About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Dosye près sou Ayiti

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Media Briefing Index

Sitiyasyon timoun nan lari yo ann Ayiti:
Kèk sentòm ki fè se yon gwo pwoblèm 1
desamn 2002

Nicole Siméon, Jounalis

Link to Plan Internationale Web SiteDosye sa a rive fèt ak kolaborasyon epi sipò finansye Plan Ayiti, nan kad pwojè "Dwa timoun yo ak medya patisipatif nan sosyete sivil la."

Vizyon Plan se pou l wè timoun yo ap viv nan yon mond kote yo alèz, nan yon sosyete kote yo respekte dwa ak diyite moun.

Plan ap chache ranfòse kapasite fanmi ak kominote yo, pou yo rive bay timoun yo estabilite, proteksyon ak sekirite pandan l ap eseye amelyore kalite vi yo epi jwenn yon amelyorasyon nan respè dwa yo.

Gen anviwon 100 milyon timoun nan lari nan tout mond la, nan Amerik Latin nan sèlman, yo omwen 40 milyon. Ann Ayiti, problèm timoun nan lari se yon vrè defi sosyal. Se a pati dezyèm mwatye ane 1980 yo, yo kòmanse ap remake timoun sa yo e fason kantite sa a ap monte fè anpil moun ap poze tèt yo kesyon. Nan ane 1970-1980 yo, se te sèlman kèk grenn timoun yo te konn wè nan lari a, epi yon sèl kou kantite a monte pi plis.

Tout entèvenan nan zafè reyantre timoun sa yo nan sosyete a, dakò pou di rezon yo ki lakoz gen tout timoun sa yo nan lari a jodi a, ap gen pou l vin pi mal toujou. Dapre rapò swivi aplikasyon konvansyon sou Dwa Timoun , ministè Afè Sosyal te piblye nan mwa novanm 2000 la : «Kondisyon sosyal ak ekonomik la k ap vin pi grav, peyi a k ap vin pi pòv chak jou an, ak devlopman egzòd riral la (sa vle di moun k ap kite andeyò pou vin abite lavil) se rezon prensipal ki fè plis timoun vin viv nan lari.»

Kantite timoun nan lari: yon bagay ki pa fasil pou entèvenan yo konnen

Pandan pa gen bon jan resansman ak etid estatistik san fòs kote, nou oblije al chache swa nan kèk ankèt ki twò ansyen oubyen pran kèk chif ki diferan youn ak lòt, swa pran kèk pwojeksyon katastwofik pou rive bay yon lide sou kantite timoun sa yo.

Dapre yon etid Centre de Developpement des Ressources Humaines (CDRH) te fè nan ane 1991 sou lobedyans UNICEF ak Institut du Bien-Être Social et de Recherche (IBESR) te gen anviron 100 timoun nan lari vil Okap ak Okay ak 2,000 nan Pòtoprens. Selon pwojeksyon CDRH te fè, li te di ta pral gen yon ogmantasyon ki t ap anviron 50,000 timoun nan lari pou ane 2000 la paske sityasyon global peyi ap deteryore chak jou pi plis.

Martine Bernier ak Doktè Françoise Ponticq te reyalize nan ane 1998, yon ankèt kote yo estime kantite timoun k ap viv nan lari yo se anviwon 8,000; menm lè yo admèt povrete a gen gwo konsekans sou zafè sa a.

Alòske ansyen minis fanm Afè Sosyal la, madan Mathilde Flambert nan yon rapò li te fè sou konsekans anbago a te mete kantite timoun k ap gen nan lari nan ane 1996 la ap nan anviwon 10,000; Frantz Lofficial bò kote pa l pran plis prekosyon e di li panse yo pa ka fin konte twòp sou okenn nan chif sa yo.

Apre yon ankèt li te fè an 19982, M. Lofficial fè konnen kantite timoun k ap viv nan lari nan tout zòn metwopolitèn nan pa pi plis pase 1,000. Li voye jete tout chif lòt enstitisyon yo te bay anvan ankèt li a.

Nan ka sa a eske nou ka di se te yon bann previzyon konsa konsa ki pa gen anyen pou wè ak reyalite a? Èske nou kapab kwè kantite timoun sa yo bese malgre fason kondisyon ekonomik ak sosyo politik peyi a ap degrade la a ? Èske nou dwe mande tèt nou si entèvansyon fwaye k ap resevwa timoun sa yo pote fwi nan nivo sa a malgre tout difikilte finansyè yo genyen? Men yon pakèt kesyon, sèl yon ankèt san pèdi tan kapab reponn.

Ti gason ak ti fi nan lari

Kèk moun k ap travay sou zafè timoun sa yo, tankou Frantz Lofficial, konstate yon gwo diferans ant 2 gwoup timoun yo jwenn nan lari a. Yo rele premye gwoup la «timoun nan lari», se yon seri timoun ki pa gen lòt kay apre lari a pou yo viv. Se la yo jwenn refij, manje e yo pa gen okenn kontak ak fanmi yo. Nan nwit se la yo dòmi, nou jwenn yo sou plas piblik, devan legliz, devan bank bòlèt ak magazen, nan mache yo, ak anpil lòt kote ankò.

Yo rele dezyèm gwoup la «Timoun lari», Timoun sa yo pi plis pase timoun ki nan premye gwoup la, yo se timoun ki pase jounen yo nan lari, yo travay nan lari a menm jan ak sa yo ki nan premye gwoup la, men leswa, yo rantre lakay yo kèk fwa. Byen souvan y ap viv ak fanmi yo e ti kòb yo fè nan lari a pandan lajounen an pèmèt yo ede fanmi yo.

Jeneralman, timoun nan lari yo se ti gason, kantite ti fi yo te toujou pi piti. Sepandan, moun k ap travay nan domèn nan di yo ka wè kantite ti medam nan lari yo ap ogmante.

Nan rapò Françoise Ponticq ak Martine Bernier te fè a, yo fè konnen kantite ti fi k ap viv nan lari a reprezante 18% nan kantite ki nan zòn metwopolitèn nan(*3), yo pat preske jwenn anyen nan gran vil pwovens yo. Yo te remake sèlman kèk grenn nan vil Okay, ki nan Sid peyi d Ayiti. Nan vil Okap ki nan Nò peyi a, nou menm nou te wè yon dizèn konsa ak nan Jakmèl pa gen youn menm.

Lòt rapò ki pale sou timoun nan lari yo, se rapò ki pa bay enfòmasyon sou ti fi sa yo, ki gen yon sityasyon tout moun di ki konplike. Men menm si sa, nan ane 1996, Centre d'Appui Familial (CAFA), yon òganizasyon ki travay ak ti fi nan lari sèlman, fè konnen kantite ti fi k ap viv nan lari Pòtoprens yo se 150. Jis jounen jodi a, se sèlman chif sa a ki genyen kòm referans. Responsab sant la fè konnen, gen yon ankèt CAFA pral fè sou sitiyasyon ti fi nan lari yo nan pa twò lontan.

Kantite «Ti fi nan lari» nan vil Okap depann de peryòd fèt yo, selon okazyon ekonomik yo bay. Konsa pandan fèt pawasyal oubyen fèt chanpèt, entèvenan yo di yo remake pi plis ti fi nan lari pase jan sa konn ye nan lòt jou yo. Yon sitiyasyon san dout ki fè yo pa ka kontwole kantite ekzat ti fi sa yo.

