rive 6è nan aswè. Sèvis SOS Timoun te kòmanse nan okazyon Jounen nasyonal timoun yo, ki te 2èm dimanch mwa jen 2000 la. "Entitisyon sa a kreye pou kèk pwoblèm ki konsène vyolans yo fè sou timoun nan fanmi yo, restavèk ak timoun nan lari yo, kote yo mande sekou entitisyon sa a pi souvan" Se sa direktris pwoteksyon sosyal nan IBESR la, Marie Carmelle Déjean fè konnen". Li deklare se tanzantan sèvis l ap dirije a resevwa timoun yo bat anpil, pafwa se lapolis ki mennen yo b li, oubyen kèk moun nan vwazinaj pre timoun sa a. Madanm nan kontinye pou l di, pafwa yo konn mennen timoun sa yo ba li ak yon seri gwo blese grav. Tablo IV: Fason yo separe kantite timoun yo resevwa, nan gwoup
laj yo ye ak sèks yo (si se ti fi oubyen ti gason) tablo
sa a soti nan rezilta yon ankèt soti (oktòb pou rive
septanm 2000).
Tablo V: Kantite apèl telefòn, kote yo soti (oktòb 2000 sektanm
2002) Apèl telefòn Timoun viktim Paran Vwazen Lòt 725 350 24 276
75
Tablo VI: Ka yo trete selon sèks yo ak estati yo (oktòb 2000
- sektanm 2001)
Li fè konnen, pifò agresyon sa yo fèt nan fanmi yo, e se restavèk yo ki toujou viktim yo. Lè yo mennen yon timoun oubyen lè yo mande SOS Timoun vin pote yon timoun sekou, Sèvis pwoteksyon timoun nan IBESR la mennen yon ankèt. Enstititsyon an kapab envite paran yo pou vin nan biwo a, jis pou wè si li kapab pran tèt paran yo pou montre yo kòman lè yo fè timoun yo pase mizè, sa p ap regle anyen pou yo, epi danje ki genyen nan kalite vyolans sa yo. Madan Dejean esplike, yo te konn fè seminè nan lekòl primè ak segondè pou pwofesè yo. Akoz mwayen lojistik sèvis la pa genyen sa anpeche l kotinye trete ka ijan yo. Li di ankò, Pafwa yo mete timoun sa yo nan yon lòt fanmi oubyen nan lòt enstitisyon ki se patnè IBESR, tankou Eskal (Escale) ki pa yon enstitisyon leta men ki okipe restavèk yo maltrete yo. Pandan tan sa a, solisyon sa yo se pa yo ki pi bon, paske li toujou pi bon pou lè timoun nan rete kay fanmi l. Selon Marie Carmelle Dejean, premye rezon ki fè yo maltrete timoun yo ann Ayiti, se pwoblèm ekonomik. Li di ankò" Si madanm nan leve nan kay la, li pa wè sa l pral fè pou monte chodyè, li pase raj li sou timoun yo. Si SOS Timoun se yon bon inisyativ, li gen kèk baryè ki bare l tou, tankou pwoblèm ki genyen pou yon moun jwenn telefòn ann Ayiti. Mete sou sa, moun yo wè mal pou yon moun deyò rantre pou l rezoud yon pwoblèm anndan yon. Pou Jimmy ki gen 8 an e ki abite Kafou fèy "se pa nòmal pou telefone lapolis (li pa distenge lapolis ak SOS Timoun)" pou manman l ak papa l. "Menm si pafwa yo bat mwen, mwen reziye m. Paske gen yon jou k ap rive pou m granmoun tou, lè sa a yo p ap kapab bat mwen ankò." Yon mesye ki gen anviwon yon karantèn ane konsa, yo te rankontre nan lari, fè konnen, si l bat yon timoun, se pou byen timoun nan, si timoun sa a al rele chèf pou vin arete l, l ap vire do bay timoun sa a pou letan e letènite. Kathia se yon restavèk ki gen 13 an. Li pa konn SOS Timoun. Li di "Lè y ap bat mwen, mwen rele vwazinay pou yo vin sove m. Si m te konnen gen yon nimewo telefòn pou rele pou m mande sekou, mwen t ap gentan fè sa. Men, si moun nan kay yo ta kwaze avè m nan telefòn nan, y ap bat mwen pase sa m pa konnen". Rele nan telefòn se pa sèl mwayen yon moun genyen pou l kontakte SOS Timoun. Yon moun kapab pase dirèkteman nan enstitisyon an pou l vin esplike yon ka vyolans li wè ki fèt sou yon timoun. Pandan tan sa a, IBESR gen sèlman 3 grenn biwo nan tout peyi a (Pòtoprens, Gonayiv, Okap). Anpil nan ka vyolasyon yo, pa rive nan zòrèy otorite yo ak òganizasyon k ap travay nan domèn pwoteksyon dwa timoun yo. Pòtoprens, direksyon pwoteksyon minè gen yon sèl grenn machin. Byen souvan menm lè gen yon ka ki mande pou deplase, viktim nan oblije rete ap tann. Prepare yon rejis espesyal pou ekri ka vyolans yo