«Jeneralman, se move sitiyasyon ekonomik yo ki mete ti fi sa yo nan lari a e fèt chanpèt yo ofri yo posiblite pou jwenn plis moun pou yo mande, paske moun sa yo ap pwofite fè pòv kado lè y ap fè ve. Anpil nan yo rantre lakay yo apre jounen sa yo. Yo menm, yo pa viv sèlman nan lari a tankou anpil ti gason fè sa. Menm jan tou, gen lòt ki rete nan lari a ki pa rantre lakay yo» se sa Margarette Joseph, yon travayèz sosyal ki kolabore ak pwojè Pyè Tousen nan Okap deklare.

Selon madan Joseph, kèk nan ti fi ki ap viv nan lari yo, oblije pa rete yon sèl kote pou rezon sekirite. Akoz yo pa ka enpoze yo tankou gason yo, anpil fwa yo bat yo e yo vyole yo.

Ki kote pwoblèm sa a soti ?

Nan divès entèvansyon yo fè, òganizasyon gouvènmantal, relijye, ONG karitativ lokal tankou entènasyonal, kowalisyon entègouvènmantal ak lòt pwofesyonèl endepandan, ki ap lite pou fè respekte dwa timoun yo ann Ayiti depi plizyè ane, deziyen yon kategori timoun yo bay non "timoun nan sitiyasyon espesyalman difisil."

Definisyon IBESR/UNICEF bay

Timoun ki nan move sitiyasyon espesyalman difisil se yon minè (ti fi tankou ti gason) k ap viv nan yon seri kondisyon patikilye, sou kote yon seri regleman yo konnen toupatou epi sosyete a asepte, epi ki espoze ak tout kalte vyolans fizik oubyen emosyonèl ki kapab nwi devlopman somatopsichik li, e menm kreye nan kèk ka move atitid ak konpòtman.

Se nan kategori sa a, nou jwenn timoun k ap viv nan lari. Epòk kote yo te konsidere timoun lari yo tankou yon bagay ki pat grav ki pa depann de okenn sityasyon sosyal ekonomik difisil pase kounye.

Jodi a, timoun yo al nan lari a pou yo chache yon mwayen pou yo kapab viv, yon fason pou goumen ak move lavi e konbat imilyasyon.

Madan Maryse Guimond ki ap travay nan Aide à l'Enfance Canada(AEC) di « kit se fi kit se gason, timoun sa yo kouri pou kite yon sitiyasyon vyolans anndan oubyen deyò fanmi yo. Sa rive tou akoz paran yo pa kapab responsab timoun sa yo, oubyen paske paran yo mouri, tankou sa ki pèdi fanmi yo nan SIDA.»

Anpil nan sa k ap viv nan lari yo, espesyalman ti fi yo, te sove kite kay yo. Yon desizyon ki mande anpil kouraj, akoz «Timoun ki sove kite kay li a, li pè lari a menm jan li pè sitiyasyon li ye a, men li prefere pran risk la», se sa doktè Nadine Burdet ki se yon doktè ki okipe l de maladi mantal ka timoun nan eskal- yon sant akèy, ankadreman ak reyabilitasyon restavèk ak timoun ki te sibi vyolans- deklare.

Timoun sa yo kite fanmi yo pou kouri kite move chòk sikolojik, kòporèl ak seksyèl yo viktim tanzantan, oubyen ankò katye kote yo rete a pou sove anba zak vyolans k ap fèt e se konsa timoun sa yo vin santi yo pi alèz ak libète yo jwenn nan lari a.

Danise yon demwazèl ki gen 22 an rakonte li t ap viv Site Solèy (yon bidonvil ki nan nòdwès Pòtoprens ki se kapital la, yon zòn ki pote move non nan sa ki konsène touye moun nan goumen). «Te toujou gen gang k ap goumen ak zam, jèn fi ki abite nan zòn sa yo, byen souvan pou lòt gang yo kapab vanje, yo vyole sa ki pa nan menm gang ak yo a. Gen anpil zanmi m yo ki viktim deja. Mwen pa vle sa rive m, se pou sa mwen te ale lavi l».

Men kouman jodi a, ti fi sa a Sant Apui Familyal (CAFA) reyentegre, te vin tounen ti fi nan lari kote li pase anpil ane anvan li te vin jwenn chans vin nan CAFA.

Gen lòt timoun ki te ale nan lari ak pwòp volonte pa yo, paske yo te pran filing viv nan lari oubyen lòt zanmi yo ki te deja nan lari a te pran tèt yo, se sa madan Guimond fè remake. Se ka Léonne ki gen 18 an, yon lòt ti fi ki nan CAFA. «Mwen vin nan lari a paske mwen gen yon zanmi m ki t ap viv ladan l ki te pran tèt mwen. Anvan sa, mwen te konn vann nan lari ak manman m, lè Mamoune te mande m pou m vin jwenn li, menm kote a mwen asepte. Men kouman mwen kòmanse premye eksperyans mwen nan lari».

Jan rapò 2000 FNUAP la fè konn sa a: «Anpil ayisyen kite andeyò pou vin chache yon lavi miyò nan vil yo, sitou kapital la». Men « pa gen anpil enfòmasyon sou kantite moun ki kite andeyò pou vin lavil yo. Sepandan, jan bidonvil yo ap gwosi a montre kòman zafè ibanizasyon peyi a ap fèt rapid e nan dezòd», se sa menm rapò a kontinye di.

Jan bidonvil yo ap gwosi a rann sitiyasyon an ki deja difisil la pi mal, epi ki chanje tout sa yo te deja konnen.

Rive nan lari a pa fèt yon sèl jou

Doktè Legrand Bijoux ki se yon doktè ki okipe l de maladi mantal ak maladi nè di «povrete marye ak move kondisyon vi se youn nan prensipal rezon ki kapab ankouraje timoun nan vin nan lari».

Doktè a kontinye pou l di, paske timoun nan pa gen kote pou li vire kò l, jan sa ye nan bidonvil yo, sa anpeche l nan distrè l. Akoz timoun nan pa jwenn ase plas pou li byen grandi, li kòmanse kite ti kote l t ap viv la, paske li pa twò alèz. Anvan l fini pa rive nan lari a li pase yon pakèt etap.

Doktè Bijou di, nan premye etap la, ou kòmanse rankontre timoun sa a plis kay vwazen an ki gen pi gwo kote pou jwe, e lè sa twò piti pou li tou li al nan lari. Nan estad sa a sèl jwenn plis plas enterese l. L al nan lari pou l jwe, pou l fè zanmi. Li pase lajounen an nan lari a. Tanzantan li kapab rantre pou l fè yon gade pou wè si gen manje, anvan li retounen. Se nan konsa li kòmanse pase plis tan nan lari a, li jwenn tout kalte bagay ki enterese l. Li vin lakay li sèl lè li bezwen dòmi.

Timoun sa a ki nan yon ti pyès kay tou piti avèk anpil frè l ak sè l yo, dòmi atè, anba kabann oubyen anba tab. Dòmi se pa yon bagay ki fasil pou li.

Se konsa, li deside al jwenn zanmi lajounen l yo ki esplike l kòman yon moun alèz lè l ap dòmi nan lari. Koulye a li pase lakay li sèlman pou l vin manje, li rete dòmi deyò. Men move sitiyasyon ekonomik la fè l pa jwenn anyen lè li tounen vin manje. Li vin oblije rete nan lari a, san li pa t vle sa vre. Doktè Bijou di, sa konn menm rive kèk fwa kote se ak ti kòb li fè nan lari a, li bay rès fanmi an manje.

Souvan, ka ti fi yo pa menm ak ka ti gason yo. Lè y ap grandi yo mande plis swen, plis atansyon, sa koute pi chè. Bò kote pa yo, paran yo yon ti jan ankouraje yo pou jete kò yo nan pwostitisyon. «Si sa m ba ou pa ase pou ou, degaje ou poukont ou». Se sa moun lakay yo di yo pi souvan.

Nan tout ka sa yo, vin mete sou sa yon rezon ki eksplike poukisa gen tout timoun sa yo nan lari a: Pa gen ase lekòl gratis pou yo ale, alò paran yo pa kapab peye lekòl pou yo, se sa doktè Bijoux kontinye pou l di.

Nan 70% ka yo rankontre nan Eskal, fanmi kote timoun nan soti a gen pou pi piti 4 timoun. E yo tout andeyò oubyen nan bidonvil yo. Selon enfòmasyon Biwo Entènasyonal Travay bay nan kad pwogram entènasyonal pou fini ak pi move fòm travay timoun ap fè (Bit/IPEC) nan peyi dAyiti, plis pase 500 mil timoun ki gen ant 5 al 12 an pa al lekòl. Kisa timoun sa yo ap fè?

Anpil timoun nan lari te restavèk anvan

Nan ane 1984 yo te kalkile timoun Restavèk yo nan anviwon 109 mil konsa, nan ane 1998 (*4) restavèk yo te anviwon 300.000, sa montre popilasyon timoun sa yo monte prèske 200% nan pi piti pase 20 ane. Gen 75% nan timoun sa yo se ti fi ki gen ant 4 al 18 an. Epoutan yo aprann nou nan yon bon sous, dapre yon etid IPEC fè nan tèt kole ak PNUD e UNICEF yo fè konnen nan ane 2002 kantite timoun sa yo ant 90 al 120 mil konsa.

Timoun restavèk yo « ap viv nan mank epi yo malmennen yo nan nivo sikolojik; yo imilye yo, yo fè yo enjistis, yo ba yo brimad, pinisyon, yo pa janm jwenn konsolasyon ni okenn ankourajman, yo pa gen tan pou yo repoze alevwa pou jwe, yo gen yon ti kote tou piti pou yo rete, e yo travay di. Yo fè vyolans vèbal ak fizik e menm abi seksyèl sou yo», Chantal Jörg ki se yon etnològ peyi Kanada rezime kondisyon lavi timoun restavèk yo nan yon pwojè pilòt entèvansyon pou gwo timoun ki nan sitiyasyon difisil ann Ayiti, li rele "La Marelle".

Byen souvan, fanmi kote yo rete a pa gen yon nivo vi ki konfòtab akoz yo pa touche gwo lajan. Selon liv "Analiz sitiyasyon Sanitè" Ayiti 1998, kèk nan fanmi yo pa touche plis pase 1200 goud ki egal 45 dola ameriken.(*5) Rezilta sa a bay prèv timoun sa yo mal manje epi li pa fasil pou yo al wè doktè pafwa yo pa mennen yo ditou.

Sove kite kay yo se mwayen timoun yo plis sèvi pou wete kò yo nan sitiyasyon eksplwatasyon ak vyolans la. Lè yo wete kò yo anba esklavaj mètrès kay yo epi souvan vyolans ak kadejak mèt kay la fè sou yo, pakèt santèn timoun afè pa bon sa yo ni sou pwen sikolojik ak fizik nan yon jou oubyen yon lòt, ou genyen pou rankontre timoun sa yo nan lari a tou.

«Tout lè yo pa byen trete l menm jan ak lòt timoun nan kay la tankou pou manje, dòmi, abiye, restavèk la ap sipòte. Men lè yo maltrete l, bat li e menm vyole li, li deside sove kite kay la. Li konn pa fasil pou yo jwenn fanmi yo poukont yo, kidonk yo rete nan lari a», se sa doktè Bijoux fè konnen.

Nan yon sans, lè yon timoun sove kite kote l te rete a, l al pran tèt lòt ki nan menm sitiyasyon ak li yo pou vin nan lari a tou, lè l ap eksplike yo kijan restavèk yo alèz nan lari a. Selon madan Marline Mondesir ki se responsab Sant Apui pou Devlopman (CAD) ki se yon fwaye ki resevwa ni ti fi ni ti gason nan Kafou Fèy, pifò nan 24 ti fi ki nan sant lan se te restavèk yo te ye anvan yo te vin nan lari a.

Anpil timoun fè konnen yo sove kite kote yo te rete a apre yo fin bat yo. Doktè Nadine Burdet ki nan Eskal di tou: gen 4 sou chak 5 timoun nan lari yo, ki fè konnen yo te bat yo e ou ka wè ak je timoun sa yo pa byen grandi pou laj yo.

Pwostitisyon : yon bagay ti fi yo oblije fè

Dapre Madan Jessie Mathurin ki se youn nan responsab Sant Edikasyon Popilè (CEP), yon òganizasyon ki nan Kafou Fèy ki travay ak timoun nan lari yo, fi yo reprezante yon gwoup patikilye ki frajil nan kategori timoun nan lari yo akoz anpil nan yo «ale dirèkteman nan sektè pwostitisyon an».

Pwostitisyon an rive akoz "Jan yo pran relasyon seksyèl yo alalejè ak jan timoun piti lage nan fè bagay". Anpil fwa, travayè sosyal yo fè konnen yo rankontre anpil ka timoun piti ki rantre nan fè bagay anvan lè.

Pou jwenn yon amelyorasyon nan sitiyasyon sosyal ekonomik makawon y ap viv la, nan move kondisyon ti fi yo lage nan vann kò yo ak zanmi lari yo oubyen ak gason ki pi gran pase yo epi ki pa toujou vle mete kapòt.

Selon madan Kettlie Marseille ki se fondatè epi responsab CAFA «Anpil nan ti fi yo pran yo, te konn fè pwostitisyon. Nan pa bay faktè sa a enpòtans, sa ka lakoz tout entèvansyon ki ta ka fèt pou yo, pa mache byen. Se pou sa nou devlope metòd akonpayman ki marye ak sitiyasyon, pèsonalite ak sèks yo».

Toutfwa, fòk nou asepte «rezon ki te pouse timoun yo al nan lari anvan ane 1996, pa menm jodi a». Se sa madan Marseille di. «Koulye a ou jwenn timoun ki pa vrèman gen menm pwoblèm ak timoun ki nan sitiyasyon difisil yo. Ou jwenn nan yo k ap byen viv lakay yo e ki al lekòl. Yo vin fè pwostitisyon nan lari a epi yo retounen lakay yo» se sa li di pandan li ajoute, preske pa gen ti fi ki dòmi nan lari ankò.