Apre yo fin dekouvri pwoblèm sa a, Sant Entèvansyon Reyabilizasyon Rechèch ak Espètiz pou Viktim Vyolans, ki gen ti non an franse CIRREV, ki se yon ONG k ap goumen kont vyolans sou fanm ak timoun yo. ONG sa a pwopoze plizyè enstitisyon k ap fè menm travay ak li, pou yo prepare yon modèl rejis pou yo kapab anrejistre ka vyolans yo. Marjorie Joseph, ki se yon doktè nan CIRREV, fè konnen "Li pa fasil pou yon moun fè yon analiz nòmal sou koze vyolans ann Ayiti, epi pou konnen kisa ou kapab fè pou chak kalite ka vyolans ki pa menm. Toujou selon madan Joseph, "Enstriman tou nèf sa a (ki nan faz premye esperyans yo) pral pèmèt yo prepare pi bon pwogram prevansyon ak sansibilizasyon sou fenomèn nan", Sa pral rann pi fasil lide otorite piblik ki pral kapab mete an plas politik ki gen rapò ak sa epi prepare lwa ki kadre ak sa yo wè nan reyalite a. Miguélina Rousse, yon moun k ap fè travay sosyal e k ap kolabore ak CIRREV, fè konnen, kantite ti fi yo vyole (kadejak) tèlman anpil, se bagay bouch pa ka pale. Nan espas yon mwa, lopital jeneral resevwa yon ventèn ka vyòl (pifò nan ti fi yo vyole, se timoun ki genyen ant 8 al 12 an). Depi mwa janvye 2001, yo te vin plenyen nan CIRREV pou yon santèn ka vyolans, 25% nan yo se timoun ki poko gen 18 an. Madan Rousse fè konnen, byen souvan, timoun yo rankontre nan sant pou timoun ki gen pwoblèm yo, se yon seri ti brigan paske yo menm yo te konn fè vyolans sou yo tou. Ou gen dwa pale Madan Rousse di, medya yo gen yon wòl pou yo jwe nan batay kont vyolans nan sosyete a. Anpil radyo ak televizyon deja bay moso tan nan pwogram yo pou reskonsab CIRREV yo kapab fè emisyon edikasyon pou popilasyon an pou yo ka pa kontinye fè vyolans. Gen anpil emisyon yo deja fè sou radyo Planèt Kreyòl, radyo Ginen ak sou Televizyon Nasyonal (TNH). Madan Rousse kontinye di, yo te retransmèt nan medya yo emisyon sou agresyon seksyèl (Kadejak) yo. Epi yo te montre oditè yo kòman yo kapab al chache jistis pou yon ka vyòl pa ekzanp. Selon yon ankèt UNICEF te fè ki pote non "Vwa Timoun yo" (*11) , yo te pibliye nan ane 2000 la, ann Ayiti anviwon 7 jèn sou chak 10 fè konnen yo pa genyen anpil enfòmasyon sou dwa yo, gen nan yo ki di yo pa konn anyen menm sou dwa yo genyen. Ankèt sa a bay enfòmasyon sou sa timoun Latino Ameriken ak Karayibeyen yo konnen sou sa ki gen arevwa ak dwa yo. Timoun lavil yo ak sa ki gen nivo sosyal ekonomik byen wo yo ak mwayen yo genyen, yo gen plis enfòmasyon sou dwa, yo pase lòt timoun yo. Fò n pa bliye, se pa paske yo konn dwa yo, pou di yo pran konsyans de sa. Dwa ankèt la pibliye yo se: edikasyon 59%, sante 38%, lwazi 25%, libète espresyon 23% ak dwa pou yo pa maltrete 16%. Pou dènye dwa a pou Domikani pousantaj la se37% ak Jamayik ki 41%. Timoun ayisyen yo santi yo jennen anpil pou yo di sa yo panse ak sa yo santi, sa k ap travèse yo. Rapò "Vwa timoun yo" presize mwatye timoun ak jèn yo, fè konnen yo gen anpil difikilte pou yo di sa yo panse lakay ak nan lekòl yo. 52% nan yo fè konnen yo manke kouraj pou yo pale, yo timid, yo pè pale. Ann Ayiti chif la se 41%, an Dominikani se 57% ak Jamayik 10%. Pousantaj timoun ki reponn, pwofesè yo pa tande yo, se ann Ayiti gen 9%, an Dominikani 19% ak Jamayik ki gen 16%. 