Madan Jessie Mathurin ki nan Sant Edikasyon Popilè (CEP) nan kominote Sen Jera panse menm jan, li deklare:«ou kapab di san ou pa pè fè erè, koulye a nou gen ann Ayiti tout yon popilasyon timoun lari».

Li di «Timoun nan lari yo pa menm jodi a. Yo gen anbisyon e moun ki gen move lide nan tèt yo pwofite yo pou mennen yo al fè move zak ki sèvi yo pwojè ki ka mennen yo anba tè». li di «se yon rezon pou kwè enfòmasyon yo te gen anvan yo pa menm ankò e yo pa ta dwe bliye sa a nan pwogram entèvansyon yo».

Selon yon etid CAFA fè pou tèt li sou 20 ti fi nan lari, gen divès rezo pwostitisyon k ap devlope nan Pòtoprens. Fi sa yo ta kapab viktim anba kalite trafik sa yo ak granmoun k ap fè bagay at timoun. Menm lè ou konn ka gason k ap fè pwostitisyon yo tou, pa gen okenn enfòmasyon ki vin bay yon chif oubyen ki konfime yo nan rezo sa yo.

Rapò CAFA a fè konnen «pwostitisyon ti fi nan lari yo devlope otan kantite yo ogmante.

Medam yo ki viktim nan koze gason ki pa egal ak fi a pa kapab fè kèk aktivite nan lari sèl gason yo kapab fè, tankou netwaye soulye, lave machin, chaje machin transpò. Apre mande, sèl bagay ki rete pou yo fè se pwostitisyon.

Pòtre sikolojik timoun lari yo nan kòmansman

Timoun nan lari yo genyen ant 4 al 18 an e pifò nan yo ap viv nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Selon doktè Bijoux, premye karakteristik yon timoun nan lari, kòm timoun afè pa bon se yon kat make. Tout moun (chofè kamyonèt, chofè oto, moun k ap pase, komèsan, polisye, eksetera) yo fè l santi li pa vo anyen, yo jete valè l. Li santi yo pa byen renmen l, yo pa respekte l. Sikolojikman li enferyè.

Doktè Bijoux kontinye di, dezyèm karakteristik la, se paske li anpetre nan yon santiman ensekirite. Yon ensekirite ki manifeste sou tout fòm. Li pa ka manje vant plen e lè l ap manje se pa nan bon kondisyon ijyèn, konsa li ka trape nenpòt maladi nenpòt ki lè. Lè li malad pa gen moun ki pral pran swen l, pa gen okenn estrikti ki pou pèmèt li resevwa swen gratis nan lopital yo. Li dòmi nan lari. Li pa gen okenn pwoteksyon nan rapò seksyèl li yo, li pa fè bagay ak kapòt.

Si ou ta dwe make bon jefò ki ap fèt nan sans sa a, bò kote òganis ak moun ki entèvni, ou kapab wè kèk zèv ki ekzekite pa kapab reskonsab tout timoun nan lari sa yo.

Yon twazyèm karakteristik se dezespwa. Timoun nan lari san espwa, se sa doktè Bijou esplike. Se dezespwa ki manifeste desizyon sa a. Li reziye l ak tout bagay pandan li di lavi a p ap jan miyò pou li. E nan eta sa a, nenpòt moun kapab pwofite l, esplwate l «se pa yon senp aza ki fè ou jwenn anpil depi yo piti ki gen zam, ki vin tounen zenglendo. Newo sikyat la kontinye di, timoun nan di li pa gen anyen pou l pèdi.

Dènye karakteristik la se vyolans la. Toujou selon doktè Bijou. «Vyolans la se yon patoloji ki karakterize dezi avèk oubyen san konsyans pou fè lòt yo sa yon lòt te fè l. Yon dezyèm koz vyolans sa a se pwoblèm pou konnen agresè a, moun ki viktim nan gen espwa yon jou l ap vanje kanmèm e nan konsa se nenpòt moun ki kapab al viktim anba men l.

Timoun nan lari a espoze a delenkans plis pase nenpòt lòt bagay. Se tanzantan l ap pèdi plis nan konsyans moral li. Yon timoun nan lari fè konnen «mwen pa gen okenn moun ki pou di m sa pou m fè, ak sa pou m pa fè».

Timoun sa yo pa gen modèl. Vagabondaj la manifeste pezape, nan kòmansman, sa kòmanse ak yon seri ti vòl, yo kòmanse ap pran «tinè» jiskaske sa vin pa fè anyen pou yo se konsa moman an vin rive, kote yo kòmanse pran dwòg e yo kòmanse rale zam sou moun pou pran bagay yo.

Doktè Bijoux remake «vyolans mennen vyolans, sa pa dwe etone ou si timoun nan lari yo vyolan».

Yon kote yo pa ansekirite

Timoun nan lari yo pa konnen lòt kote pou yo kache apre lari a. Yo pa gen fanmi, yo pa vle wè yo, yo pa gen yon kote fiks ou ka rankontre yo. Kèk nan yo pa menm konnen kote yo soti, gen lòt ki pa menm konn non fanmi yo.

Byensyovan timoun sa yo, ki kite zòn lakay yo pou kouri pou yon sitiyasyon yo santi ki pa nòmal, timoun sa yo ki pa vle mele enfòmasyon yo e yo prefere deklare yo pa gen fanmi oubyen yo fè konnen kareman yo pa vle tounen lakay yo.

Ti Jean ki gen 12 an k ap viv nan lari fè konnen "papa m mouri lè m te gen 2 an». Manman m pa t gen mwayen pou okipe m, alò mwen kite kay la. Koulye a, mwen kwè li gen yon lòt mari. Mwen pa vle tounen nan kay yo a, mwen byen kote m ye a».

Epoutan nan lari a, yo pa gen anyen e yo oblije ap bat dlo pou fè bè chak jou Bondye mete, nan devlope pwòp mwayen pwoteksyon yo ak mwayen pou yo viv ki varye nan mitan vyolans ak yon pèd konfyans. Yo òganize yo ansanm, souvan nan katèl «baz» epi yo gen pwòp kondisisyon pa yo, yo chak dwe respekte.

Pa ekzanp, si gen youn ki trayi yon kanmarad, yo dwe bat li, e yo kapab pa okipe l pandan kèk tan oubyen yo tou mete l deyò nan baz la nèt si ka a grav, se sa Rony ki gen17 an deklare, Rony fè yon esperyans deja lè li te denonse yon ti gason ki te vyole regleman nan baz li a bay yon lòt baz «epoutan mwen pa t vle, men lòt la menase pou l touye m e mwen te pè».

Nan Pòtoprens, soti la Salin pase sou boulva Ari Toumann (Bisantnè) nan mache Anfè pou rive sou Pòtay Leyogàn, timoun yo tounen po flè (dekorasyon) ki nan 2 bò lari a, chak jou Bondye mete. Nan kèk ka yo viv nan ti gwoup òganize, men kèk prefere rete poukont yo. Yo pase tan yo nan lave oubyen siye machin, nan chaje kamyonèt, mande, fè resèlè, oubyen kòmanse fè ti vòl pou yo kapab jwenn lajan.

Ti monnen yo fè nan lajounen an pa ase pou yo byen manje epi sa pa kapab ede yo pran swen tèt yo. Leswa, nan kèk katye (la Salin, Wout Dèlma tou pre Delma 33, bò simityè Pòtoprens, eksetera), kèk jete kò yo nan pwostitisyon. Kondisyon sa yo ki vin mete sou move kondisyon ijyèn y ap viv la, fè nenpòt viris oubyen enfeksyon, oubyen maladi yo pran nan fè bagay, fasil antre sou yo, yo frajil.

Yo vire do bay timoun sa yo , epi yo vin rete nan lari a, paske « fanmi yo pa gen mwayen pou ba yo manje, alewè pou l ta ba yo tout sa yo bezwen», se sa pè Jean Claude Louisimond ki nan Fondasyon Timoun se Lespwa, fè konnen. Li di tou, gen kèk nan timoun yo ba li yo nan fondasyon sa a, se fanmi timoun nan menm ki te remèt li l, paske se yo menm ki vin reskonsab li akoz li pa gen manman ak papa.

Povrete mennen pwoblèm sa a byen lwen

«Plis pase 100 milyon timoun sou tout tè a pa ale lekòl akoz povrete. Se timoun yo povrete a plis touche; yo pase tout vi yo tankou yon moun ki pa byen tèm, yo gen twoub sikolojik ak fizik» se sa rapò mondyal 2002 INISÈF la fè konnen.

Eksperyans lari a pa dous

Immacula gen 14 an li kite kay li depi li te gen11 an. Li esplike li pa kapab sipòte ankò sèvis seksyèl (kadejak) mèt kay la ansanm ak pitit gason l lan ap fè sou li. «Mete sou sa, m pa t wè poukisa m t ap travay di konsa», li di tou «mwen te toujou fatige».

Demwazèl sa a di, depi m rete ak moun sa yo ki abite nan Dèlma 2 a, li pa janm byen dòmi. «Se mwen ki fè tout bagay, men anvan sa mwen pat jann bòn epi mètrès kay la toujou ap pase kòlè l sou mwen.»

Jodi a, l ap mande bò katedral Pòtoprens la pou l viv, men kèk fwa li rann moun sèvis ki peye l lajan oubyen ki ba l yon plat manje pou sa. Imakila fè konnen lavi a pa fasil pou li. «Mwen toujou anba lòt yo» se sa li di.

Immacula ki se moun Miragwàn di l regrèt paske li te kite vil kote l te fèt la. Tout sa ki te enterese l lè li t ap vin Pòtoprens yo pa nan tèt li ankò. Li pèdi tout kontak ak paran l yo. Li toujou panse tounen Miragwàn, men l ap mande tèt li si l ap kapab jwenn fanmi l ankò.

Nan peyi Gwatemala, kèk nan timoun yo pa rete lekòl lontan oubyen yo pa ale ditou, paske yo dwe travay pou ede fanmi yo goumen ak lavi a, se sa ou kapab li sou "sit Caza Alianza". Povrete sa a fè timoun nan lari yo fè ti metye oubyen fè travay pou moun pou lajan, ak lajan yo peye yo a, yo achte bagay pou yo viv.

Se menm ka Davidson ki gen 8 an, sa mache ak pwoblèm sa a. Sou boulva Jan Jak Desalin (Gran Ri) tou pre ri Dèmirak, lDevidson ap vann yon pakè razwa. Li fè konnen, li oblije travay, paske manman l pa gen lajan pou l viv. L ap fè travay sa a depi papa l gen yon seri lòt fanm, papa a vire do ba yo depi gran vakans 2001 an.

Avèk lajan razwa li vann yo, manman antre nan yon sòl. Manman l ansanm ak 3 lòt pitit fi li yo, abite Site Letènèl kay yon zanmi l. Yo te oblije kite kay yo te ye a, paske mèt kay la te dekouvri kay la sou yo, akoz fèm nan te fini yo pot ko ka peye. Davidsonn panse ak lajan sòl la, manman l pral kapab lwe yon lòt kay pou yo rete.

Obligasyon pou timoun travay pa rete sèl esplwatasyon fizik ki pafwa plis pase kouraj yo men tou yon esplwatasyon seksyèl tankou pedofil (Granmoun k ap pran tèt timoun pou yo fè bagay ak li) oubyen pwokzenetis reprezante rezon prensipal yo. Pou Ayiti, malgre òganizasyon sou travay timoun oubyen dwa moun pale de sa, jiskaprezan pa gen chif ki kapab bay prèv sou pratik sa a ki marye ak povrete a.

Pou timoun nan lari yo kapab viv, yo oblije asepte fè nenpòt bagay pou lajan. Yon seri malveyan sèvi ak timoun sa yo, yo ba yo zam e yo mande yo pou sèvi ak li pou yo pote lajan ba yo. Okenn moun p ap janm ka bliye gwo sènaj Lapolis Nasyonal d Ayiti te fè sou zenglendo nan kad kanpay «tolerans zewo» a, nan moun sa yo, li te rive pran timoun ki gen ant 12 al 17 an.

Nan yon deklarasyon li te fè bay laprès jounene 10 desanm 2002 a nan okazyon 54èm anivèsè deklarasyon dwa moun, madan Justine Colas ki travay pou Oganizasyon Jistis ak Lapè, fè konnen yo touye nan Pòtoprens 7 timoun nan lari ki gen pou pi piti 18 an. Alò yo blese plis pase 50 lòt ak bal epi ak zam blanch nan Site Solèy pandan menm ane a. Madanm nan kritike enstitisyon polisyè a, paske li pa janm prezante okenn rapò sou ka vyolasyon dwa moun sa yo.

Timoun nan lari ak IST/SIDA

Yon pwoblèm trennen yon lòt:« jèn pwostitiye yo se yon kategori moun yon ekip maladi kapab antre sou yo fasil tankou maladi enfekto viral yo ak IST yo, men tou yon seri gwosès anvan lè k ap fèt tanzantan». Ti fi piti yo ki reprezante 60 al 80% timoun ki rete ak moun, yo menm tou fasil pou pran SIDA akoz kadejak mesye nan kay yo fè sou yo.

Nan kèk mezi, yo vin ogmante sou kantite timoun ki gen SIDA ann Ayiti. Menm kote a, yo vin machann enfeksyon sa a. «Pwogram prevanzyon dwe vize, ankadre gwoup frajil sa yo epi ede yo gen yon konpòtman ki gen mwens danje». Se sa yon etid sou enpak SIDA an 1998, konseye.(*6)

Okenn nan enstans yo rekonèt yo, tankou Sant Gheskio, IHSI oubyen Enstiti ayisyèn lanfans, youn pa ka ba nou yon chif sou sa yo panse bò kote timoun nan lari yo.

Sou 20 fi CAFA yo, yo te fè yon tèst depistaj, sèlman gen 3 nan yo ki gen Sida e jodi a ankò, sant lan poko gen okenn lòt, se sa Madan Marseille fè konnen pandan li ajoute repitasyon moun k ap viv ak maladi Sida a ki mache bay timoun nan lari yo l se pa yon bagay yo bay enpòtans pandan yo pa asepte se yon bagay ki posib avèk move konpòtman timoun sa yo.