80% nan sa yo poze kesyon yo, deklare se pa fasil pou yo montre sa yo gen nan kè yo. Zafè pa gen enfòmasyon sa a, li la menm nan domèn ki pi enpòtan tankou seksyalite. 2 timoun sou 3 pa gen anpil enfòmasyon sou edikasyon seksyèl oubyen ki pa gen enfòmasyon ditou sou sa, se sa ankèt UNICEF la mete deyò. Li fè konnen "kèk nan rezilta peyi a pa menm ak pa lòt peyi nan rejyon an ( yo konn plis bagay sou dwa yo, santiman yo pi fò pase byennèt yo, alèz nan lekòl yo, yo pa danse kole ak koze fè restavèk pase mizè a)". Nan ane ki sot pase la yo, gen anpil desizyon ki pran nan sektè laprès la, ki bay timoun yo posiblite jwenn enfòmasyon oubyen posiblite travay nan chanjman move aspè rapo ki genyen ant timoun ak granmoun. Nan Jounal Le Nouveliste gen yon dyegi ki soti chak semèm ki rele "P'tit Nouveliste" se yon jounal pou timoun. Jounal sa a pale sou yon seri sijè ki vize pou timoun yo pran responsablite yo. Nan dyegi sa a, jounal la travay tou nan tèt kole ak yon seri òganizasyon k ap travay pou pote yon chanjman nan kalamite timoun yo. Pa ekzanp, depi mwa janvye 2002 ansanm ak Panòs plis Plan Ayiti, yo kòmanse ak yon seri esperyans yo mennen nan anpil rejyon nan peyi a, ki gen kòm lide pou fòme timoun jounalis yo. Ti jounalis sa yo ekri regilyèman ti tèks ki pibliye nan Petit Nouveliste. Nan Nodès Ayiti, timoun jounalis yo prepare emisyon pa yo poukont yo ki pase sou radyo Gama nan Folibète ak radyo Ispanyola nan Twou Di No. Gen yon radyo ak yon televizyon ki gen krèm pwogram li yo pou timoun. M. Eddy Trofort ki se direktè Radyo Timoun deklare, plizyè nan emisyon l yo chita sou pwoblèm sitiyasyon timoun yo. Radyo Timoun ofri tou yon gwo plas pou l fè fòmasyon pou paran yo, dapre sa direktè a fè konnen. Toujou dapre direktè a, mizè yo fè timoun yo pase nan peyi a rive akoz paran yo pa fòme. Kreye rapò tou nèf nan mitan paran ak timoun yo
Li di tou, travay timoun yo, montre paran yo, timoun yo kapab pran reskonsablite tou. Li kontinye pou l di "Sa vin fè, paran ki gen posiblite pou yo wè pitit yo ap pran lapawòl ap montre talan yo, paran sa yo vin gen respè ak konfyans nan yo. Madan Nicole Pierre Louis, ki se responsab Dwa timoun nan Plan-Ayiti, bò kote pa l, plede anpil pou dwa timoun yo, men tou devwa yo. Li di, li enpòtan anpil pou fè timoun yo pran responsablite yo. Li fè konnen tou, gras ak yon bon pwogram lekòl, nan yon pwojè tèt kole ant FONÈP ak Plan-Ayiti, ki kòmanse ak anpil enstitisyon ki rantre nan zafè edikasyon an, yo te pale sou koze vyolans nan lekòl ak pwofesè yo. Li montre kòman lè yon timoun ap viv yon kote li santi l alèz, sa fè li bay pi bon randman nan travay lekòl li. Yon lòt kote depi avril 2001, gen yon ekip òganizasyon nan peyi a ak etranje ki kòmanse yon seri aktivite sansibilizasyon jis pou defann epi fè respekte dwa timoun yo. Mobilizasyon sa a fèt nan kad yon kanpay entènasyonal «Mouvman Mondyal pou timoun yo». Youn nan rèl rasanbleman sa a, se fini