Konsa, ka sifilis, anemi, enfeksyon vajinal yo ou rankontre pi souvan bò kote tou 2, ni fi ni gason. La a ankò gen yon etid sou plan nasyonal ki dwe fèt.

Prizon: Yon kote tout moun wè yo pa respekte dwa timoun yo

Gen plizyè dizèn timoun ki gen ant 10 al 17 an ki akoupi nan prizon peyi a nan yon seri move kondisyon. Pandan yo pase sou kote lwa peyi a ki anpeche pou yo kenbe yon timoun nan prizon, timoun sa yo ki nan prizon swa pou yon senp ti bagay oubyen yon koz grav, byen souvan timoun yo pa gen chans pou wè yon jij ki pou ta panche sou ka yo a.

Timoun sa yo, lapolis mete nan prizon, polisye maltrete yo epi yo bat yo. Prèske mwatye nan medam CAFA yo, deklare yo te pase yon tan nan prizon epi 2 nan yo fè konnen lapolis te maltrete yo.

Direksyon Administrasyon Penitansye prizon sivil pou fi ak timoun yo rele Fò Nasyonal la, nan mwa avril 2002, te afiche nan rejis li yo yon kantite 31 timoun ki gen ant 13 al 17 an ladan yo te gen 3 fi.

Selon Madan Joseph Marymag Gracieux ki se direktris prizon an, pifò gason ki nan prizon an se timoun nan lari yo ye. Yo mete yo nan prizon paske y al vòlè ak zam, yo vyole moun oubyen yo fè yon ti vòl piti. «Depi 1999, nou pa genyen kondane nan yo, epi timoun yo pa konnen pou konbyen tan yo la nan prizon an. Nou genyen avèk nou timoun yo akize pou ti zak depi 3 an, san yo pa janm jije, malgre entèvansyon defansè timoun sa yo». se sa madanm nan afime.

Mèt Emmanuel Lacroix ki se jij pou timoun yo, deklare li pa konnen ka tout timoun ki nan prizon yo epi se pa toutan tribinal pou timoun yo toujou konnen tout ka vyolasyon yo.

Pou ane jidisyè 2000-2001 an, tribinal pou timoun te anrejistre 20 ka timoun ki nan prizon. Fò n pa bliye yo poko konnen ka timoun nan pwovens yo.

"Pa gen okenn lwa ki bay otorizasyon pou mete yon timoun nan prizon", se sa jij Lakwa deklare, li kontinye di, lalwa bay priyorite nan sa ki regade pwoteksyon timoun nan ka pwoblèm ak lalwa epi yo prevwa kote espesyal pou mete timoun sa yo ak tout libète yo anba siveyans lajistis. Men, soti nan sa ki ekri sou papye pou rive nan sa ki nan reyalite a, genyen yon gwo espas "paske pa genyen okenn estrikti pou resevwa kategori timoun sa yo", se sa jij Lakwa kontinye di.

Jij la di ankò, sou reny Divalye yo, yo te gen abitid mennen timoun yo arete yo nan sant akèy Dival Divalye, se la yo te konn jije yo tou. Men koulye a, sant sa a pa ekziste ankò, se Fò Nasyonal ki ranplase l oubyen pòs polis yo.

«Pafwa, mwen poze tèt kesyon, mwen mande, si timoun sa yo fè krim yo di yo fè a vre» se sa madan Grasye (Gracieux) panse, tèlman timoun sa yo parèt frajil. Èske prizon se yon kote ki anfòm pou reyentegre timoun sa yo? Se sa madanm nan ap mande tè t li. Pou plizyè rezon nou pa konnen, yo te anpeche nou vizite kacho "selil" kote yo fèmen timoun sa yo, nan konsa nou pa t gen chans fè entèvyou ak timoun sa yo.

Fwaye akèy yo manke mwayen

Nan ane 2000 la, Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch (IBESR) di li te anrejistre plis pase yon trantèn ofelina ak mezon akèy nan peyi a. Nan tan sa a, genyen k ap parèt epi genyen tou k ap fèmen pòt yo "akoz mwayen yo pa genyen"yo di. Nan sa yo pi konnen yo, ou kapab site Fwaye Lakay, Pwojè Pyè Tousen (Okap), Lafanmi se Lavi, Timkatèk, CEP, CAFA, Eskal, CAD, Timoun se Lespwa...

Anpil reskonsab fwaye akèy di yo gen pwoblèm lajan : «Mwayen nou pa ase pou pran reskonsablite timoun sa yo», se sa yo di. Gen kèk nan yo, se gras ak kèk koutman ONG peyi etranje yo ak don byenfetè yo voye ba yo pafwa. Y ap tann pou leta ayisyen ta pote koutmen pa l bay yo k ap travay nan devlopman an tou. «Se yon gwo espas ki genyen nan mitan enstitisyon yo, alò kalite kolaborasyon sa yo ta kapab gen tout enpòtans li pou ede fwaye yo kontinye kenbe espesyalman timoun yo». se sa yon reskonsab fwaye mande.

Sant yo pa kapab pran gwo chay sa a mete sou do yo, pou yo pran timoun nan lari yo san gouvènman pa genyen yon polotik global li reskonsab, nan sa aksyon yo ta kapab bay pi bon rezilta. Si se pa sa, se toutan ap gen yon ti chanjman nan pwoblèm nan, men sa p ap janm rezoud tout bon vre.

Kèk ekzanp nan entèvansyon fwaye akèy yo

Sant akèy ak kote timoun yo rete pran reskonsablite pou fè timoun sa yo rejwenn lavi timoun yo epi vin tounen sitwayen itil nan sosyete a. Lide yo chita sou kote kèk eleman enpòtan ki se vin jwenn yon lavi nòmal, fòmasyon eskolè, pwofesyonèl ak refè timoun nan reprann pèsonalite l kòm moun.

«Se nòmal pou montre timoun yo ou renmen yo e ou vle ede yo toutbon vre, rès la yo kapab fè l poukont yo», se sa Pè Simon, Timkatec, deklare.

Daprè anpil reskonsab fwaye akèy, kalite fòmasyon sa yo, yo fèt avèk entèvansyon devlopman pèsonèl. Men yo ta dwe mete plis pwogram nan enterè timoun sa yo ak pou entèvansyon yo byen reyisi, nan sa ki konsène envestisman pèsonèl yo.

Nan swiv tras Sen Jan Bosko, pè Atilo Stra fonde Lakay nan ane 1998, yon sant ki ede timoun nan lari yo, ti fi tankou ti gason, pou retounen vin mennen yon vi nòmal epi pou repran plas yo nan sosyete a.

Chanjman metòd entèvansyon bò kote timoun yo, pè Stra te mete sou pye yon estrikti kote plis pase 400 jèn nan lari ki gen ant 10 al 18 an benefisye aksyon 5 pwojè yo ofri ba li. Fòmasyon pwofesyonèl nan elektrisite, plonbri, refrijerasyon, kosmetoloji ak kouti, se sa yo aprann jèn ki nan fwaye Lakou ak Lakay yo.

Sant Aksyon pou Devlopman (CAD) chita nan katye Kafou Fèy, li travay ak anviwon 150 timoun gen 61 ladan yo ki antre nan pwogram chanje lavi sosyal. CAD ki fonde depi 9 an, li pote bay timoun yo edikasyon, swen sante ak yon pakèt aktivite ki pou fè yon gen kontwòl lavi ak devlopman yo. Pandan yo pa kapab jwenn yon edikasyon pwofesyonèl, yo nan estad edikasyon nonfòmèl.

Sant «Timoun k ap teke Chans» (Timatek», pè Salezyen Joseph Simon ki nan Petyonvil ap dirije, sant sa a gen 80 gason, ladan yo gen 40 ki anndan sant la nèt. Gen 6 an depi yo te kòmanse ranmase timoun sa yo nan lari a.

Nan epòk sa a, timoun sa yo ki gen ant 12 al 16 an, anpil nan yo te genyen revolvè yo te konn sèvi «pou yo pwoteje tèt yo» se sa yo di pè a. TIMKATEC ki gen yon lide ki pat genyen anvan, sant sa a chita sou 2 pwogram: edikasyon ak pwofesyon. Pandan fòmasyon yo, timoun nan aprann pran konsyans sou sa yo fè l kado yo, sou pèsonalite l, sou bèlte lanati ak limit reyèl li yo.

Se avèk fyète pè Simon fè konnen 30 nan timoun li yo nan 4 garaj kote y ap aprann mekanik oto, lòt yo, apre yo fin fè klas sètifika yo, yo voye kay frè Salezyen yo la vil la.

« Nou eseye mete nou nan plas yo pou n kapab pi byen konprann yo, epi fason nou aji avèk yo a chanje nèt atitid popilasyon an pou yo», fwaye Pyè Tousen.

Fwaye Pierre Toussaint ki nan Okap gen anviwon 80 gason lari gen 24 ladan yo ki rete andedan an sèlman. Fwaye sa a 2 jèn ameriken a dirije ak yon ekip travayè sosyal ayisyen, li jwe nan yon premye tan yon wòl akonpayman pou timoun nan lari yo.

«Nan mete sou kote tout atitid leson moral, nou asepte gason tankou jan li vini an e se tanzantan, y ap rann yo kont, y ap evolye poukont yo (gras ak endikatè ki te la davans la) si pa gen okenn chanjman bò kote yo, yo pa kapab fè sa yo vle nan fwaye nou an, se sa Andrew Schulteis deklare.

Timoun sa yo gen posiblite pou yo aprann li byen vit gras ak yon adaptasyon tounèf ki marye ak sitiyasyon y ap viv la nan metòd Monntesouri. Yo gen ekip foutbòl yo, sa ki ap fè pi gwo klas yo, al nan pi bon lekòl lavil, menm jan ak tout lòt itmoun. Alò sa ki ta vle tounen al jwenn fanmi yo, sant la pa dekouraje yo nan wout sa a.

Odney ki gen 22 an pase 2 an nan fwaye Lakay. Akoz li te gen twòp laj lè edikatè a te rankontre l la, sa fè li pa t gen chans menm jan ak 86 timoun yo koulye a ki soukont fwaye a nèt. Menm jan an tou atelye Lakou ki nan boulva Ari Toumann (Bisantnè) timoun yo kapab aprann elektrisite tou.

Nan ane 1997, li te kite lakay li akoz yon tonton l t ap fè l pase mizè. E papa ak manman l mouri. Li rive nan klas elemantè 2, li pa janm kapab ale lekòl ankò.

Nan lari, li te konn siye machin. Li kontan dapre li nan fwaye Lakay e li kapab aprann yon metye ki ede l goumen ak lavi a. Epoutan, li prezante pwoblèm pwojè a ki pa kontinye a. «Pafwa m travay pou moun. Apre sa m p ap fè anyen. M ta renmen jwenn yon atelye ki kapab ede m travay chak jou». se sa li di.

Nan tout rejyon Karayib ak Amerik Latin nan, ou jwenn kalite entèvansyon sa yo pou timoun nan lari. Tankou entèvasyon ki ede timoun sa evite delenkans, Sida, kriminalite ak lanmò. Casa Alianza se youn nan moun tout moun konnen paske li te trennen devan lajistis yon ekip polisye peyi Gwatemala poutèt polisye sa yo te touye yon ti gason 12 an.

Leta pa byen patisipe

«Envesti pou timoun yo, se pi bon kote yon gouvènman kapab envesti», dapre rapò mondyal UNICEF pou ane 2002 a.

Se yon pakèt lwa yo te prevwa pou garanti respè dwa timoun ak adopsyon dispozisyon tou nèf ki ta pral vize pou yo pran reskonsablite timoun ki nan move sitiyasyon yo ak respè dwa tout timoun san diskriminasyon, e se ak anpil chalè gouvènman an te salye mouvman mondyal pou timoun yo nan mwa avril 2001 an, men malerezman anpil nan pwogram ki te pwomèt yo rete ap dòmi nan tiwa.

Se enstitisyon prive yo ak ONG yo ki pran reskonsablite timoun nan lari yo. Menm lè leta fè sanblans l ap aji pa rapò pwoblematik timoun yo an jeneral (yon lwa kont move tretman te depoze nan palman an epi yo te nonmen 3 jij pou timoun nan ane 2001 an, men sèl grennn sant akèy piblik peyi a pa la ankò) pwoblèm timoun nan lari yo rete menm jan an, y ap tann bon jan aksyon ki pou fèt pou vin refè l mache.

Yon sitiyasyon yo prezante nan Rapò altènatif sou dwa timoun yo, Kowalisyon ayisyèn pou defans dwa timoun (COHADDE) ki gen plis pase yon trantèn òganizasyon k ap travay pou fè yo respekte dwa timoun ann Ayiti, kòdone.

Kòman timoun yo wè aktivite sant yo?

Fwaye akèy yo ki ouvè oubyen fèmen ak ofelina yo bay timoun yo posiblite pou jwenn manje, edikasyon, swen sante, fòmasyon pwofesyonèl ak nan anpil ka, kote pou yo rete, yon fason ki plizoumwen regilye. Timoun nou te poze kesyon yo di, yo renmen travay sant sa yo te fè pou yo a. Kèk nan yo di yo pa gen dwa janm tonbe nan vi vakabondaj ankò, alò lòt yo prefere jwi posiblite sant lan ba yo lajounen, epi leswa yo tounen al mennen lavi yo.

«Mwen twò gran pou sant lan kontinye reskonsab mwen», men si se pat Lakay, mwen t ap toujou nan lari a. Se reskonsab sa yo ki lwe yon kay nan Site Letènèl (yon katye popilè Matisan) se nan kay sa a kèk lòt timoun ki pa gen kote pou yo rete avè m abite», se sa Odne yo te rankontre nan pwojè pè Stra, rakonte.

«Akoz mwen frekante sant la, mwen pi byen pran swen kò m», se sa Herve ki gen 17 an deklare. L ap viv nan lari. L ap lave machin, men li desann sètifika depi 1994. Li pa vle kite lari a paske ladan l li fè anpil lajan. Gras ak sant la depi kèk mwa l ap travay ak yon «bòs metal». Li kontan l ap aprann yon metye, men li poko pare pou l kite lari a. Li fè konnen lari a danjere se vre, men lari a bay lòt avantaj.