ak koze maltrete timoun yo epi ak afè esplwatasyon an tou. Kowalisyon Ayisyèn pou Defans dwa timoun ki gen ti non an franse COHADDE se youn nan òganizasyon ki nan mouvman mondyal pou timoun yo. Depi nan ane 1991, òganizasyon sa reyini yon karantèn òganis k ap travay nan domèn pwoteksyon dwa timoun yo, yo travay toupatou pou yo kapab ede timoun mennen yon vi pi alèz. Koulye a, COHADE fè fòmasyon pou timoun plizyè kote nan peyi a, jis pou pèmèt yo patisipe nan travay pwomosyon k ap fèt pou pwòp dwa pa yo. Selon mèt Emmanuel Lacroix, responsab COHADDE la, gen yon santèn timoun yo pra l bay fòmasyon nan pwogram sa a. Timoun sa yo pral gen kòm travay pou yo al mache bay lòt timoun yo fòmasyon tou, pou yo kapab mete yon rezo rejyonal pwoteksyon dwa timoun sou pye nan tout peyi a, sa rantre nan kad mouvman mondyal pou timoun yo. Koulye a koze bat timoun nan fini 6 sektanm 2001 ki sot pase la a, palman an nan non leta ayisyen, mete entèdiksyon sou koze bat timoun nan pa bò isit. Nan atik premye a, moun ki ekri lwa a yo fè konnen "kèlkeswa move tretman ki pa fèt pou moun, san bliye pinisyon tankou leve men sou timoun, yo entèdi yo. Atik 2 a presize " fòk yo tande tout kalite zak ki kapab kreye nan yon timoun yon chòk sou kò l oubyen yo emosyon, yon sezisman, tankou bat oubyen bouskile yon timoun, oubyen lè yo ba l yon pinisyon ki depase mezi, yon pinisyon timoun nan pa ka sipòte, yon pinisyon ki revòlte konsyans li, kote li santi yo meprize l, avèk oubyen san yon bagay oubyen yon zam oubyen ak fòs". Lwa sa a prevwa yon pakèt dispozisyon ki konsène pinisyon yo bay nan lekòl yo. Gen yon seri sanksyon yo prevwa tou pou moun ki pa respekte lwa sa yo. Sepandan, anpil moun ki travay nan domèn pwoteksyon dwa timoun fè konnen, yon lwa pa kapab chanje mantalite yo epi tou fòk ta gen bon estrikti ki la pou sa, pou aplikasyon lwa sa yo kapab fèt fasil, san difikilte. Prèske nan menm ri kote Enstiti Byennèt Sosyal chita a (Ri Magerit yo), gen lekòl ki toujou ap sèvi ak fwèt . Lè yo mande yon pwofesè poukisa li toujou sèvi ak fwèt, li di ti ayisyen poko pare pou yo aprann san fwèt. "Nou jwenn pi bon rezilta ak fwèt la". Depi anvan lwa sa a, gen lekòl ki te deja anpeche yo bat elèv yo, men nan anpil lekòl gen pwofesè ki derefize fini ak afè fwèt la, yo jwenn tolerans tou. Depite Wilner Content panse dwe gen komisyon ki kreye pou kontinye travay la jan yo te prevwa sa nan tèks lwa yo vote a. M Kontan aji ak konsyans, li wè gen anpil nan sa ki di yo ki pa pral aplike tout bon vre. Sepandan, li panse Ministè Afè Sosyal ak Edikasyon Nasyonal dwe "rete pre ap voye je" pou prepare fason aplikasyon lwa a fèt. Depite a kontinye di "Gen anpil lwa nan peyi a, men sa pa anpeche chak jou pou wè moun ki pa okipe yo. Kèlkeswa nan kay oubyen nan lekòl, yo kontinye bat timoun yo. Komisyon sa a dwe voye je sou jan y ap sèvi ak lwa epi bay moun ki pa respekte l yo, pinisyon yo merite. Li fè konnen tou, travay pou disparèt zafè maltrete timoun yo, se pa yon bagay ki fasil akoz mantalite paran yo ki panse fwèt kapab pote amelyorasyon nan konpòtman timoun yo. Li ajoute tou "Difikilte a vini tou akoz lajistis dwe al panse ak reyalite a. Se pou sa, Ministè Afè Sosyal dwe mete sou pye kèk pwogram pou fè paran yo konnen lwa a, fè yo konprann travay yo, pou voye je sou sou timoun yo.