Nolis gen 13 an, l ap fè 3èm ane fondamantal epi l ap viv nan fondasyon Timoun se Lespwa pè Louisimond ap dirije. Li vle vin yon mekanisyen. Li pa vle janm tounen nan lari a ankò paske kote li ye a, li santi l «an sekirite epi li pa oblije defann li kont sa k pi gran pase l yo».

Nadine gen 22 an e jodi a l ap mande tèt li sa li t ap tounen si CAFA pa t ede l pandan yon kantite tan e ki fè l kite lari. Koulye a, l ap poze pwoblèm avni l, lè CAFA oblije lage l pou yo kapab pran lòt ti fi nan lari.

Ki avni pou timoun nan lari sa yo

«Avni an pa byen prezante pou timoun sa yo, sitou sou sitiyasyon politik la, manke sèvis sosyal ki dire, paske li anpire enpas sèvis sosyal ak ekonomik ki manifeste menm jan pou timoun sa yo ki deja nan lari menm jan ak anpil lòt ankò ki pa nan lari a. se sa doktè Francoise Pontik anonse.

Timoun ki rive nan lari a kouri pou yon move lavi epi chache yon solisyon. Lè solisyon sa yo ki se dwa pou yo jwenn edikasyon, sante ak lwazi, 3 nan dwa fondamantal sa yo pral byen respekte, p ap gen okenn pretès pou y al nan lari a. «Se pwoblèm de baz la ki ijan pou rezoud», se sa père Simon Timkatec deklare.

Pandan n ap abòde kesyon an ak timoun yo, yo montre yo pesimis anpil parapò ak sa y ap tounen. Stigmatizasyon ak endiferans se zam ki pi kapab touye moun ou kapab sèvi kont timoun sa yo. Timoun sa yo anpil moun konsidere tankou yon fenomèn yo pa ka esplike nan sosyete a, se konsa yo menm tou mete nan tèt yo, yo pa itil anyen.

Rony gen anpil rèv nan tèt li, tankou kouri youn nan machin kous ki rapid anpil yo li konn ap gade nan televizyon, nan gwo magazen nan mitan lavil la yo. Men bon «li lè pou m kite reve, epi pou m di tèt mwen sa p ap janm rive fèt, m p ap janm gen chans sa a», se konsa li di tankou yon moun ki sot nan yon rèv.

Madan Estephanie Conrad ki se reskonsab relasyon piplik nan Plan Ayiti, fè konnen òganizasyon l lan òganize yon patenarya ak "Save The Children" nan mwa desanm 2002 nan pwojè li nan sa ki rele: «Yon repons san pèdi tan nan kesyon fi ak gason nan lari yo», nan bi pou kolabore nan fè konnen sitiyasyon timoun nan lari, ranfòse enstitisyon k ap travay ak timoun yo, ba yo sèvis sosyal tou, mennen aktivite pledwaye ak pwopoze solisyon ki kapab kenbe pou sitiyasyon yo a.

« Anpil nan timoun nan lari sa yo, reskonsab tèt yo byen bonè, yo chache tout mwayen pou yo pwoteje tèt yo epi pou yo kapab viv, e anpil fwa pou yo kapab ede fanmi yo tou, men fòs ak potansyèl nou bezwen make nan chak entèvansyon nou yo», se pou sa Stefanie Conrad, Plan Ayiti, plede.

Kèk reskonsab sant akèy, pale sou kontinite aksyon yo kòmanse. Nan sans sa a, yo ta renmen gen lajan pou yo al sèvi pou ankadre jèn li reyentegre yo epi revoye yo nan fanmi kote yo te soti a e anpeche yo tounen nan menm sitiyasyon lontan an.

Efò sa yo ak anpil lòt te deja fèt depi anpil ane ann Ayiti. Epoutan, li rete ankò pou pouvwa piblik la nan menm tit ak patikilye yo gen anpil chemen toujou ki rete pou yo fè pou fini ak pwoblèm sa a.

Paske «Si ou vle lapè, fò ou bay lajistis». Sa pa dwe rete yon sèl fraz. E se jistis sosyal yo tout dwe genyen pou yo kabap bay timoun nan lari yo.

Kèk nan enstitisyon nou te kontakte

Aide à l'Enfance Canada (Save the Children Canada)
8 Imp Baron, Ave Jn Paul II, Turgeau
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-2101/0243
E-mail: aecanada@haitiworld.com

Casa Alianza
Bureau pour l'Amérique Centrale
Apartado 1734-2050
San Pedro, Costa Rica
Tel: (506) 253-5439
Fax: (506) 224-5689
Email: info@casa-alianza.org
Resp. Bruce Harris

Centre d'Appui pour le développement (CAD)
14, rue Bredy, Carrefour-Feuilles
Port-au-Prince, Haiti
Resp. Mme Marline Mondésir

Centre d'Appui Familial (CAFA)
Rue Mgr Guilloux, Morne Lélio
1, rue Cangé
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 222-1005

Centre d'éducation populaire (CEP)
10, rue Saint- Gérard
Carrefour-feuilles
Port-au-Prince, Haiti
Resp :Jean-Robert Chéry

Coalition Haïtienne pour la défense des droits de l'Enfant (COHADDE)
23, 3ème Avenue du travail
Port-au-Prince, Haiti

L'Escale Fontaine Duvivier
Drouillard
P.O Box:495
Port-au-Prince, Haiti
Tel. : (509) 238-3820
Resp. Dr. Nadine Burdet

Fondation Timoun se Lespwa
24, Bergeau, Delmas
Port-au-Prince, Haiti
Resp. Frère Jean Cefenor Louisimond
Tel: (509) 245-0251

Foyer Pierre Toussaint, Cap-Haïtien
Rue 13
Cap Haïtien, Haiti
Resp. Douglas Perlitz/Andrews Schulteis

Lakay
1, rue des Salesiens, la Saline
Port-au-Prince, Haiti
Tel. (509) 510-7137

Plan-Haïti
3, impasse Lily, Rue Stephen, Delmas 60
Port-au-Prince, Haiti
Tel : (509) 510-9471
Contact : Stefanie Conrad, Nicole Pierre-Louis

LASAF, Jacmel
Resp. Pierre Antoine Jean (Familus)
Place Louverture à l'int. No 47,
Jacmel, Haïti

Village d'enfants SOS (fermé depuis)
Santo 19, Croix-des-Bouquets, Haiti
Tel. (509) 238-1134
Resp. Pierre Michel André

Nòt

  1. Lè nou di timoun nou pale de tout sa yo ki poko gen 18 an.
  2. Frantz Lofficial, Lakay, un foyer pour les enfants de rue, UNICEF, mars 1998.
  3. Sa vle di 1,440 ti fi nan 8,000 yo te di a
  4. Selon liv La domesticité en Haïti-IPSOFA,1999.
  5. Kalkil sa a fèt nan moman atik la t ap ekri a
  6. Eric M.Gaillard, E. Génécé, B. Liautaud, L. Eustache et J.W Pape

Media Briefing Index