Lwa sa a palman ayisyen an vote a, se yon pa ki fèt nan direksyon yon antant ant lejislasyon Ayiti a ak konvansyon ki gen arevwa ak dwa timoun yo, ki ratifye nan lane 1994. Pandan sesyon estrawòdinè Nasyon Zini ki te fèt pou timoun yo soti 8 pou rive 10 me nan ane 2002 a, Leta ayisyen te prezante mezi li pran pou fè aplike rèyèlman dwa sa yo konvansyon an rekonèt la. Edikasyon kont vyolans Anpil moun montre enkyetid yo sou fenomèn vyolans la nan peyi a. Doktè Bijoux mete aksan sou ris ki genyen pou vyolans pa rete yon bagay etènèl, akoz lè yon moun fè vyolans sou yon lòt, lè lòt la konnen moun ki fè vyolans sou li a. Toujou selon doktè a, li pa fasil pou bati yon sosyete ki chita sou vyolans. "Menm lè istwa peyi a, makònen ak vyolans, sa kapab esplike kijan sa ye nan lespri yo, apre 2 syèk li lè li tan pou n fini ak vye pratik sa yo ki pa pote anyen ki bon pou sosyete nou an.". Doktè Bijoux panse apre plizyè jenerasyon, yon edikasyon kont vyolans kapab bay bon rezilta. Sa a se apèl tou yon seri eli ayisyano-ameriken (se yon seri moun ki gen 2 nasyonalite, yo te pase nan eleksyon pou yon pòs Ozetazini) yo pandan yo t ap vizite Ayiti nan mwa janvye 2002 a. Pandan li t ap pran lapawòl nan biwo afè piblik anbasad Etazini ann Ayiti a jounen vandredi 18 janvye 2002 a, M. Ossman Désir, ki se manm katèl minisipal Miyami Nò a (Ozetazini), fè remake depi endepandans, ayisyen yo toujou sèvi ak vyolans. Majistra vil Miyami Nò a, Joseph Celestin bò kote pa l kritike popilasyon an, paske vyolans toujou nan mantalite ayisyèn nan. "Nou eseye twòp vyolans. Koulye a, li lè pou n sèvi ak lòt mwayen kont vyolans pou n wè sa sa ap pote", Marc Villain responsab komite aksyon politik ayisyano-amerikèn nan te pwopoze. Kèk nan enstitisyon referans yoCentre d'Education Spéciale (CES) CIRREV (Centre d'intervention, de réhabilitation, de
recherche et d'expertise pour les victimes de violences) COHADDE Escale Foyer Maurice Sixto IBESR ( Institut du Bien-Être Social et de Recherches) Lakay PEJEFE (Programme d'encadrement des jeunes Femmes et des Enfants) Plan-Haïti Service social de l'Hôpital de l'Université d'Etat
d'Haïti (HUEH) SOFA Timkatec ( Timoun k ap teke Chans) Tribunal pour enfants Nòt
|
||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||
|
|
||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||